08/11/2025
Adidas Arena *Klass* lendi 10 novanm 2025 à Paris!
1- kòm dabitid klass te konn jwe ap 2 liy van kounya lap gen 4 liy van: yon twonbòn, 2 saksofòn, yon twonpèt.
2- *Klass* ap jwe avèk vyolon moun kap jwe enstriman sa yo se 2 matinikè ki se yon fanm ak yon gason.
3- Pou koral yap ajoute 3 moun ladan ki se 2 jèn gason ak yon jèn fanm plis Cadelouse men Cadelouse ap toujou rete nan plas abityèl li sa vin fè gen 4 moun nan koral la!
Nou ka konstate ke *klass* ranfòse nan enstriman yo ansuit li ajoute nan koral jazz sa montre n non sèlman *klass* vle konpa pi kosto men se yon konsè ke nèg yo vrèman pran o serye!
Viv 70 an konpa dirèk viktwa *klass* se viktwa tout ayisyen se viktwa tout jazz kap jwe konpa dirèk!
*JOHN DESTRA KONPA* Lendi 10 novanm pa gen wout pa bwa💯💯🤝🤝✍️✍️