Android Lander

  • Home
  • Android Lander

Android Lander Bienvenue sur WizStory
Un univers où l’imagination prend vie en histoires 3D captivantes, drame & réalisme
Abonnez-vous et recevez 2 vidéos par jour!

💔💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦SÈMAN ANBA LAPLI ☔Epizòd  #4
16/10/2025

💔💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦
SÈMAN ANBA LAPLI ☔
Epizòd #4

💔💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦
SÈMAN ANBA LAPLI ☔

Epizòd #4
Écrit ✍️ par: Wise Lander
FB: Lander Productions

Tit: Sèl Temwen an. Gen moun k ap gade w pandan w ap fè konfyans nan moman syèl la pa sispann kriye...
💔💔💔💔💔💔💔💔💔💔💔

«Ou konn fin jwenn konfyans anba yon lapli men se aprè w pral rann kont pandan dlo l ap tonbe sou ou l ap ale ak kè kontan w san w pa rann kont...»

🌧️Bri Dlo ak Panse yo konn melanje

Sware a tonbe dousman.
Lapli a pa fò, men li kontinye frape vè a tankou yon batman kè.
Nadège chita sou kabann li, parapli ble a ouvè bò pòt la, tankou yon fantom k ap veye.

Li panse ak Élisa… ak pawòl li yo:

«Kenzo te gen yon pitit. Fi a mouri pandan akouchman, mwen se sè defen an.»

Pawòl sa yo ap vire nan tèt li tankou yon sinema ki pa janm fini.
Li sonje Kenzo lè l te di:

«Si w konnen tout verite a w t ap konprann…»

E si se vre ? E si Élisa pa t konnen tout verite a?
E si Kenzo te genyen rezon?

Yon lòt gout dlo tonbe sou fenèt la.
Nadège leve, ouvri fenèt la yon ti kras, kite lapli antre.

«Lapli… ou te tande tout bagay. Ou konnen kiyès k ap di laverite, men ede m konprann tanpri, lave lespri m pou l pwòp e dispoze pou kalite bagay sa yo.»

Aprè l fin di sa, li tonbe nan yon refleksyon pwofon ak tèt li, li sonje lè l t ap pale ak Kenzo de foto a...

A wi! Se sa. Kenzo te di m fi ki nan foto a se te sè l, poutan mwen pat janm konn yon moun konsa.

Élisa di m Kenzo gen pitit e ke li se Matant ti moun sa bò kote manman l ki te mouri nan akouchman. Poutan...

Poutan, jou Kenzo te vin pale m de foto li ak lòt fi anba parapli ble a, mwen te wè non Élisa sou telefòn li ak yon ti kè, li te di m se te èks li, se yon ansyen fi l te genyen.

Élisa di m li vle sove lavi m, ki rapò Pitit Kenzo ak tout ansyen fanm li ka parèt yon danje pou mwen ? Amwenke Élisa se ansyen fanm Kenzo vre epi l gen lenpresyon fè m mal...

Nadège pran yon ti tan, li kale je l aprè, li frape men l nan vit fenèt la li di:
«Gen yon bagay ki pa klè, tou 2 moun yo ap ban m manti. Pou kisa Kenzo ap fè m sa ?»

Li re pete Fraz sa plizyè fwa nan yon vwa tris tankou li te prèske kriye: «Pou Kisa Kenzo ap fè m sa?»

Wi, se sa menm, Dlo lapli a ap tonbe yo konn makonnen tankou plizyè fil se konsa pafwa sèvo n konn ap melanje enfòmasyon pou nou, men yon senp ti repo ak yon ti soupi konn fè gran diferans...

👻 Yon Vwa nan Fènwa

Telefòn li klere ankò.
📱 Kenzo: «M ap tann ou demen, sou pon Rivière Blanche.»

Pon sa… se te menm kote yo te konn chita ansanm prèske chak fen semèn lè Kenzo te konn disponib pou li yo.
Li sonje li te di l sou plas sa:

«Si yon jou nou pèdi youn lòt, m ap toujou tounen isit pou m sonje w.»

