26/03/2024
Pawòl anpil la fini!! Men yon vrè imaj de angrenay ,men tout verite sou angrenay
La, nou anndan yon vajen ,angrenay yo se se " pli sa yo "nan lagaj medikal yo rele yo plis vaginaux,Bagay sa ki konn fè mesye yo imilye medam yo , epi men 5 erè anpil gason konn fè sou vajen ki fè yo konn ap imilye medam yo ,pataje tèks sa pou met pèp la nan limyè...
Kòm mwè koze sa ap fè deba nan lari an eben men verite sou angrenay
Angrenay la se pli nap gade nana imaj sa la , se ti pli gason yo konn santi lèn ap fè sèks a medam an, gen gason ki menm di se la plezi an ye ,gen gason ki konn di" ah entèl pèdi angrenay li" se yon fason pou yo di yo pa jwenn plezi nan yon fi eben map fè nou konnen tout fi gen pli sa yo, pli yo pèmèt vajen an agrandi lè fi an ap fè sèks, wi wi fi an ka ogmante vajenl volims sitou sil vle kreye espas paske an mwayenn vajen an 8 a 12 santimèt menl ka agrandil lè sal
baskile matris la e kreye espas pli yo detire
lòt moman pli sa yo detire ankò se nan moman akouchman ,pou te pèmèt bebe an pase vajen an fon efò anplis li detire,men kèk tan aprè akouchman fi an ap rejwenn pli yo ankò
Kidonk ti mesye tout fi gen angrenay pa gen fi ki pa genyenl
Men erè gason toujou sou vajen ki koz yap imilye medam yo:
1- mesye yo souvan konfonn" vulve a vagin" vajen an se jis espas penetrasyon an , vulve la se tout pati ki an deyò vajen tankou klitoris a lèv(krèk) yo, anpil gason konn panse longè lèv la fi an vle konn vle dil nan fè sèks souvan eben non mesye detwonpe nou chak fi pa oblije gen menm fòm lèv e ke sa pa gen rapò a fè sèks anpil
2-anpil gason panse penetrasyon sifi pou fè yon fi satisfè ,eben non mesye detwonpe nou, klitoris yon fi son veritab sant plezi ,li gen anviwon 8000tèminezon nè ladann ki rann li trè sansib ,peni gason an gen apenn 4000, se sak fè stimile klitoris yon fi ka fèl mouye kilòt li sanw pa menm penetrel, dayè majorite fi pa atenn ògasm yo nan penetrasyon
3- fi konn bande ,lè fi eksite ,klitoris li kanpe paske san desann ladann , li vin gonfle , se sa anpil gason konfonn ki fè yo panse depi lèv fi long vle dil fè sèks anpil eben detwonpe nou mesye se klitoris la ki gonfle lè fi sou fè sèks se pa lèv la ki long
4-yon fi ka esksite menm siw wè vajenl sèks sa anpil gason pa konn sa , yo konn di a "manzè sèk" wi fi an konn eksite sanl pa mouye ,men poul mouye sa konn mande yon ti pwolongasyon nan preliminè yo ,erè anpil gason fè nan renmen vajen ki sèks , san fi an pa byen mouye ,yo konn penetrel sa ki fè yo konn blese anndan vajen fi an, oubyen chire tèt peni yo nan fè prese pou penetre
5) nan koze satisfè fi pa gen koze règ tout fi pa satisfè menm jan , gen fi se klitoris li pouw stimile ,gen fi se penetrasyon,gen fi se kòl matris li pouw ap frape poul jwenn plezi kidonk fò peniw long , gen fi tou se pwen G li pouw atenn
Kidonk mesye detwonpe nou de vajen medam yo
Like & pataje pou plis moun ka jwenn konesans
Idantifye yon moun li avèw
Kerry NORBRUN ……
Reposted by : Dov Junior Bertrand