03/12/2020
L'INFO/Ayiti/Kilti: Team Kolabo, mizik se
Aprè plizyè eksperyans ak konba Team Kolabo pou rive chita kòl nan sèktè mizikal ayisyen an, jèn sa yo deside ak demand Yesmedia pou rakonte piblik la kisa mizik ye pou yo. Nan yon tan ki pa depase 4 minit, rapè Bad, Fleo, H-Taliban ak chantez Vanou mete tèt yo ansanm epi pwodui mòsò sila « mizik se ».
« Mizik se avni m,
mizik se lavni m,
se ak li m pataje avi,
e map di n: nan mwen li la... », se sou ansanm mo sa yo premye eleman enfòmasyon sou sa mizik ye pou Team lan vèsyon mizikal sila tanmen. Kèk maryaj mo ak fraz ki montre enpòtans yon za konsa pou mesyedam yo.
Si objektif la "se espere anpil moun koute mizik sa, koz ladann w ap ka konnen kisa mizik reprezante pou nou chak manb Team kolabo" eksplike sèl grenn chantèz gwoup la, Vanou; ebyen konpozisyon sa se yon montaj korèk ki mande pou pran tan w pou byen apresye l.
« M pa ka chanje mizik
men mizik chanje lavi m...
Mizik se jwa, li se zam mwen
menm lè m pa fè seza men
Ladan m poko ka fè pil manni menm djòs stil ap fè l ak lòv... » se kék ba nan vès rapè Bad ki sifi pou konprann lanmou rapè a pou mizik pou wòl li jwe nan lavi l.
Nan lide pou mete chapo atè pou sa mizik fè pou yo, nou pral retwouve chantez Team lan nan yon vèsyon rap ki byen chita. Yon sipriz petèt anpil fanatik pat atann.
« Mizik se limyè ki la pou klere chimen m,
E l se mwayen transpò ki la pou mete m pi lwen...
Ou pantan man, lè w tande l ame karaktè m.
Mizik se lavi, li plis ke papye kay atè m », se kèk pawòl Vanou r**e sou trak sa.
Yon 4 ba ki ka sifi pou rezime vès chantez la sou manifestasyon byenfè mizik nan lavi l.
« Mizik konplete vid ou ka konn sa si w se yon fou melomàn...
Di m kite melodi mennen m...
Depi gen son, gen amoni m ka danse,
m pa bezwen konn sa k ap di...
Menm machan kap pwonmennen gen amoni yow... », byen chita, ak metriz Fleo ap rakonte kijan pafwa mizik ka mennen l nan yon lòt dimansyon san l pa pote atansyon ak pawòl ki ap travèse sou enstrimantal la. Yon fason pou rapè a pou l remesye mizik pou egzistans li nan lavi l.
Pase pran Bad rive sou H-taliban pou met boutofen ak melodi sila, li estime mizik se tout bgy ki bay sans ak lavi chak moun. Sitou lè l fè konprann mizik se kominikasyon pou tout moun, menm sa ki te ka gen yon andikap, konprann.
« Mizik fè m aletaj
Wi, li fè m alekstaz
Li se yon lang inivèsèl ki fè m sipè agreyab
Se pa Pipo ak Richie k ap fè m konnen mizik klas
Imajine mond lan san zik, latè t ap san filing ras.»
Senk vè ki sifi pou rapè H-taliban rezime jan mizik fè yon sèl ak lespri chak grenn manb nan Team Kolabo, men tou gwo enpòtans mizik nan lavi chak lòm nan mond lan.
Juhakenson Blaise
L'INFO