22/08/2025
ABA.
Aloufa toujou bezwen
Plis Richès
Konsa yo fèk Kare
Ap Ansasinen Pitit Pèp La
Men se pou Nou Anpeche Yo
Rive pi Lwen .
Epi tou si Yo al Pi Devan
Nou Tout Pèp ap Peri .
Pou Sa se pou Nou Rele :
Aba Tout Ansasinen Fo Kole
Aba Tout Espri Makout
Aba Tout Zong Kolòwòch
Aba Tout Dan Long
Aba Tout Malfini
Aba Tout Sendenden
Aba Tout Piyajè.
Fòk Nou Sèmante
Sètsan Swandisèt Fwa Sètsan
Pou Peyizan Viv Alèz
Sou Ti Bout Tè Yo
Piga Gran Nèg
Prann nan Men Yo.
Se Pou Zotobre kite
Ti Kal Byen Malere Yo
Nan Men Yo.
Se pou Manje Grimèl
Kite Yo Koule Rekòlt Yo Fè a.
Zwezo Pa Konn Sot Deyò
Pou Vinn Chase
Pijon Nan Kalòj Li.
Nou Dwe Chase Tout Zwezo
Paske Bèt a Zèl Sa Yo
Se nan Raje Yo Rete.
Kote W Jann Tande
Chat Mawon Viv Nan Kay
Jouk li Rive Kouri
Dèyè Chat Kay La
Non Se Pa Vre .
Fòk Nou Fè Koukouj
Dèyè Tout Atoufè
Ki File Grif Yo Pou Vinn Pran
Ti Kras Sa Nou Rete Yo
Nou pa Dwe Bliye
Jan Bèt Sa Yo Gen Riz
Se pou Nou Tann Bon Pyèj
Pou Yo Ka Kite Nou Anpè.
Se Rat Yo Ye Ann Mete
Bon Pèlen Pou Yo.
Nou Pa Gen Dwa Bliye
Kò Nou Tou.
Se Pou Nou Veye Tout Tan.
Idalina Dayiti 1988.