Founije Info

Founije Info L'information est un droit , former est un devoir.

25/07/2025

Mezanmi Moun Leyogàn dwe kale je nou epi toujou kolabore!

Kòwòdonatè Task Force Nan Rejyon palm Nan, Komisè divizyonè Jean Nazer Frederick pagen misyon pou arete Bandi
Vin tande koze ki gen Nan Larepiblik.

Vis delege awondisman Leyogàn Nan di depi yon Bandi met pwent pyel Yogann li pap retounen kotel soti a.

23/07/2025

Gaz ak kout bal nan komin Okay Jodia , Lapolis kraze yon manifestation ki ta pral Manifested Devan Airport Antoine Simon an !!

  Ice fenk bay detay sou rezon ki fè yo arete Réginald Boulos ki dezòmè sou lis depòtasyon epi ki ka pèdi rezidans pèman...
22/07/2025



Ice fenk bay detay sou rezon ki fè yo arete Réginald Boulos ki dezòmè sou lis depòtasyon epi ki ka pèdi rezidans pèmanan li.

Selon sa yo fè konnen, yo arete Boulos paske :
- li te sipòte vyolans nan peyi Dayiti epi l te soutni gang k ap destabilize peyi a
- li pat deklare l te enplike nan fòme pati politik MTV Ayiti lè l t ap mande rezidans lan,
- li pat mansyone se kouri l te kouri kite Ayiti paske ULCC t ap mennen ankèt sou li pou prè li te benefisye nan demand rezidans li a

Pou rezon sa a, Ice fè konnen gen motif sifizan pou siprime rezidans yo te ba li a.

Pa gen okenn kote nan dokiman an yo mansyone lòt dosye kriminèl tankou dosye Jovenel Moise la.

22/07/2025

Aksyon sa pase Nan yon Match Football Tigwav!!

20/07/2025

Bon Nouvèl! Moun Gresye yo preske retounen lakay yo. Kòwòdonatè Task Force la Nan Rejyon palm Nan , Komisè divizyonè Jean Frederick Nazer met pyel atè Nan yon pati Nan komin Gresye.

18/07/2025

Elèv Lise wi yo diw !! Gade aksyon yon gwoup Elèv Lise nan yon sant egzamen pandan yon delegasyon (UDRFH-COFAREP) ak reprezantan ministè kondisyon Fanm te pote lamanjay pou Elèv yo kap ki pose

18/07/2025

Lapolis nan komin Tigwav ak Ajan BSAP yo fè yon gwo kou aprè egzamen yo wap sezi wè aksyon !

Gade ki kalte estrateji yon polisye itilize pou fè elèv yo sòti nan lakou yon sant egzamen !

Elèv yo tap fè gè ak sachè dlo!!

16/07/2025

Wow !! Gade koman Elèv yo te kontan gwo jès sa pandan yo Nan sal egzamen an yon gwoup bèl Fanm ( UDREF - COFAREP) debake pote manje pou yo! . Se sou inisyativ Gouvènman atravè ministè kondisyon Fanm , aktivite sa rive reyalize .

15/07/2025

Aprè yon gwo konfli Tè kite genyen Nan Sen Michel ki twouvel Nan komin Miragwàn ant yon sitwayen ak Legliz Katolik 2 Pati yo rive antann yo.

15/07/2025

Tout elèv kap itilize Telephone (entèlijans atifisyèl) Nan egzam Leta yo ane sa ap Nan Cho!

Eske se pa Premye fwa sa fèt an Ayiti??Jan wap gade Nan imaj la , se Nan yon Sant egzamen Nan komin Tigwav, genyen kamer...
15/07/2025

Eske se pa Premye fwa sa fèt an Ayiti??

Jan wap gade Nan imaj la , se Nan yon Sant egzamen Nan komin Tigwav, genyen kamera siveyans nou tout sal egzamen yo . Se Nan " College Pierre Mendes France"

Se tankou yon gwo kout tonè Popilasyon an, patikilyèman Moun nan depatman Sid Peyia ( Okay ) aprann nouvèl sa !  Ministè...
04/07/2025

Se tankou yon gwo kout tonè Popilasyon an, patikilyèman Moun nan depatman Sid Peyia ( Okay ) aprann nouvèl sa ! Ministè Lajis deside transfere aktyèl Komisè Gouvènman Okay la, Mèt Pierre Elioth Paul Nan Jiridiksyon Kap Ayisyen kòm etan sibstiti Komisè Gouvènman.

Mèt Pierre Elioth Paul jwenn lèt transfè Sila , dat pou dat swa 8 mwa aprè enstalayon li te fèt Nan tèt pakè Okay la , nan dat 04 Novanm 2024 pase a.

Komisè Elioth jwenn lèt Transfè sa yon Jou aprè sèvis kominikasyon ak relasyon Piblik Alo Lapolis la! fin pibibliye yon lis non Endividi Lapolis lage avi rechèch dèyè yo , Pami endividi sa yo , genyen non yon gwo Bawon Nan Sid Peyi a , kise notè , Jean Vernet Mercier , Lapolis lage koukouwouj dèyèl pou asosiyasyon malfèktè , asasina tantativ asasina ,li deja chape poul li pou Peyi etranje.

Notè Jean Vernet Mercier sa, te jwenn arestasyon li 19 Me 2025 pase a , li te akize kòmkwa li ta patisipe nan asasina yon gwo biznisman nan Vil Okay. Se aprè anpil gwo presyon towo yo nan ministè lajistis te bay Otorite jidisyè yo Nan Vil Okay , “Bawon Sid la” pat pran tan pou ye jwenn liberasyon li.

Anpil sitwayen Nan komin Okay pat sispann kache kontantaman yo, aprè rive Komisè Elioth Paul Nan tèt pakè Okay la , kote avan rive li , ti malere ak malerèz tap monte yon kalvè akoz te genyen yon gwo rezo vòlò tè kite gen Avoka, Notè elatriye ki tap mache vòlò Tè sitwayen yo Pami yo Fanmi “ d'Haiti”.

Kesyon anpil moun Nan sosyete a ap poze tèt yo , eske Se volonte Ministè Lajistis pa genyen pou transfere Komisè Muscadin osnon vreman li kwoke Nan gòj yo?

Founije info

Adresse

Ville De Port-au-Prince

Téléphone

+50947300758

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Founije Info publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Founije Info:

Partager