17/06/2026
Nan vil Okap, yon chofè moto te eseye antre nan zòn santral vil la, yon aksyon ki vyole nouvo dispozisyon administratif majistra yo ki entèdi sikilasyon ti moto taksi 3 wou yo nan sant vil la pou rezon lòd piblik. Sepandan, repons polisye a pa t nan nivo yon senp rapèl règleman oswa yon kontravansyon legal, men li te pran fòm yon agresyon fizik lè yon ajan lapolis te rive bay chofè a 2 kalòt nan vizaj devan plizyè temwen. Aksyon sa a, olye pou l ranfòse otorite Leta, li vin sal lòd piblik la epi li mete an danje kredi enstitisyon lapolis nan je sitwayen yo ki yo menm pa wè diferans ant g4ng viv ans4nm yo.
Pou sa ki konsène majistra a, li aji nan kad otorite legal li lè li pran mezi restriksyon trafik sa yo, paske lwa lokal yo ba l pouvwa pou l jere sikilasyon ak anpeche dezòd nan vil la. Si yon chofè deside vyole lòd sa a, li dwe sibi sanksyon administrativ ki prevwa nan règleman an, tankou yon amann oswa yon anbaraj motosiklèt li. Se yon pwosedi ki gen baz legal epi ki dwe aplike san britalite, paske rezon ki fè l la se edike moun ki pa respekte lalwa, non ak agresyon fizik yo.
Konpòtman polisye a pa ka jistifye nan okenn kad lejislatif. Lè yon ajan lapolis leve men sou yon sitwayen, li vyole dirèkteman prensip fondamantal dwa moun ki pwoteje entegrite fizik chak moun, epi li kontredi tout prensip etik pwofesyon lapolis ki mande pou fòs itilize sèlman nan ka rezistans aktif ak danjere. Kalòt sa yo pa reprezante yon aksyon defans, men yon zak avilisman ak vyolans, ki konstitye yon krim vwa de fè jan Kòd Penal la defini li.
Diferans ki genyen ant de aksyon sa yo klè tankou dlo kleren: mezi majistra a se yon egzèsis pouvwa legal ki ka sanksyone administrativman, pandan ke kalòt polisye a se yon agresyon fizik ki dwe pouswiv devan tribinal penal la. Se pou rezon sa, enspeksyon jeneral pa dwe rete endiferan devan zak sa a, paske lè yon ajan Leta vyole lalwa, li pa sèlman komèt yon ofans kont moun, men li detwi tou imaj enstitisyon li reprezante. Silans oswa tolerans nan ka sa ta bay mesaj ke lapolis gen dwa fè jistis ak pwòp men li, sa ki ta louvri bwat la pou plis abi.
Lòd piblik pa ka bati sou baz laperèz ak britalite, men sou konfyans sitwayen yo nan enstitisyon yo. Si otorite lapolis vle kenbe kredi li epi ranfòse eta de dwa a, yo dwe pran mezi imedyat pou mete ajan sa a an detansyon, sispann li fonksyon pandan envestigasyon an, epi transfere dosye a bay komisè gouvènman jiridksyon an pou pouswiv penal kont li. Se sèlman konsa enstitisyon an ka montre ke li se yon gadyen lalwa ki aplike lalwa san patipri, e ke pa gen okenn moun, kèlkeswa fonksyon li, ki anlè lep sou fè jistis ak pwòp men l.
TPL