10/07/2025
Nou tout sonje gòl Donald Guerrier te make kont Lespay la. Nou te pèdi match la, men gòl sa a te yon viktwa pou tout peyi a ! Nou pa p janm bliye gòl Peguero Jean Philippe te bay Litali a ! Tankou, nou pa p janm bliye Kanada t ap mennen 2 - 0 panse yo fin rive, epi nou pase yo 3 boulèt kanno. Bann te pran lari, granmoun kou timoun te soti banbile viktwa nasyon an ! Kostarika lotrejou, menm plim menm plimay. Yo t ap mennen 2-0, men avèk grenadye ki gen san Desalin k ap koule nan venn yo, byen pre pa janm lakay ! Ak yon gwo eksplwa kolektif, Providence nan mitan teren an k ap gide nou, Bellegarde k ap fann teren tankou kouto cho k ap antre nan bè, Duverger nan kan an tounen miray jeriko, mete sou yon Duckens Nazon ki te andjable ! Grenadye yo te reveye moun ki gentan domi, e yo te fè sa k pot ko domi, reve je klè !
Jan de match sa yo depase kad espotif la, yo vin tounen evenman nasyonal. Moman istorik. Moniman nou pa ka touche, men nou ka santi. Yo se de ti komansman revolisyon. Moman ki rasanble ayisyen. Ki fè n bay yon moun nou pa konnen ni an pent ni an penti yon gwo akolad. Ki bay ayisyen, rezon pou yo bat lestomak yo, pou di yo fyè ke yo se ayisyen ! Paske nan kalte moman sa yo, nou santi pandan yon ti kadè, se nou ki mèt ke mond lan.
Nou menm fanatik ak konpatriyot, se sa nou vle, se sa n ap chache. Yon latriye match ki dire 90 minit, men ki charye souvni, kè kontan ak fyète k ap efase jouk lè ti poul fè dan. E Grenadye yo, se sa y ap ranje kò yo pou ofri nou. Pou se yo ki Desalin, Tousen ak Kristòf foutbol la ! San sipò nou, se lave men siye atè, paske ankenn viktwa pa ka fèt san tout nasyon an pa foure kò l nan batay la !
Ansanm, an n fè drapo peyi a flote pi wo !