Nadège t ap gade mesaj la ak yon melanj de pè ak kè kontan.
Yon pati nan li vle ale, yon lòt ap kriye “pa fè sa.”

Men finalman, lanmou bat pi fò pase krent.
Li deside ale, sitou li te santi li merite konnen verite a epi mete fen nan relasyon l ak Kenzo.

🌙 Sou Pon Rivière Blanche

Lapli a te sispann, men tan an te toujou mare.
Yon limyè jòn ap klere soti lwen, reflete sou dlo a.
Nadège rive.
Kenzo poko rive.

Li rete tann.
Minuit ap pwoche.
Yon ti van pase, pote sant flè ak imidite.
Apre kèk segonn, li tande yon bri dèyè li.

— “Nadège…”

Vwa a dous, men kase.
Kenzo soti nan lonbraj la, ak yon parapli nwa nan men li.

Nadège tounen dousman.
Je yo kwaze.
Lapli a kòmanse fè ti farinen.

Kenzo pwoche, men li pa touche l.
— “M te konnen w t ap vini.”

Nadège
— “Poukisa ou pa t di m tout bagay?”

Kenzo fèmen je l yon ti moman, li pran souf:
— “Paske gen bagay ki twò lou pou pataje, gen bagay ki ka fè m regrèt anndan istwa sa, e gen kè ki twò frajil pou pote yo.”

Nadège
— “Se konsa w jije kè mwen?”

Kenzo
— “Non… se paske mwen te pè pèdi w pi vit.”

Nadège vire je li, dlo lapli melanje ak dlo je.
— “Ou pèdi m deja, Kenzo. Se sèlman verite mwen vle konnen e ou dwe m li.”

Kenzo rale yon papye nan pòch li, li lonje l ba li.
Yon sètifika nesans.

“Ti fi a… se pa pitit mwen.”

💔Chay Verite a

Nadège pran papye a, li li:
Papa: Inkoni.
Manman: Léa Moreau.

Nadège
— “Léa… se non fi a, vre?”

Kenzo fè wi ak tèt li.
— “Kòm ou di mwen pèdi w deja, m ap ba' w tout verite a men avan pwomèt mwen w ap kite peyi a nèt e ke m p ap janm kwaze w ankò nan vi m, tanpri Nana.”

Nadège rete bèbè.
Li santi yon gwo chay ap leve sou kè l, men an menm tan, yon lòt ap peze l: kisa Élisa t ap chache alò? Epi Kenzo, ou di m pati kite peyi a pou n pa janm kwaze, ou konprann sa w di a? Sa vle di ou pa vle wè m a je w? Ou dakò pou m ale kite w?

Kenzo pran men li dousman.
— “Mwen t ap tann lapli a tonbe pou m di w verite a. Paske se li menm ki te temwen lanmou nou, li ka temwen doulè nou tou. E non bb, mwen p ap konvenk ou rete yon kote ki ka koze lanmò w”

Je Nadège t ap brile.
Li ta renmen kwè li.
Men gen yon frèt ki pase sou do li, gen yon bagay anndan l ki poko ka fin klè.

Kenzo
—"Lè Élisa te di w li vle sove w la, li te gen rezon, men m te sipliye l pou l pat di w anyen, men li te rankontre w kanmenm yon fason pou l te mete presyon sou do m"

Nadège
—"Ou poko janm di m anyen non, sa vle di fanm ou an gen lide elimine m pou w viv avè l ak pitit nou an?"

Kenzo pa t ka reponn, li bese tèt li...

Nadège kontinye pale
—"Ou pa di l se ou ki mennen tout pwoblèm sa yo nan vi m ? Ou pa di l pandan nou ansanm nan ou pa janm tande anyen mal sou mwen ? Depi lè w antre nan vi m mwen te panse m t ap rale yon souf aprè Papa m te fin mouri, ou te moutre m ou te prè pou w ede m wi e poutan se konsa sa te ye la? Pou ki sa lavi enjis konsa?"

