
09/08/2025
Rod Joseph : Yon Patriyòt San Parèy
Onè ak Merit se youn nan pi gwo distenksyon nan Lame Etazini, yon rekonesans ki fèt pou sòlda ki fè prèv kouraj ekstraòdinè pandan sèvis militè yo, souvan anba gwo risk, gwo domaj, oswa menm sakrifye vi yo.
Nan istwa militè ayisyano-ameriken an, kòmandan Dr. Rod Joseph 3 Kout Kanno Pou Verite make non li an lò. Antanke Sèjan nan Lame Etazini, li resevwa onè sa a aprè patisipasyon li nan lagè Afghanistan, kote li te blese grav nan yon atak dirèk sou yon baz militè nan dat 26 jen 2012. Yon fize te eksploze dirèkteman kote li te pozisyone a, sa lakoz li pase apeprè kat mwa san kapasite pou mache.
Distenksyon sa a, pi popilè sou non “Purple Heart”, se youn nan pi ansyen meday militè Etazini, ke prezidan George Washington te kreye nan lane 1782, epi chak 7 out, nasyon ameriken an onore tout sòlda ki resevwa meday sa. Purple Heart Day se yon rapèl vivan sou sakrifis ak devouman sòlda yo.
Rod Joseph, youn nan ra veteran ayisyano-ameriken ki genyen distenksyon sa a, se pa sèlman yon ansyen sòlda. Li se yon istoryen pasyone, yon konesè nan domèn sekirite ki sèvi kòm referans nan analiz estratejik, epi yon patriyòt san kondisyon. Nan dènye ane yo, anpil ayisyen rekonèt li pou pozisyon klè li pran sou kriz Ayiti ap travèse a.
Sòlda veteran sa a te pase plizyè dizèn lane nan ranje militè yo, patisipe nan plizyè operasyon entènasyonal, e chak fwa li te montre kouraj, disiplin, ak kapasite pou pran bon desizyon anba presyon. Meday ak rekonesans li yo se temwayaj vivan sou devouman li pou drapo a ak misyon li yo.
Menm aprè retrèt li, batay li pa t sispann. Rod Joseph chanje zam li pou pawòl ak aksyon pozitif. Li patisipe nan pwojè sekirite, fòmasyon sivik, ak aktivite sosyal pou ranfòse lyen nan kominote a.
“Yon sòlda pa janm sispann sèvi; li jis chanje zam li. Kounye a, zam mwen se eksperyans, pawòl, ak aksyon,” li te deklare.
Nan memwa kolektif la, kòmandan Rod Joseph rete yon senbòl rezistans, kouraj, ak detèminasyon
Garyson DHAITI
📸: Rod Joseph