MEDIA PLUS

Dènye Aktyalite -    Pitit Prezidan Jovenel Moïse, Joverlein Moïse, voye yon lèt tou louvri bay Sekretè Deta Etazini, Ma...
25/07/2025

Dènye Aktyalite -
Pitit Prezidan Jovenel Moïse, Joverlein Moïse, voye yon lèt tou louvri bay Sekretè Deta Etazini, Marco Rubio, pou enplike administrasyon ameriken a nan chèche verite ak jistis pou pèp Ayisyen.

Se pa ou sèl ki tap rele l' nan moman sa. Kote telefòn li yo ye jouk jodia? Pèsonn pa janm di. Vladimir Paraison,  Marti...
08/07/2025

Se pa ou sèl ki tap rele l' nan moman sa. Kote telefòn li yo ye jouk jodia? Pèsonn pa janm di. Vladimir Paraison, Martine Moise, Sophony Cérélus, DCPJ ka di nou ki kote telefòn Prezidan Jovenel Moïse yo pase. Kolonbyen yo pa gen telefòn nan men yo.

Ki jou, ki dat, a ki lè, ki kote yo touye Jovenel? Kiyès ki te la, konbyen yo te ye? Pouki nou di se Kolonbyen ki touye l' epi 4 lane aprè nou poko janm prezante peyi a Kolonbyen ki te peze gachèt Martine Moise la ni Prezidan an?

Si Jomarlie Moise di li te tande yon pakèt gwo kout bal tap tire, li kouri antre nan chanm frè l' la ki tou kole a chanm pa l', li rete nan chanm frè a jiskaske l' pa tande bri bal yo ankò e ke lè l' soti nan chanm frè a li wè manman l' chita nan eskalaye a avèk yon ponyèt dwat li ki blese, kòman Junior Desrosiers, Sophony Cérélus fè di yo jwenn menm Martine nan kouche nan chanm nan blese grav ap benyen nan san l'?

Si Martine Moise resevwa 7-8 bal a bou pòtan,, daprè pwòp pawòl li, depi bò 2h00 nan maten, kòman fè se jis a 3h00 di maten Vladimir Paraison ak Sophony Cérélus resi mennen l' lopital e kijan l' te fè pale avèk Léon Charles nan eta l' te blese grav la? Claude Joseph li menm fè konnen pandan yo tap mennen Martine Moise lopital, gen yon moun li kwè ki te pase madanm nan telefòn pou l' te pale avèk li. Mande Claude Joseph kisa li te di avèk madanm nan, towo a fè konnen pawòl yo pat ka sòti byen paske madanm nam tap plede koupe, ta sanble li tap plede endispoze🤣. Gen de koupe ki ka fè w endispoze vre wi. M' viv sa deja.

Martine Moise di li ak Prezidan an tap dòmi ansanm nan chanm nan, se bri bal yo ki tap pwoche vin jwenn kay la ki reveye yo. Jovenel Moïse yo prezante nou ki asasinen anndan chanm lakay li a kouche avèk yon Jeans sou li, bòt li nan pye l', chemiz manch long li ak manch yo byen rekase sou li ak yon kalson HANES alanvè sou li. Martine Moise te tèlman blese grav, li tap bay san menm nan bouch, sovè a vin jwenn li kouche ap benyen nan san l'. Jou ki te 6 Jiyè 2022 a, nan emisyon BOUKANTE LA PAWÒL, avèk Guerrier Henri, madanm nan di, "Guerrier, lè m' soti deyò a m' pa wè menm yon mouch." Lè l' sòti nan lakou a aprè asasina a wi.

Kòman yon moun ki resevwa 7-8 bal gwo kalib sa yo, a bou pòtan, fè pase plis ke 1 èd tan, non sèlman li pa nan swen, men li sonje tout dewoulman asasinay la depi nan kòmansman jouk rive nan fen? Sa ki pi grav nan koze a, se ke mèsenè yo, daprè ti bout deklarasyon madanm nan bay konplotè DCPJ yo, avan yo ale te verifye si l' mouri. Kisa mèsenè yo te fè pou konfime ke yo touye madanm nan? 1) Lè li te resevwa rafal bal la, li te tonbe sou fas. Mèsenè yo vire l' sou do(🙈). 2) Mèsenè yo klere flash nan je l' (je l' pa bat). 3) Mèsenè yo peze 1 zòtèy li. Aprè 3 tès sa yo, mèsenè yo konfime ke madanm nan mouri.

