Kil.TV

Kil.TV Byenveni sou Kiltv (Kilti TV)
Yon espas kreyatif ki mete limyè sou kilti ak lang kreyòl Ayisyen an.

Misyon nou ?
-Bay lang kreyòl valè li merite
-Montre richès kilti nou
-Edike pandan n ap divèti.

👉 Suiv nou, pataje, epi viv eksperyans lan ansanm !

Sa fè 9!
18/08/2023

Sa fè 9!

Yon lòt randevou lanmou ak Mèg Black ! Ak 750 goud w ap gen yon liv, yon mayo dizay, yon byè, yon foto.Nan kad menm akti...
16/08/2023

Yon lòt randevou lanmou ak Mèg Black !
Ak 750 goud w ap gen yon liv, yon mayo dizay, yon byè, yon foto.
Nan kad menm aktivite sila a ap gen pèfòmans anpil atis ak gwoup. pami yo nou ka site Atelye Tanbou Plen minwi , Kech, NLM, Craft, Berlove elt

Bon nouvèl pou fanatik eslam yo, espesyalman fanatik Kerrybens96 yo! Rekreyasyon an fini🤗Opak MNG
16/08/2023

Bon nouvèl pou fanatik eslam yo, espesyalman fanatik Kerrybens96 yo! Rekreyasyon an fini🤗
Opak MNG

Kisa yon vèvè ye? Kijan nou kapab trase yon vèvè? 2 Novanm ki sot pase la, Maxo Jean-Louis te anime yon atelye nan Cool ...
19/11/2022

Kisa yon vèvè ye? Kijan nou kapab trase yon vèvè? 2 Novanm ki sot pase la, Maxo Jean-Louis te anime yon atelye nan Cool corner sou kesyon sa yo. Yon atelye ki te gen plizyè dizèn patisipan ki temwanye satisfaksyon yo apre plis pase 2è ap pratike.
Fòk nou presize, atelye sila a te fè plas ak yon klas dans toujou nan kad aktivite sila a. KilTV ap envite w suiv dewoulman aktivite a nan imaj sa yo.
📸 : PMT Photography , Whisly N***e Providence

VIV NAN PEYI SA ! se anba tèm sila a, Association KIT bay gran piblik la randevou, soti 4 pou rive 10 Desanm k ap vini l...
17/11/2022

VIV NAN PEYI SA ! se anba tèm sila a, Association KIT bay gran piblik la randevou, soti 4 pou rive 10 Desanm k ap vini la a pou 4e edisyon RENCONTRE DU DOCUMENTAIRE EN HAÏTI.

Annatandan 19e estidyon festival li a, k ap fèt soti 21 Novanm pou al bout 3 Desanm 2022 k ap vini la a anba tèm SOU LAN...
15/11/2022

Annatandan 19e estidyon festival li a, k ap fèt soti 21 Novanm pou al bout 3 Desanm 2022 k ap vini la a anba tèm SOU LANMÈ "Association quatre chemins" fè soti yon kalandriye aktivite pou anonse evènman an. N ap envite w fè yon kout je!
Festival Quatre Chemins

Malgre move moman peyi a ap travèse, sa pat anpeche plizyè milye moun soti al fete gede nan dat ki te 2 Novanm 2022 a. A...
15/11/2022

Malgre move moman peyi a ap travèse, sa pat anpeche plizyè milye moun soti al fete gede nan dat ki te 2 Novanm 2022 a. Ann gade ansanm kijan sa te ye, nan gran simityè Pòtoprens, nan imaj sa yo.
📸 PMT Photography Whisly N***e Providence

Ekri nou pou tout aktivite kiltirèl ak atistik ✌️🤗
11/11/2022

Ekri nou pou tout aktivite kiltirèl ak atistik ✌️🤗

Vodou pat janm yon senp fè ,se te toujou yon mòd lavi .Nou selebre l diferan fason selon jan n konprann li an paske tout...
04/11/2022

Vodou pat janm yon senp fè ,se te toujou yon mòd lavi .Nou selebre l diferan fason selon jan n konprann li an paske tout moun pa toujou sezi mistè yo nan menm dimansyon.
Malgre move moman peyi a ap fè fas, sa pat anpeche plizyè milye moun pran lari pou selbre fèt gede.
Ann founi je gade kijan sa te ye nan gran simityè Pòtoprens 1e Novanm ki sot pase la.

Samdi 10 Septanm ki sot pase la make 5e jou atelye teyat SANT KILTIRÈL RAPADOU  tanmen depi lendi 5 Septanm nan ,nan lok...
16/09/2022

Samdi 10 Septanm ki sot pase la make 5e jou atelye teyat SANT KILTIRÈL RAPADOU tanmen depi lendi 5 Septanm nan ,nan lokal yo. (Bibliyotèk bisou bisou)
Atelye sila a fèt sou direksyon Yves Marie Gustave , Sidney Dino Narcisse ak Amos Saint-Louis

Daprè Sidney Dino, ki se prezidan sant kiltirèl la, atelye sila a gen divès objektif, pami yo :
- penmèt ak sant lan gen yon twoup teyat
- ofri ak jenn yo yon espas pou aprann valè teyat
- ankouraje jenn yo li ak ekri plis

Ann suiv nan imaj sa yo kijan 5è jou a te pase!

Jou ki te samdi 27 dawout 2022 a, plizyè atis te pran lari a nan kad yon mach powetik ak atistik, pami yo Wismy Faustin,...
03/09/2022

Jou ki te samdi 27 dawout 2022 a, plizyè atis te pran lari a nan kad yon mach powetik ak atistik, pami yo Wismy Faustin, Eronaldo Jean Evens, Mèg Black, Ricardo Boucher, Wood-Kerly Bouché, Bungy Baka, Jennifer Clairin elatriye
Ann suiv, nan imaj sa yo, kijan sa te pase!

Se te sou plas Desalin sou Channmas la nan dat ki te 26 dawout 2022 a ,plizyè dizèn fanm ak gason te rasanble pou fè yon...
03/09/2022

Se te sou plas Desalin sou Channmas la nan dat ki te 26 dawout 2022 a ,plizyè dizèn fanm ak gason te rasanble pou fè yon ti bat bouch anba tèm sila a: «Ant angajman atistik ak angajman politik, Jacques Stephen Alexis: yon inite dyalektik.
Aktivite sila a te gen pou entèvenan Wasly Simon, Samuela Saint-Vil, Ricardo Boucher.
KilTV ap envite w fè ti kout je nan foto sila yo pou w wè jan sa te ye.

Address


Telephone

+50947880214

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Kil.TV posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Kil.TV:

Shortcuts

  • Address
  • Telephone
  • Alerts
  • Contact The Business
  • Claim ownership or report listing
  • Want your business to be the top-listed Media Company?

Share