Kenzo rale yon soupi, li leve tèt li, li di Nadège
—"Élisa pa fanm mwen, li pa ansyen fanm mwen, mwen te ba' w manti pou sa. Moun ki te anba parapli a pat sè m tou, se te Élisa, men mwen avè l gen yon pwoblèm an komen, li pa yon move moun, se gras ak li si m vivan toujou, menas nou an se ti pitit la, nou te sove lavi l anba men Bòpè l ki se gran frè Élisa, mwen t ap travay pou yo, nonm sa pa nan trèt ak moun e li konsidere mwen ak Élisa kòm 2 trèt paske nou pa t kite l touye timoun nan. Men gen bagay mwen p ap ka di w, m ap ba' w kle USB sa, konsidere l tankou se lavi yon prezidan ki nan men w, sou li w ap jwenn tout verite, e gen bagay k ap blese w pi fon pase yon kout ponya, sèlman m swete w konprann ki risk ki genyen e nan ki nivo ni vi w, ni vi Élisa, ni vi timoun nan ak vi pa m andanje."

🌫️Sèl Temwen an

Lè Kenzo vire do pou l fèmen parapli a pandan l pral lonje kle UBS a, Nadège santi yon mouvman sou lòt bò pon an.

Yon moun k ap gade yo.
Yon flanm sigarèt limen nan fènwa, epi etenn ankò.

Li rale men Kenzo dousman.
— “Kenzo… gen yon moun la.”

Kenzo vire, men pa gen anyen.
Lapli kontinye frape dlo a, men bri sa li tande a… se pa lapli sèlman.
Yon pye ap glise sou wòch, yon kòd ap rale...

Kenzo fè yon pa devan, gade lòt bò kote pon an, men tout sa yo wè, se yon parapli nwa ki t ap balanse nan van an.
Moun nan disparèt.

Nadège pran souf li, je l louvri lajè lalin nan.
Kenzo di dousman:
— “Pa enkyete w, men kounya ak Kle sa ki pral devwale w tout enfòmasyon sa yo vi w vin plis an danje ke avan. Men jan w te di a ou dwe konn verite a, men tanpri Nadège pridan. Moun sa w di petèt ki t ap gade nou an, ka petèt yon espyon ki temwen de dyalòg sa…”

Li pa reponn.

Pandan Kenzo pral vire pou l ale, lo f on ti gade Nadège
Epi li di l
—"Yon lòt gwo verite mwen vle w konnen ankò Nadège. Mwen renmen w pase 2 je nan tèt mwen, ou plis ke 2 je nan tèt mwen, san ou lavi m p ap gen sans. Pandan m ap eseye pwoteje w a distans, tanpri pwoteje vi w pou mwen tou e padone m paske w enplike nan dosye sa manmi, je t'aime"

Nadège gen yon dlo ki koule nan je l mele ak dlo lapli tankou yo 2 a met ansanm pou yo neye l ak verite ki twò lou pou li epi l sonje Élisa te di l:
> "Gen bagay ou pa konnen ki danjere anpil…”

Pou kisa yon moun ap di w li renmen w epi l trennen w nan yon danje ki tèlman twòp ki ka koute w lavi w ak lavi 3 lòt moun ? Petèt pafwa se paske se nou ki te sib la depi avan...

💬 Pawòl Moral

«Lè lapli ap kache sekrè yo, se silans ki konn parèt pi gwo trayizon an. Gen verite w fin konnen kè w ka bloke kèk segonn aprè.»

