14/07/2022
(M tonbe sou Pòs sa sou Paj "Fanm Eklere a")
Fidelite se yon chwa , se Moun nan ki konnen Èske li dwe fidèl ou pa , Ou paka fòse moun fidèl men ann pran yon egzanp :
2 Moun ki marye yo ta gen 4 Pitit : 2 fi , 2 gason, Papa a gaye Chak Jou lap Sòti avèk yon fanm diferan, epi MANMAN an di Mwen lib map fè menm jan an epi Chak Jou li Sòti avèk yon nèg diferan pou pwouve libète e egalite avèk papa a nan salte papa a ap fè'a , epi ti gason yo chwazi swiv menm tras papa'a , tifi yo di Manman 'm te konn Sòti avèk plizyè nèg nan figi 'm Map swiv tras Manman'm ou wè ki tip sosyete kap vin genyen ? Papa ap dòmi deyò , Manman di map dòmi deyò tou ? Kisa timoun sa yo pral devni? Fanm Eklere , repanse bagay yo.
M dakò Nap goumen kont vyolans sou fanm men gen modèl konsèy ki pa nesesè kap endwi Moun nan erè, Aprann mesye yo konnen pito: Bòbòt fanm nan se pou li , li fè sa li vle avè'l ou paka pi sansib pou bòbòt fi a ke li , Ou Santi'w paka rete mache pòs ou dèyè on lòt bòbòt pa leve zig yo sou fanm pou enfidelite men Jan wap lage a la pou dosye libète sa ap gen Twòp fanmiy pwostitiye nan chèche libète egalite nan vi bouzendri.
PS: Yon fanm ki fidèl pap janm chwazi fè menm jan avèk yon nèg kap Mache lote fanm a goch adwat lap jis kite'w li pran yon lòt paske'l gen yon pèsonalite ak diyite'l ki pwòp a li Menm + repitasyon'l , menm jan pou Yon gason ki fidèl li paka rete avèk fanm nan lap jis lage pye'l dousman san bri San kont, Goumen pito paske anpil nèg panse depi yo depanse 1 goud pou yon fanm ke fanm sa se byen prive yo, yo gendwa sou Lavi li.