11/06/2026
ANTÈMAN KADEN, ALYAS “KOUZEN”, FÈT JODI MEKREDI 10 JEN 2026 LA
Se avèk anpil emosyon ak respè dènye omaj yo te rann defen Kaden, alyas “Kouzen”, pandan yon seremoni relijye ki te dewoule nan Legliz Advantis Tomasik la jodi mèkredi 10 jen 2026.
Apre seremoni an, fanmi, zanmi ak pwòch defen an te pran direksyon wout Dalegran, kote fanmi an genyen abitasyon pa li, pou akonpaye li nan dènye vwayaj li epi depoze kò li pou letènite.
Nan moman doulè sa a, nou prezante senpati nou bay tout fanmi ak zanmi ki afekte pa depa sa a. Ke nanm li repoze an pè.
Medya Tomasik Talan 🔥
Pou yon lot Tomasik