👉 Asuiv...
Epizòd #5 “Yon Kle USB ki ka koz lanmò 4 moun” 🕯️💔
(Lè Nadège kwè li lib, yon moun ap swiv tras li… ak yon foto nan men li. Li te panse se Kenzo ki mete l nan sa l ye a poutan se te li ki te sib la depi avan. Kenzo te jis yon sovè)

💔💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦SÈMAN ANBA LAPLI ☔Epizòd  #3
15/10/2025

💔💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦
SÈMAN ANBA LAPLI ☔
Epizòd #3

💔💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦
SÈMAN ANBA LAPLI ☔

Epizòd #3
Écrit ✍️ par: Lander
FB: Lander Productions

Tit: Mesaj Élisa a, verite a vin gen plis bri pase loray…
💔💔💔💔💔💔💔💔💔💔💔

«Gen pawòl ki ka sove yon kè, men lè yo rive twò ta, yo vin tounen kouto.»

Menm nan mitan bri gout dlo yo, Nadège te tande pwòp kè li frape tankou tanbou.
Tout kò l vin frèt, men pa lapli a, frèt sa a te soti anndan l.

☔Yon Vwa nan Sware a

Nadège rete gade mesaj la pandan plizyè minit.
Kè l ap bat, dwèt li tranble. Li ekri, li efase, li ekri ankò. Finalman, li voye:

«Ki verite? Ki sa m te dwe konnen?»

Yon ti silans…
Lè sa, yon notifikasyon vibre.
📩 Élisa: «Si w vrèman vle konnen, vini nan Café Horizon, demen a 5è. Pa di pèsonn.»

Li li mesaj la plizyè fwa.
Café Horizon. Se menm kafe kote Kenzo te konn mennen l nan premye mwa lanmou yo, kote li te di l «lapli ap toujou pote chans pou nou.»

Men kounya, menm non sa fè l toudi.
Chak fwa li tande mo “LAPLI”, li santi l pa ka respire.

🌙Yon Nwit San Dòmi

Lannuit tonbe.
Dèfwa Nadège lonje men l sou parapli ble a, epi li rale l tounen, epi l di nan lespri l:

«Si m pote l, se tankou m ap pote doulè m tou…»

Li chita sou kabann nan, k ap gade telefòn li k ap klere sou tab la.
Yon lòt mesaj antre.
📱 Kenzo: «Tanpri pa rankontre Élisa. Mwen pral eksplike w tout bagay demen. Pa fè sa.»

Li tande pawòl sa yo nan tèt li tankou yon chante kase.
Li pa ka konnen kilès pou l kwè.
Kenzo ki t ap kache anpil bagay, oswa Élisa ki vle pale?

Lè loray frape ankò, li fèmen je l, li sonje premye sèman yo anba lapli…

> «M pap janm kite w, menm si tan an ta vin fè griz…»

Li souri ak yon doulè.
— «Ou te kite m depi lontan, Kenzo…»

🌧️Randevou ak Sann

Lè solèy leve, syèl la toujou lou, tankou li t ap pare pou kriye ankò.
Nadège abiye senp, mete yon chapo, epi li pran direksyon Café Horizon.

Nan wout, tout lari mouye, tout moun ap kouri anba parapli yo.
Li menm, li mache san parapli li vle santi lapli a, menm si li fè mal, li espere ke dlo lapli a ap koule al doulè l yo.

Lè li rive, kafe a vid.
Yon fanm chita lwen, tèt bese, yon tas kafe devan li.

Nadège pwoche dousman.
— «Ou se Élisa?»

Fanm nan leve je li. Li bèl, men gen yon tristès pwofon ladan l.
— «Wi… e ou dwe se Nadège.»

Yon silans pase.
Deyò, lapli kòmanse frape sou fenèt yo tankou kè yo t ap danse sou son lapli a.

💌 Verite a kòmanse

Élisa pran yon ti souf.
— «M pa vin fè eskiz pou Kenzo. Mwen vin sove w.»

Nadège fronse sousi.
— «Sove m? Soti nan kisa?»

Élisa lonje telefòn li.
Sou ekran an, gen yon foto Kenzo, ak yon ti fi piti nan bra l.
— «Ti fi sa se pitit li.»

