01/01/2026
Bon Fèt Endepandans, Tout moun !
Nou salye kouraj zansèt nou yo, sakrifis yo ak batay yo pou libète. Se ak fyète n ap kontinye pote istwa nou, kilti nou ak idantite nou byen wo.
N ap raple pou 2026 lan la, Ayiti ap fè tande vwa li sou sèn entènasyonal la, ak grenadye yo (FHF - Fédération Haïtienne De Football) ki pral pote drapo a nan mondyal 2026 la ak menm lespri rezistans, menm fyète, menm espwa.
Pou 1ye janvye sila a, nou swete plis inite, plis konsyans, plis lanmou pou peyi a. Ayiti se rasin nou. Ayiti se fòs nou. Ayiti se fyète nou.