09/05/2026
Ki rezon kle ki koz travay konpayi NATCOM nan pa kontinye nan komin TIBIWON ?
Èske sijè sa gen pou wè ak otorite Tibiwon yo?
Èske se NATCOM ki pa deside kontinye travay yo?
N'ap raple popilasyon an NATCOM te fè aparisyon li nan komin nan avan tanpèt Mathieu, e se katastwòf natirèl sa an 2016 ki ta pral koz entèripsyon kominikasyon konpayi sa nan komin nan.
10 ane aprè konpayi a deside vin enstale li nan komin Tibiwon yon lòt fwa, men aprè kèk enstalasyon kab fib optik, nou remake travay yo pa kontinye..
Anpil rimè ap sikile , anpil nan yo di se otorite yo ki koz travay yo pa kontinye, men si se otorite yo ki koz Nou rete kwè se pou yon rezon byen detèmine...
Anpil lòt komin nan peyi a gen yon kont rezo sosyal ki lye ak meri yo.
Li tap enpòtan pou meri TIBIWON an gen yon kont rezo sosyal konsa meri a tap kapab pataje kèk enfòmasyon ak popilasyon an, e popilasyon an tap sispann fè difamasyon...
fans