Tout kò Nadège rete figè.
— «Kisa?…»

Élisa kontinye:
— «Mwen pa konn si li te di w ou pa, men Kenzo te deja nan yon relasyon. Fi a mouri pandan akouchman, e depi lè sa, li t ap viv ak kè rache, ak kè koupab… Mwen se sè fi sa.»

Yon silans taye lè a.
Lapli a vin pi fò, tankou syèl la t ap krache yon kòlè.
Nadège pa t kapab pale.
Je l plen dlo.

Élisa pran men li dousman.
— «Mwen konnen ou te renmen l sensèman… men pafwa lanmou pa ka geri kè ki gentan kraze an miyèt moso.»

⚡Retounen Lapli a

Lè Nadège soti nan kafe a, lapli a te gentan tounen pi fò.
Li mache san direksyon, menm jan ak swa kote Kenzo te sispann reponn mesaj li yo.

Chak gout dlo frape figi l tankou repwòch:

«Ou te kwè nan sèman anba lapli… men gade nan kisa dlo lapli pote w ale. Li konpare w ak nenpòt ti dechè dlo k ap desann ap pote ale nan nenpòt vye kanal.»

Men nan fon kè l, li santi yon ti bagay li pa ka esplike:
yon melanj de doulè, pitye, ak yon ti flanm lanmou ki refize etenn.

Nan lespri l, pandan l fèmen je l, li di:
«Men lanmou biza, pou kisa m toujou santi m renmen l?»

Lè li rive lakay, gen yon lòt mesaj sou telefòn li:
📱 Kenzo: «Mwen konnen Élisa te di w anpil bagay. Men li gen yon pati li pa t konnen. Ban m chans pou m eksplike verite a devan je w manmi. Tanpri bb…»

Nadège gade fenèt la. Lapli ap tonbe toujou.
Li pran parapli ble a, li ouvri l, li gade li tankou l te yon bagay ki ka pale, ki ka tande l.

«Ou tande? Menm lè m ta kache anba w, lapli a toujou rive jwenn mwen, chak gout yo fèt tankou yon boul dife…»

Li fèmen je l, epi l di ak yon vwa ki fè bri tankou kè brize:

«Kenzo… dènye fwa w pral pale avè m, se anba lapli n ap fè sa, li te temwen premye rankont nou, li dwe toujou la pou l jije ak ekite.»

💬 Pawòl Moral

«Gen verite ki fèt pou sove nou, men yo rive lè nou deja fin pèdi tèt nou.»

👉 Asuiv...
Epizòd #4 "Sèl Temwen an" ☔🕯️
(Lapli ap tonbe ankò, men fwa sa gen yon moun k ap gade yo san yo pa konnen pandan Kenzo ap eseye rachte l ak yon lòt istwa ki pat janm rakonte…)

💔💦 SÈMAN ANBA LAPLI ☔Epizòd  #2 💔💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦
15/10/2025

💔💦 SÈMAN ANBA LAPLI ☔
Epizòd #2 💔💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦

💔💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦💦
SÈMAN ANBA LAPLI ☔

Epizòd #2
Écrit ✍️ par: Wise Lander
FB: Lander Productions

Tit: Dèyè parapli ble a… gen yon verite ki pa t dwe parèt.
💔💔💔💔💔💔💔💔💔💔💔

Lè lapli fin tonbe, tè a toujou kenbe kèk tras… menm jan ak kè moun.
Nadège te di li p ap janm bliye Kenzo, men foto sa te kraze tout sa ki te rete vivan nan l 💔🥺.
Menm parapli ble a ki te senbòl lanmou yo, tounen yon senbòl trayizon…

🌧️ Yon Rèv ki Tounen Kòchma

Depi maten sa, Nadège pa t manje, pa t dòmi.
Lè l fèmen je l, li wè Kenzo ap ri ak lòt fi a anba parapli a.
Li te santi li t ap vin pèdi tèt li.

Nan mitan nwit la, li leve l pran parapli ble🌂☂️ a ki toujou pandye sou pòt la, epi l di:

“Ou te pwoteje nou anba lapli… men ou pa t pwoteje kè m.”

Li pran telefòn li, ouvri chat 💬 Kenzo a ankò… _36 mesaj san repons_.
Kè li frape fò.
Men yon notifikasyon parèt toudenkou:
📱 “Kenzo ap voye yon mesaj…”

Li pran yon ti souf, dwèt li tranble.

Kenzo:
> “Nadège, tanpri, pa kwè tout sa w wè. Mwen gen yon bagay mwen dwe eksplike w. M ap vini demen. Pa fè anyen sòt, tanpri.”

Men ki jan pou w pa kwè foto w wè ak je w? 😔

☔ Yon Vizit Sou Tansyon

Landemen, Kenzo rive. Lapli t ap tonbe dousman 🌧️ tankou syèl la te gen remò...
Li frape pòt la. Nadège ouvè, men je l wouj tankou li pa t dòmi depi twa jou.

Kenzo:
— Nadège, kite m esplike...

Nadège:
— Esplike kisa? Foto a pale pou kont li, non?

Kenzo:
— Fi sa a… se sè mwen.

_Yon silans taye lè a. Nadège gade l dwat nan je._

Nadège:
— Sè ou? Men poukisa ou pa t janm pale m de li?

Kenzo:
— Paske... li malad. Li gen yon pwoblèm kè depi timoun. Li t ap viv aletranje, e li fèk retounen. M pa t vle w pote tout sa sou do w.

Nadège pran parapli ble a, li lonje l devan Kenzo:
— E parapli sa? Poukisa li te anba li? Menm parapli sa?

Kenzo: (ak yon ti bri nan vwa li)
— Paske li te di li vle santi lapli tankou lè nou te piti…

«Li te di: “Frè m, fè m sonje kè kontantman yo.”»

Men yon bagay nan je Kenzo pa t klè. Yon ti enkyetid, yon ti sekrè k ap bat andedan.

⚡ Yon Sèl Verite Pa Janm Sòti Nèt

Pandan y ap pale, telefòn Kenzo sonnen.
Li fè vit mete l sou silans, men Nadège deja wè non an sou ekran an: “Élisa ❤️”

Kè li frape ankò.
Nadège:
— Sa se sè ou tou?

Kenzo pa t ka reponn touswit. Yon ti silans pase, lapli t ap frape vè a tankou tanpèt, yo soti nan lapli a anba parapli ble a epi Kenzo reponn:

— Non… Élisa se yon moun m te konn frekante lontan. Men se pa sa w panse a.

Nadège:
— Ou tèlman bon ak pawòl, Kenzo. Ou konn fè m kwè menm manti parèt dous. Pi dous menm pase verite.

Li vire do ba li, ak dlo lapli k ap koule sou figi li tankou larm.

Kenzo ap fèmen je li, li di dousman:

“Si w konnen tout verite a w t ap konprann poukisa m te oblije fè tout sa…”

Men avan li fini pale, yon mesaj antre sou telefòn Nadège:
📱 “Madmwazèl, se ou menm Nadège? Mwen se Élisa… nou bezwen pale. Kenzo pa t di w tout verite a…”

Kè Nadège fè yon sèl sote.
Lè li leve je l… Kenzo te gentan disparèt nan lapli a.

💬 Pawòl Moral

“Gen de lapli ki lave figi a, men li pa janm lave dout ki nan kè a.”

👉 Asuiv...
Epizòd #3 “Mesaj Élisa a” 💌💔
(Verite a pral kraze plis pase manti a…)

📸👉🏼  ★ Rien que la Photographie✨★ Rien que l’Art💥★ Rien que 𝐋𝐚𝐧𝐝𝐞𝐫 𝐏𝐫𝐨𝐝𝐮𝐜𝐭𝐢𝐨𝐧𝐬 𝐃𝐢𝐚𝐦𝐨𝐧𝐝 𝐓𝐨𝐜𝐡💎👨🏻‍💻 De l'ombre à la lumière...
25/08/2025