Madanm nan di, selon repòtaj jounalis DCPJ yo, se pa li ki pat chwazi pa bouje pandan Kolonbyen yo tap fè tès yo, men se tèlman li te blese grav e li tap bay anpil san ki fè li pat ka fè okenn jès. Donk, se pa je l' ki chèch. Pi grav pase grav, madanm nan rele Ardouin Zéphirin a 3h00 di maten pou mande l' fè kou l' konnen pou jwenn yon anbilans a zèl pou li paske gen yon bagay ki rive l'. Daprè Òdonans Wlater Voltaire a, Ardouin Zéphirin deklare devan jij la ke lè madanm nan te pale avèk li a, li pat di l' ni si yo atake kay li, ni si Prezidan Jovenel Moïse asasinen.

Martine Moise di, toujou nan repòtaj jounalis DCPJ yo: Senk (5) minit aprè mèsenè yo fin ale, jeran lakou a ki se Vilson ELOGE, vin monte nan chanm nan pou wè kòman fanmi an ye aprè atak la. Se lè sa li di, "Ouf! Mèsi, Bondye! Jeran an vivan!" Se konsa li di jeran an pran yon moso twal pou l' mare bra a pou li pou ralanti emoraji a🙈🤣. Kèk moman aprè, 2 zanfan yo vin parèt nan chanm nan tou, yo kenbe bra a, yo leve l' anlè pou li pou kanpe emoraji a an atandan yo mennen l' lopital. Madanm nan te kontinye pou di ke se aprè sa, yon gwoup polisye ki PA NAN SEKIRITE PALÈ NASYONAL te parèt vin pote l' sekou kòm li te blese trè grav, pou mennen l' lopital. Te kwè se Vladimir Paraison ki se Kòdonatè Sekirite Palè Nasyonal ak Sophony Cérélus ki se chèf sekirite madanm nan ki te mennen l' lopital🤔.

Nou tonbe fè moun pè pale pwòp pawòl ki soti nan bouch nou nan dosye asasinay Prezidan Jovenel Moïse la. Nou ekri, Ralph Laurent ap li, nou fache. Nou pale, Ralph Laurent ap fè parese ki pap ni li ni koute yo tande, nou move. Menas lanmò, entimidasyon, avi rechèch e menm lòt ti bagay la fè kenken nan bouda Ralph Laurent. Se mwen ki manje JoJo? Se mwen ki te fè ankèt 800 paj - 678 paj la? Nou rayi m' paske m' se sèl grenn Ayisyen sou plis pase 12 milyon ki oze mennen ankèt pa m' sou dosye sa e ki rive pale a moun ki gen non yo nan dosye a. Nou pa vle wè m' paske m' pa achtab ni manipilab. Nou pi deteste m' ankò paske m' pwouve nou se pa tout Ayisyen ki sòt, menm si nou pa sispann ogmante to analfabetis la ki pase de 80% ant 1840 a 2025. Ankèt pa m' nan ap kontinye. Nou gen lajan, nou se ajan, nou gen tiyè a gaj e nou gen gwo mèt toupwisan dèyè nou nan g no sid sa nou kòmanse sou Jovenel Moïse la, n'a degaje nou. Men, gade byen pou nou wè si m' te pè nou si m' tap ka kanpe toujou aprè 4 lane kout ponya n'ap ban mwen yo. Pi gwo fòs mwen se ke m' DWAT.

RL
Ralph Laurent

La police nan Miami arete yè Mèkredi kite 23 0ktob 2024 la   Joubite Dessalines aka K-Dilak, apre ke li ta pa vle kanpe ...
24/10/2024

La police nan Miami arete yè Mèkredi kite 23 0ktob 2024 la Joubite Dessalines aka K-Dilak, apre ke li ta pa vle kanpe pou yon police ki te vle kanpe li.

