21/07/2025
Yon Pati Nan Listwa Peyi Dayiti
20 jiyè 1953, Léon Dumarsais Estimé, petèt, prezidan ayisyen ki te genyen plis volonte pou refè eskanp figi peyi l epi ede pèp la pran yon souf, mouri nan New York. Jeneral-Prezidan, Paul-Eugène Magloire fè rantre ak kadav li Ayiti epi ofri li yon antèman ofisyèl.
Lè w tande yon bèl jès konsa fèt, ou kapab di ke Magloire onore bon zanmi l ak yon bèl fineray… men, Estimé mouri an ekzil e se menm Magloire sa a ki te pouse do l.
« 𝙇𝙚 𝙃𝙖𝙪𝙩 É𝙩𝙖𝙩-𝙢𝙖𝙟𝙤𝙧 𝙥𝙧é𝙘é𝙙é 𝙥𝙖𝙧 𝙡𝙚 𝙘𝙤𝙡𝙤𝙣𝙚𝙡 𝙈𝙖𝙜𝙡𝙤𝙞𝙧𝙚 𝙚𝙩 𝙨𝙚𝙨 𝙤𝙛𝙛𝙞𝙘𝙞𝙚𝙧𝙨 𝙙𝙚𝙨 𝘾𝙖𝙨𝙚𝙧𝙣𝙚𝙨 𝘿𝙚𝙨𝙨𝙖𝙡𝙞𝙣𝙚𝙨, 𝙖𝙧𝙢é𝙨 𝙙𝙚 𝙢𝙞𝙩𝙧𝙖𝙞𝙡𝙡𝙚𝙩𝙩𝙚𝙨, 𝙥é𝙣è𝙩𝙧𝙚 𝙙𝙖𝙣𝙨 𝙡𝙚 𝙗𝙪𝙧𝙚𝙖𝙪 𝙙𝙪 𝙥𝙧é𝙨𝙞𝙙𝙚𝙣𝙩 𝙚𝙩 𝙡𝙪𝙞 𝙙𝙚𝙢𝙖𝙣𝙙𝙚 𝙙𝙚 𝙨𝙞𝙜𝙣𝙚𝙧 𝙨𝙖 𝙡𝙚𝙩𝙩𝙧𝙚 𝙙𝙚 𝙙é𝙢𝙞𝙨𝙨𝙞𝙤𝙣» 𝙦𝙪’𝙞𝙡𝙨 𝙖𝙫𝙖𝙞𝙚𝙣𝙩 𝙥𝙧é𝙖𝙡𝙖𝙗𝙡𝙚𝙢𝙚𝙣𝙩 𝙥𝙧é𝙥𝙖𝙧é𝙚. 𝙇𝙚 𝙥𝙧é𝙨𝙞𝙙𝙚𝙣𝙩 𝙀𝙨𝙩𝙞𝙢é 𝙤𝙗𝙩𝙚𝙢𝙥é𝙧𝙖.
Aprè li fini pase 10 jou nan prizon anndan lakay li, prezidan Estimé ak madanm li, Lucienne Heurtelou epi 3 pitit yo, ti katkat oblije pran direksyon États-Unis anvan yo mete tèt pou Paris. Pou li ka pi prè peyi l, 23 janvye 1951, li ak fanmi l anbake sou bato “le Colombie”, pou vini tabli yo nan peyi Bob Marley.
Lè bato a rive sou waf Kingston, imigrasyon pa dakò yo desann, paske prezidan Magloire te voye Lucien Chauvet di otorite jamayiken yo ke misye se yon menas pou Ayiti.
Alexander Bustamante, ki te majistra Kingston epi chèf pati travayè yo pral wè ke bagay sa a se yon mank dega pou yon lòt peyi ap deside kiyès ki gen dwa antre sou sòl peyi li.
Li pral monte sou bato a, salye prezidan an ak fanmi li, mete yo nan machin li, mennen yo nan lotèl. Kèk jou an aprè li pral akeyi yo lakay li menm ki te chita nan avenue Tucker.
Aprè yon lane Jamaïque, fanmi an fè lanavèt an France epi New York jiskaske maladi kè ak urémie pote prezidan an ale 20 jiyè 1953.
Sous:
Anthony Georges-Pierre, Dumarsais Estimé, l'homme, l'œuvre et les idées
Dr. Augustin Mathurin, M.D., “Bicentenaire de la Fondation de Port-au-Prince,1749-1949: Exposition Internationale, 8 décembre 1949 - 8 juin 1950 – A la mémoire du grand Président Léon Dumarsais Estimé”