📸👉🏼
★ Rien que la Photographie✨
★ Rien que l’Art💥
★ Rien que 𝐋𝐚𝐧𝐝𝐞𝐫 𝐏𝐫𝐨𝐝𝐮𝐜𝐭𝐢𝐨𝐧𝐬 𝐃𝐢𝐚𝐦𝐨𝐧𝐝 𝐓𝐨𝐜𝐡💎👨🏻‍💻

De l'ombre à la lumière, de l'ordinaire à l'extraordinaire.
Sa w wè a, se pasyon, detèminasyon e pwofesyonalis ✅ ✨

★ 📸📸Shooted by Lander Productions
★ 🖌️💻🖱️ Manipulation by

🅱🅾🅾🅺🅸🅽🅶 🅸🅽🅵🅾
𝐋𝐚𝐧𝐝𝐞𝐫 𝐏𝐫𝐨𝐝𝐮𝐜𝐭𝐢𝐨𝐧𝐬 (𝐃𝐢𝐚𝐦𝐨𝐧𝐝 𝐓𝐨𝐜𝐡) 💎⚡
HT🇭🇹 +509 40 99 6053
RD🇩🇴 +1 829 768 3560

•°°
°°•
•°°•°•
•°°
°°•
•°°•°•
•°°
°°•
•°°•°•

📸👉🏼  ★ Rien que la Photographie✨★ Rien que l’Art💥★ Rien que 𝐋𝐚𝐧𝐝𝐞𝐫 𝐏𝐫𝐨𝐝𝐮𝐜𝐭𝐢𝐨𝐧𝐬 𝐃𝐢𝐚𝐦𝐨𝐧𝐝 𝐓𝐨𝐜𝐡💎👨🏻‍💻 De l'ombre à la lumière...
23/08/2025

📸👉🏼
★ Rien que la Photographie✨
★ Rien que l’Art💥
★ Rien que 𝐋𝐚𝐧𝐝𝐞𝐫 𝐏𝐫𝐨𝐝𝐮𝐜𝐭𝐢𝐨𝐧𝐬 𝐃𝐢𝐚𝐦𝐨𝐧𝐝 𝐓𝐨𝐜𝐡💎👨🏻‍💻

De l'ombre à la lumière, de l'ordinaire à l'extraordinaire.
Sa w wè a, se pasyon, detèminasyon e pwofesyonalis ✅ ✨

★ 📸📸Shooted by Lander Productions
★ 🖌️💻🖱️ Manipulation by

🅱🅾🅾🅺🅸🅽🅶 🅸🅽🅵🅾
𝐋𝐚𝐧𝐝𝐞𝐫 𝐏𝐫𝐨𝐝𝐮𝐜𝐭𝐢𝐨𝐧𝐬 (𝐃𝐢𝐚𝐦𝐨𝐧𝐝 𝐓𝐨𝐜𝐡) 💎⚡
HT🇭🇹 +509 40 99 6053
RD🇩🇴 +1 829 768 3560

•°°
°°•
•°°•°•
•°°
°°•
•°°•°•
•°°
°°•
•°°•°•

📸👉🏼  ★ Rien que la Photographie✨★ Rien que l’Art💥★ Rien que 𝐋𝐚𝐧𝐝𝐞𝐫 𝐏𝐫𝐨𝐝𝐮𝐜𝐭𝐢𝐨𝐧𝐬 𝐃𝐢𝐚𝐦𝐨𝐧𝐝 𝐓𝐨𝐜𝐡💎👨🏻‍💻 De l'ombre à la lumière...
23/08/2025

📸👉🏼
★ Rien que la Photographie✨
★ Rien que l’Art💥
★ Rien que 𝐋𝐚𝐧𝐝𝐞𝐫 𝐏𝐫𝐨𝐝𝐮𝐜𝐭𝐢𝐨𝐧𝐬 𝐃𝐢𝐚𝐦𝐨𝐧𝐝 𝐓𝐨𝐜𝐡💎👨🏻‍💻

