03/11/2025
Nou Kapab.
15 Sektanm 2025
KPT a ap bwè ze lepèp,menm lè l konnen je lepèp kale sou li. L ap pouse pou pi devan san gade dèyè, boulva a sanble vid devan l. Kominote entènasyonal ansyen kolon yo ap fouye San pwan souf nan sakèt lepèp depi 1806, yo fè kòmsi lepèp pa konprann kantite dega y ap fè nan sakèt li.
Yo karese tete lepèp ak yon dwèt, yo ponyade l ak yon maryonèt (tankou Paul Maglwa oubyen yon gouvèman pope twèl,) yo ba l twa dwèt (HCT,) menm pise lepèp pa rive pise, yo pouse l yon sèt dwèt an twalèt (KPT,) malgre sa li pa menm twalèt sou twa lèt kadejakè politik la (KPT a.)
Lepèp konstipe papa paske raje n ak zòn anviwonnan yo pa chaje ak twa lèt tankou BNC, EDH, ONA, BRH elatriye… menm SOS m pa ni wè ni pwan sant.
Nan batay kont “Vòlè bare vòlè, vòlè touye vòlè,” nan mitan KPT ak ti mesyedam teworis yo, sèl yon soulèvman jekale popilasyon an k se yon bon sipozitwa pou eradike konstipasyon sa a. Lepèp pa pete depi 1806, lepèp pa menm twalèt depi fòmil rat pa kaka a ekziste (Lalwa Arisyidyèn.)
Konstipasyon an kwonik, Inivèsite Lalwa Aristidyen pa rive dekouvri nan laboratwa l yon antidòt pou menm soulaje doulè a, ou panse l t ap fasilite eradikasyon l.
“Nèg rich se milat. Milat pòv se nèg.” (Jean Jacques Acaau.)
Hm. Rich: Aristide ak tout moun ki asosye avè l nan politik, tout aktivis politik depi Divalye yo pou rive jounen jodi a, tout chèf nan viv ansanm yo, prèske tout zanmi pouvwa restavèk yo, …
Nouvo kolon kontinye ap gouvènen ak mennen.
Gouvènman popetwèl (KPT) ap ekzekite lòd ak fè koutay “On ne pet plus.”
Lepèp ap trimen nan raje a tou konstipe, jaden l rache zannimo l yo pèdi lavi yo anba men mesyedam viv ansan yo, kòmsi l toujou tayab ak kòveyab.
Ayiti ap chache detwa grenn Mawon, Mawon n konnen an wi, pou relimen tòch ak boukan konsyans moun nou ye a pou n soti nan raje a epi retounen Ayiti nan plas “Eden de la Caraïbes” la.
Kolonizasyon kolektif la, kolonizasyon piyay san parèy sa a, kolinizasyon sou fòm sanginè depase sa a bezwen yon remèd di ki pou derasinen l. Sèl Mawon n yo k kapab.
Leve!
Frape! Maten kou premise
Frape! Lajounen kou lannnwit.
Frape! Lapli kou lesèk.
Frape! Bon tan kou move tan.
Frape! Bèk ak zong.
Frape! Vèt o mi.
Derasinen! Pak an pak.
Nou sèmante sèt fwa, swasanndisèt fwa sèt fwa nou p ap jan m tounen nan lesklavaj, nou p ap viv nan lesklavaj, ke l blan ke l jòn ou nenpòt koulè.
Nou envante libète inivèsèl, ki yon defi pou loksidan, se nòmal pou n ap sibi frap sa yo, se natirèlman n ap jwenn antidòt tou pou konbat flewo loksidantal sa a.
3 Novanm 2025.
Soterland Deceus