Nan Floride : Sa pako gen 2 semèn depi Ouwagan Helene pase nan Florid ak plizyè lòt eta Ki koze lanmò plis pase 200 moun...
06/10/2024

Nan Floride : Sa pako gen 2 semèn depi Ouwagan Helene pase nan Florid ak plizyè lòt eta Ki koze lanmò plis pase 200 moun ak anpil lot ki disparèt. Ebyen metorolojis yo anonse ke yon lòt siklòn fòme byen rapid nan gòlf Meksik la e li pran direksyon dirèk pou Florida, otorite yo estime li ka fè aterisaj an Florid ak yon kategori 3 mèkredi kap vin la, sa ki lakoz anpil panik lakay rezidan yo e tout moun pran direksyon store pou gade si yo ka stoke kek machandiz lakay yo pou pare tann siklon danjere sa. Otorite yo fè konnen siklòn sa ap trè puisan e mande moun sitou ki rete prè lanmè yo pou evakye.

08/04/2024

Prière 🤲 du soir 7/04/2024

Plus de prière plus de puissance💪🙏🧘🙌

Amis de la prière bonsoir !

Nous remercions Dieu pour sa grâce envers nous.🙏🧘

Nous souhaitons à chacun de vous une bonne participation dans ce moment de prière qui à toujours lieu soir après soir.🙏🧘🙌

Première partie: Confession
______________

Chantons # 334 Hymnes & Louanges
1 Jean 1 v 8 à 10
(Prière à genoux)

Deuxième partie :
_________________
Demande la puissance du Saint Esprit.

Chantons 2 strophes dans # 127

1- Saint-Esprit, que ta clarté
Vienne briller sur nos coeurs;
Et que ses rayons vainqueurs
Chassent toute obscurité.

2. Saint-Esprit, ô vérité!
Guide infaillible et divin,
Montre nous le droit chemin,
Courbe notre volonté

Actes 1 v 8
( Prière à genoux)

Troisième partie : Intercession
______________
Chantons # 336
PS 43

Prière à genoux

Quatrième partie :
_______________
Médiation se trouve dans Proverbes 3 v 24,25

Si tu te couches, tu seras sans crainte ; et quand tu seras couché, ton sommeil sera doux .
Ne redoute ni une terreur soudaine, ni une attaque de la part des méchants.

Chant final # 531

Écoutez l'appel du berger!
Il sait ses brebis en danger;
Il les appelle avec amour,
Espérant toujours leur retour.

Refrain
Cherchons-les! Cherchons-les!
Savons-nous le prix d'une âme?
Cherchons-les! Cherchons-les!
Le bon berger les réclame.

Prions le Seigneur !

Bonne soirée avec Jésus! 🛌🙏🧘🙌

20/03/2024

Ooo gad Lavi

Men lis 6 non avèk 2 obsèvatè ki al jwenn CARICOMpou fomasyon konsey prezidansyel la. Kolektif 30 janvye Edgard LeBlanc ...
19/03/2024

Men lis 6 non avèk 2 obsèvatè ki al jwenn CARICOM
pou fomasyon konsey prezidansyel la. Kolektif 30 janvye Edgard LeBlanc fils, Fanmi Lavalas Lesly
Voltaire, Akò Montana Fritz Alphonse Jean, RED/EDE/
Antant Istorik Marie Ghislaine Mompremier, Akò 21 desann Louis Gerald Gilles, sekte prive Laurent St-Cyr.
Pou obsèvate yo Jean André Raymond (Dyaspora),
René Jean Jumeau (REN)

04/03/2024

Je suis unique. J'ai toujours voulu être la personne que je suis devenu aujourd'hui. L'âge ne veut rien dire, car mon âme restera éternellement jeune.
Aujourd'hui, c'est mon anniversaire, alors je prends soin de moi, car je m'aime !
"Joyeux anniversaire à moi-même" Je suis reconnaissant pour chaque porte qui a été fermée, car ce n'était pas le bon chemin. Je vais enfin réfléchir à qui je suis et à qui je veux devenir. Je vais me découvrir. C'est mon plus beau projet et je vais le réussir !Wilkenson Cht

Dirección

Mexico City
8320000

Horario de Apertura

Lunes 9am - 5pm
Martes 9am - 5pm
Miércoles 9am - 5pm
Jueves 9am - 5pm
Viernes 9am - 5pm

Teléfono

+529931637674

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando MEDIA PLUS publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Contacto La Empresa

Enviar un mensaje a MEDIA PLUS:

Compartir

Categoría