11/04/2026
- Ayisyen pa bay bagay sa valè
- Se yon bagay vagabondaj.
- An Ayiti bagay sa se tan pèdi....
Mete sou yon pakèt lòt ankò....
- E si'm diw Sinema antanke 7ème Art,se yon Art ki gen anpil valè e anpil moun ki te kòmanse pòv rive Rich ladann? Tankou : Jim Carry,Leonardo Dicaprio ak Viola Davis pa egzanp...
- Se vre ka gen vagabondaj,menmjan ka genyen l nan tout Domèn,men e si'm di'w
Gen moun ki prè a tou pou Respekte tèt yo e respekte Domèn sinema paske yo gen yon vizyon ki pi gran ke banalite
- E si'm di'w tou, ak angajman w,ou ka chanje fason yo wè sinema e konprann li,ou ka fè yo mye konprann Li e renmenl nan nivo valèl menm jan anpil komanse fèl,Tankou:
Jimmy Jean Louis,Fabienne Colas,Gessica Généus,ect....
Ou jis bezwen depase konplèks yo,perèz yo ak move souvni yo epi pran yon desizyon pou enplike'w nan sa'w renmen ak sa'w bezwen!
Lè gen fay nan sa'w bezwen se pa kouri w kouri pou li,se antre w antre epi chanje sa nan fason paw!
Aktè,kameraman,senaris,reyalizatè.... rejwenn nou pou'n konstwi ansanm yon lòt estrikti sinema!