Radio Exposition FM

Radio Exposition FM Bienvenue sur la page officielle de Radio Exposition FM

27/08/2026

Me Réginald Calixte enskri kòm elektè
Mèkredi 26 out 2026, Me Réginald Calixte te enskri kòm elektè nan kad pwosesis elektoral la. Apre demach li a, li voye yon mesaj bay popilasyon an, li ankouraje sitwayen yo pou yo al enskri pou yo kapab patisipe epi vote nan pwochen eleksyon yo. Li envite tout moun pran responsabilite yo kòm sitwayen epi fè demach nesesè pou yo ka egzèse dwa yo nan moman eleksyon yo. Radio Exposition FM

26/08/2026

Mèt Réginald Calixte fè pye Sòl nan vil senmak jounen mèkredi 26 out 2026 la, deja anviwon yon santèn Manm popilasyon deja prezan pou akonpanye l. Radio Exposition FM

Tanbou Pale mande ankèt sou jesyon Lopital Sen Nikola; Dr. Alcy Chovel pase nan kontreatak !Òganizasyon Tanbou Pale depo...
06/07/2026

Tanbou Pale mande ankèt sou jesyon Lopital Sen Nikola; Dr. Alcy Chovel pase nan kontreatak !

Òganizasyon Tanbou Pale depoze yon denonsyasyon devan pou mande yon odit sou jesyon Lopital Sen Nikola (HSN). Nan lèt li voye bay enstitisyon an, òganizasyon an fè konnen li resevwa plizyè plent sou swadizan move jesyon, nepotis ak lòt iregilarite, epi li mande pou yon ankèt fèt pou verifye akizasyon sa yo.

An menm tan, Direktè Lopital Sen Nikola a, Dr. Alcy Chovel, reponn sou plan legal. Atravè avoka li yo, li some Djeff Jérôme, Richardson Fils-Aimé ak Peterson Camille devan Tribinal Premye Enstans Senmak pou difamasyon.

Daprè sitasyon an, direktè a akize yo dèske yo ta fè deklarasyon piblik ki sal repitasyon li, tandiske li mande lajistis pou fè limyè sou dosye a.

Pandan nan konferans pou Laprès yo ta akize plizyè pèsonèl nan lopital ki ta piye lajan lopital la.

Radio Exposition FM

22/06/2026

Chèf Otodefans rezistans Chandèl la pran chimen laprès poul demanti tout enfòmasyon Ti Nicolas fè Kont li aprè gwo eskandal tire katouch poul vin akapare tèren l'ETA yo nan zòn dèyè moulen. Radio Exposition FM

17/06/2026

Pon Fleranso a pral fèt, nou deja pale ak Minis la pou travay yo kòmanse rekonstwi, daprè Mèt Reginald Calixte

Prezidan donè FOS-LA a, Mèt Reginald Calixte, ak kèk manm ekip li, te vizite espas kote Pon Fleranso a te ye nan vil Sen Mak. Pon sa a, ki kraze depi plizyè tan, kontinye lakòz gwo difikilte pou popilasyon an sikile.

Pandan vizit la, Mèt Calixte fè konnen li deja pale ak Minis Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon (TPTC) a, ki ba li garanti travay rekonstriksyon pon an ap kòmanse. Li fè konprann rekonstriksyon enfrastrikti sa a se yon ijans pou kominote a epi li pral kontinye fè swivi dosye a ak otorite yo. Radio Exposition FM

15/06/2026

Sant Ospitalye Nouvèl Espwa selebre 3 lane egzistans li nan Senmak

Nan okazyon 3yèm anivèsè Sant Ospitalye Nouvèl Espwa, ki chita nan lokalite Frésino, Sen Mak, dimanch 14 jen 2026, Doktè Richarles Marie Migline Thomas anonse ouvèti plizyè nouvo sèvis pou pèmèt pasyan yo jwenn plis swen ak pi bon sèvis.

Jounen an te make pa yon moman lapriyè ak adorasyon pou rann Bondye glwa pou twa lane fondasyon an ap sèvi kominote senmakwa a. Yon inisyativ ki kontinye pote espwa ak asistans medikal pou popilasyon an. 🏥🙏🇭🇹

Radio Exposition FM

03/06/2026

Grande Saline : Biwo Ajans Lokal Enpo a relouvri pòt li

Jounen madi 2 jen 2026 la, Biwo Ajans Lokal Enpo (ALI) nan komin Grande-Saline relouvri pòt li ofisyèlman pou sèvi popilasyon an.

Seremoni relouvèti a te fèt an prezans direktè depatmantal Latibonit la ansanm ak responsab biwo DGI Senmak la, Mèt Adlet.

Relouvèti biwo sa a reprezante yon etap enpòtan pou sitwayen Grande Saline yo ki pral kapab jwenn sèvis fiskal yo pi fasil san yo pa bezwen deplase ale nan lòt komin.

Responsab yo te pwofite salye inisyativ sa a ki vize rapwoche sèvis leta yo ak popilasyon an pandan y ap amelyore sèvis k ap bay kontribyab yo nan komin nan.

16/05/2026

Mirason DORCENT enstale nan tèt Pwogram Kantin Lekòl Nasyonal ( ) nan komin senmak Balatibonit jounen vandredi 15 Me 2026 la. Radio Exposition FM

11/05/2026

Rishkard Salomond pran chimen Laprès pou yon jèn gason ki rele pran imaj li poste l sou Tik Tok dil se vòlè tè ak vòlè kabrit, Salomond demanti tout enfòmasyon sa yo e li fè konnen li son eritye, Radio Exposition FM

Machann kap vann devan Lopital Sen Nikola yo opoze ak desizyon Dr Lopital ak administrasyon an ki vle retire yo. Yo mand...
07/05/2026

Machann kap vann devan Lopital Sen Nikola yo opoze ak desizyon Dr Lopital ak administrasyon an ki vle retire yo. Yo mande entèvansyon Minis Sante Piblik la pou vin verifye kijan lopital la ap jere avan yo deplase yo.

Dapre machann yo, responsab yo te akonpanye ak Lapolis jounen jedi 07 Me 2026 la pou baeyo dèle 4 Jou pou yo leve devan, toujou daprè machann yo gen lòt pwoblèm ki pi enpòtan pou regle, pandan aktivite yo ede yo viv chak jou. Se yon sitiyasyon nap ret swiv

Radio Exposition FM

Adresse

Florida
Ti Port-de-Paix
33310

Téléphone

+50947476695

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Radio Exposition FM publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager

Type