De l'ombre à la lumière, de l'ordinaire à l'extraordinaire.
Sa w wè a, se pasyon, detèminasyon e pwofesyonalis ✅ ✨

★ 📸📸Shooted by Lander Productions
★ 🖌️💻🖱️ Manipulation by

🅱🅾🅾🅺🅸🅽🅶 🅸🅽🅵🅾
𝐋𝐚𝐧𝐝𝐞𝐫 𝐏𝐫𝐨𝐝𝐮𝐜𝐭𝐢𝐨𝐧𝐬 (𝐃𝐢𝐚𝐦𝐨𝐧𝐝 𝐓𝐨𝐜𝐡) 💎⚡
HT🇭🇹 +509 40 99 6053
RD🇩🇴 +1 829 768 3560

•°°
°°•
•°°•°•
•°°
°°•
•°°•°•
•°°
°°•
•°°•°•

📸👉🏼  ★ Rien que la Photographie✨★ Rien que l’Art💥★ Rien que 𝐋𝐚𝐧𝐝𝐞𝐫 𝐏𝐫𝐨𝐝𝐮𝐜𝐭𝐢𝐨𝐧𝐬 𝐃𝐢𝐚𝐦𝐨𝐧𝐝 𝐓𝐨𝐜𝐡💎👨🏻‍💻 De l'ombre à la lumière...
23/08/2025

📸👉🏼
★ Rien que la Photographie✨
★ Rien que l’Art💥
★ Rien que 𝐋𝐚𝐧𝐝𝐞𝐫 𝐏𝐫𝐨𝐝𝐮𝐜𝐭𝐢𝐨𝐧𝐬 𝐃𝐢𝐚𝐦𝐨𝐧𝐝 𝐓𝐨𝐜𝐡💎👨🏻‍💻

De l'ombre à la lumière, de l'ordinaire à l'extraordinaire.
Sa w wè a, se pasyon, detèminasyon e pwofesyonalis ✅ ✨

★ 📸📸Shooted by
★ 🖌️💻🖱️ Manipulation by

🅱🅾🅾🅺🅸🅽🅶 🅸🅽🅵🅾
𝐋𝐚𝐧𝐝𝐞𝐫 𝐏𝐫𝐨𝐝𝐮𝐜𝐭𝐢𝐨𝐧𝐬 (𝐃𝐢𝐚𝐦𝐨𝐧𝐝 𝐓𝐨𝐜𝐡) 💎⚡
HT🇭🇹 +509 40 99 6053
RD🇩🇴 +1 829 768 3560

•°°
°°•
•°°•°•
•°°
°°•
•°°•°•
•°°
°°•
•°°•°•

📸👉🏼  ★ Rien que la Photographie✨★ Rien que l’Art💥★ Rien que 𝐋𝐚𝐧𝐝𝐞𝐫 𝐏𝐫𝐨𝐝𝐮𝐜𝐭𝐢𝐨𝐧𝐬 𝐃𝐢𝐚𝐦𝐨𝐧𝐝 𝐓𝐨𝐜𝐡💎👨🏻‍💻  De l'ombre à la lumièr...
23/08/2025

📸👉🏼
★ Rien que la Photographie✨
★ Rien que l’Art💥
★ Rien que 𝐋𝐚𝐧𝐝𝐞𝐫 𝐏𝐫𝐨𝐝𝐮𝐜𝐭𝐢𝐨𝐧𝐬 𝐃𝐢𝐚𝐦𝐨𝐧𝐝 𝐓𝐨𝐜𝐡💎👨🏻‍💻

De l'ombre à la lumière, de l'ordinaire à l'extraordinaire.
Sa w wè a, se pasyon, detèminasyon e pwofesyonalis ✅ ✨

★ 📸📸Shooted by
★ 🖌️💻🖱️ Manipulation by

•°°
°°•
•°°•°•
•°°
°°•
•°°•°•
•°°
°°•
•°°•°•

Address


Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Android Lander posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

  • Want your business to be the top-listed Media Company?

Share