Siloé Media

Siloé Media Nou la pou nou sèviw !
(5)

13/09/2026

Polisye a pale

🚨Pòsali leve tèt anba jodi Samdi 12 Septanm 2026 la, Kerson Caseau se non pastè yo rive jwen m0uri anndan legliz li. Jèn...
12/09/2026

🚨Pòsali leve tèt anba jodi Samdi 12 Septanm 2026 la, Kerson Caseau se non pastè yo rive jwen m0uri anndan legliz li.

Jèn gason sa ki se yon pastè ameselès te vin viral sou a kote Li te konn ap vire tou ron nan tanp li tankou papiyon, ebyen moun yo pa rive idantifye arive k0upe T€t li mèt sou bouda l lage anndan tanp lan nan Pòsali.

🚨Mafoud, se non Jèn gason sa ki akize Wougan Bilolo Kongo kòm moun  kap manjel mistikman, misye fè konnen Ougan an lage ...
10/09/2026

🚨Mafoud, se non Jèn gason sa ki akize Wougan Bilolo Kongo kòm moun kap manjel mistikman, misye fè konnen Ougan an lage yon bann Zonbi dèyèl pou touyel.

Selon yon entèvyou li bay ak Tripotay Lakay, jèn nan fè konnen se Akoz yon deklarasyon li te fè sou Bilolo se sak fè misye soti poul manjel la, jèn nan di li santi li pran frap la nan kè.

Mafoud di vwa sa kap plede rele l la pa lòt ke vwa zonbi, li di l konn vwa Zonbi paske se yon ansyen Zonbi li te ye, li sou 7èm reenkanasyon li.

Eske nou panse se yon bagay serye Mafoud ap pale la? Oubyen eske se tèt misye ki pati?

Ekwè Bilolo Kongo ta fè jèn gason an sa vre?

🚨Direktè Administrasyon Pò Nasyonal (APN) nan Okap la, Ronald Célicourt, lanse yon avètisman bay tout moun kap voye mach...
09/09/2026

🚨Direktè Administrasyon Pò Nasyonal (APN) nan Okap la, Ronald Célicourt, lanse yon avètisman bay tout moun kap voye machin pou antre an Ayiti.

Daprè deklarasyon direktè a, moun ki gen entansyon voye machin ta dwe asire yo gen kapasite pou regle pwosedi ladwann yo epi dedwane machin nan, anvan yo fèl ekspedye.

« Pa voye machin si w pa ka dedwanel. » se sa Ronald Célicout fè konnen nan yon konferans pou laprès.

Direktè a di sitiyasyon an vin pi difisil akoz kantite machin ki deja nan pò yo. Daprè li, espas ki disponib pou resevwa ak estoke machin yo vin trè limite, sa ki kreye gwo presyon sou operasyon pò a.

Li mande moun ki konsène yo pran enfòmasyon sou pwosedi ladwann ak kondisyon ki nesesè yo anvan yo voye machin, pou evite machin rete bloke nan pò a pandan yap tann regilarizasyon.

Sous: Amérique Info7

09/09/2026

Polisye a pale | part 9

09/09/2026

Polisye a pale | part 10

09/09/2026

Polisye a pale | part 8

Lycée Philippe Guerrier des Cayes : lancement officiel de la nouvelle année scolaire 2026-2027Le Lycée Philippe Guerrier...
08/09/2026

Lycée Philippe Guerrier des Cayes : lancement officiel de la nouvelle année scolaire 2026-2027
Le Lycée Philippe Guerrier des Cayes a officiellement lancé, ce lundi 7 septembre 2026, les activités marquant le début de la nouvelle année scolaire 2026-2027.

📸 : Jordany Junior Verdieu
JVJ Contributions

🚨Yon pwojè lwa depoze nan Chanm Depite Repiblik Dominikèn nan pwopoze pou fè kreyòl ayisyen, anglè ak fransè obligatwa n...
07/09/2026

🚨Yon pwojè lwa depoze nan Chanm Depite Repiblik Dominikèn nan pwopoze pou fè kreyòl ayisyen, anglè ak fransè obligatwa nan lekòl piblik ak prive yo, depi nivo primè rive nan segondè.

Depite dominiken Julio César Beltré, manm PRM, te depoze pwojè a le 31 out 2026. Dapre li, ansèyman kreyòl la ta ka fasilite kominikasyon ak koperasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn, sitou akoz lyen istorik, ekonomik, kiltirèl ak migratwa ki egziste ant de peyi yo.

Si pwojè a ta vin lwa, kreyòl la pa tap limite sèlman ak zòn fwontyè yo, men li ta vin obligatwa pou elèv nan tout peyi a.

Pwojè a prevwa yon aplikasyon pwogresif sou yon peryòd ki ka rive jiska 5 lane. Sepandan, gen deja opozisyon nan kèk sektè politik dominiken.

Sous: Juno7

🚨Prezidan Donald Trump pibliye sou Truth Social yon imaj Lalin nan ak yon drapo ameriken, ansanm ak mesaj “THE MOON IS O...
07/09/2026

🚨Prezidan Donald Trump pibliye sou Truth Social yon imaj Lalin nan ak yon drapo ameriken, ansanm ak mesaj “THE MOON IS OURS”, sa vle di « Lalin nan se pou nou », san li pa bay okenn eksplikasyon ofisyèl.

Deklarasyon sa a vini apre yon seri revandikasyon teritoryal ki pa twò òdinè li fè pandan ane sa a, pami yo chanje non Lak Ontario pa Lak Amerik ansanm ak lòt chanjman non li ta pwopoze pou Nouvo Meksik.

Ekspè nan domèn legal yo raple ke Trete sou Espas Eksteryè 1967 la, ke Etazini te ratifye, entèdi klèman yon peyi pran posesyon oswa reklame yon kò selès tankou pwòp teritwa nasyonal li.

Jiskaprezan, Mezon Blanch lan pa bay okenn dekrè ofisyèl pou soutni deklarasyon sa a.

Sous: Economic Times ak Irish Star.

Adresse

Gonaïves

Téléphone

+50941177388

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Siloé Media publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager