KLÈB ASÒTÒ

KLÈB ASÒTÒ Kontinye swiv KLÈB ASÒTÒ sou tout rezo yo. Pa bliye komante, pataje epi peze bouton abone a. KLÈB ASÒTÒ

Yon kay ki koule, lè gen solèy, li ka sanble solid. Men lè lapli rive, verite a devwale.Se konsa tou ak tout sa nou kach...
10/06/2026

Yon kay ki koule, lè gen solèy, li ka sanble solid. Men lè lapli rive, verite a devwale.

Se konsa tou ak tout sa nou kache, tout sa nou evite gade an fas, tout pwoblèm nou remèt pou demen. Leta ka pase ane ap eksplike l devan kamera, men kan lè aksyon yo rive, tout fayit yo soti. Yon moun ka pase ane ap fè bèl, men lè prèv la tonbe, tout fasad la kraze.

Klèb Asòtò kwè nan verite a, menm lè li fè mal, menm lè li pa fasil pou di. Paske se sèlman sou verite nou ka bati yon bagay ki vre.

Ki verite ou panse li poko parèt nan peyi nou ? ⬇️

Yo te ka rache nou nan tè nou, yo te ka efase non nou, yo te ka eseye enpoze nou yon lòt modèl sivilizasyon… Men yo pa t...
05/06/2026

Yo te ka rache nou nan tè nou, yo te ka efase non nou, yo te ka eseye enpoze nou yon lòt modèl sivilizasyon… Men yo pa t ap janm ka toujou sa ki nan pwofondè nanm nou.

Pito nou lèd nou la, se yon deklarasyon rezistans. Se sou rasin sa yo nou pral bati bèl vizaj sosyete nou an!

24/05/2026

Kilti a pa nan liv sèlman. Li vivan, li soufle, li danse.Klèb Asòtò la pou kenbe flanbo sa a limen.
22/05/2026

Kilti a pa nan liv sèlman. Li vivan, li soufle, li danse.
Klèb Asòtò la pou kenbe flanbo sa a limen.

Bòn fèt drapo !Bòn fèt linivèsite !
18/05/2026

Bòn fèt drapo !
Bòn fèt linivèsite !

17/05/2026

29/04/2026

Wòl fanm yo nan listwa Dayiti pat janm yon ti zafè, menm si souvan yo rete nan lonbraj. Depi nan tan lontan jouk jounen jodi a, fanm ayisyèn te toujou leve kanpe pou defann diyite yo ak pou pote chanjman pou bati yon sosyete miyò.
Nou sonje yon ewoyin tankou Catherine Flon, ki te koud drapo premye pèp nwa ki deklare Tèt li endepandan an, Sanite Bélair ki te bay lavi li pou libète peyi a. Cécile Fatima manbo ki te ofisye seremoni bwa Kayiman. Men gen anpil lòt fanm ankò non yo pa janm site nan listwa men ki te fè gwo sakrifis pou Peyi a.

Se poutèt sa li enpòtan pou nou bay ewoyin yo plas yo merite nan listwa nou. Lè nou rekonèt kontribisyon fanm yo, nou pa sèlman rann yo jistis, men nou louvri chemen pou jenerasyon k ap vini yo. Fi ak tifi yo bezwen wè modèl fanm ki fò, ki entèlijan, ki kapab pran desizyon epi mennen.

Yon sosyete ki bliye fanm li yo ap pèdi yon pati nan memwa li ak fòs li. Lè nou mete fanm yo an valè, nou ede konstwi yon avni kote egalite ak respè se baz relasyon nou. Se responsablite nou pou n kontinye rakonte istwa yo epi ankouraje tifi yo pou yo kwè nan kapasite yo.

Yo te ka wete n nan tè Afrik la, men jamè yo pa t ap ka pran sa ki te nan nanm nou.Ki moun nou ye lè nou fin wete tout c...
26/04/2026

Yo te ka wete n nan tè Afrik la, men jamè yo pa t ap ka pran sa ki te nan nanm nou.

Ki moun nou ye lè nou fin wete tout chenn ki nan pye nou?
Ki moun nou ye apre Vètyè?

Adresse

Delmas

Téléphone

+50936624826

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque KLÈB ASÒTÒ publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager