Tour du monde

  • Home
  • Tour du monde

Tour du monde Faisons le tour du monde !
(9)

📻FLASH: Ayisyen fè fas ak 10 lane prizon aprè ke li domaje yon sistèm dlo nan yon ofis ICE kote li te ye ap tann depòtas...
23/07/2025

📻FLASH: Ayisyen fè fas ak 10 lane prizon aprè ke li domaje yon sistèm dlo nan yon ofis ICE kote li te ye ap tann depòtasyon:

📻Yon gran jiri federal nan York County, Pennsylvania akize Guerdison Printus, 27 lane pou destriksyon proriyete leta. Otorite yo di pandan Guerdison nan detansyon ap tann depòtasyon misye al manyen e domaje sistèm ki pou ede vide dlo nan bilding nan, nan ka ijans si ta gen dife.

📻 Daprè envestigatè yo misye koze domaj dlo nan espas ofis ICE la ki evalye ak $1000 dola. Maximum santans pou akizasyon sa se 10 lane prizon ak yon lane lage sou kosyon si yo jwenn li koupab.

Mezanmi ooo 🙆‍♂️🙆‍♂️

Pataje, kòmante e like pòs yo. Tour du monde paj pèp ayisyen an. 🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹

📸FLASH: Paspò Ameriken an kontinye ap pèdi valè: Nan yon dènye etid Ki fèt ane sa paspò Ameriken an ki te an 8èm plas na...
23/07/2025

📸FLASH: Paspò Ameriken an kontinye ap pèdi valè: Nan yon dènye etid Ki fèt ane sa paspò Ameriken an ki te an 8èm plas nan mond lan desann an 10èm pozisyon.

📸Paspò Ameriken an gen mwens aksè pou antre nan kek peyi san viza ke jan li te ye ane pase. Paspò Trump lan ki an 10em pozisyon preske soti nan pami top 10 pi gran paspò yo.

📻Paspo tonton sam nan bay aksè ak 182 peyi san viza kounya, pandan paspò ki an premye pozisyon an ki se Paspò Singapore a bay aksè ak 193 peyi san viza. An dezyèm pozisyon se paspò Japon ak Kore di Sid la ki bay aksè ak 190. Nap raplew 10 zan de sa an 2014 paspò Ameriken an te an premye pozisyon.

🙌Pataje, kòmante e like pòs yo. Tour du monde paj pèp ayisyen an. 🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹

📻FLASH: Obama nan gwo cho ak administrasyon Trump lan. Trump vle yo arete’l pou trayizon: 📻Administrasyon Trump lan vle ...
23/07/2025

📻FLASH: Obama nan gwo cho ak administrasyon Trump lan. Trump vle yo arete’l pou trayizon:

📻Administrasyon Trump lan vle pouswiv an jistis ansyen Prezidan Barack Obama pou trayizon aprè ke direktris entèlijans nasyonal prezidan Trump lan Tulsi Gabbard (Ansyen demokrat) fè konnen se fabrike administrasyon Obama a te fabrike istwa ke la Russie tap ede Trump genyen eleksyon 2016 yo.

📻 Trump deja fè plizyè tweet ki montre foto ak video AI kote FBI ap arete Obama. Ekip Obama a reponn ak akizasyon yo konsa “ Akizasyon dwòl sa yo ridikil epi se yon tantativ fèb pou distrè atansyon moun." Pou kounya dosye a nan men prokirè jeneral Trump lan Pam Bondi.

📸Si dosye sa kontinye e yo jwenn Obama koupab, li kapab kondane a vi.🙆‍♂️🙆‍♂️🤔🤔

Pataje, kòmante e like pòs yo. Tour du monde paj pèp ayisyen an. 🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹👏👏👏

📻FLASH: Anpil enfòmasyon ap sikile fè konnen otorite yo nan Okap pa vle libere moun yo te depòte semèn pase yo san yo pa...
22/07/2025

📻FLASH: Anpil enfòmasyon ap sikile fè konnen otorite yo nan Okap pa vle libere moun yo te depòte semèn pase yo san yo pa peye. Yo di yo chaje moun yo de 50 a 100 mil goud.

Nap Mande pou moun ki konsène yo fè yon voye je pou nou, paske si se vre sa se enjistis li ye.

Pataje, kòmante e like pòs yo.

📻FLASH: Siw bezwen entèpretè pou yon randevou USCIS, mache ak youn, se sa administrasyon Trump lan di: 🙆‍♂️🤔Nan nouvo me...
22/07/2025

📻FLASH: Siw bezwen entèpretè pou yon randevou USCIS, mache ak youn, se sa administrasyon Trump lan di: 🙆‍♂️🤔

Nan nouvo mezi administrasyon Trump lan pran pou sere boulon prosè imigrasyon li yo, yo deside pa bay sèvis entèpretè gratis ankò, yo fè konnen siw gen randevou epi ou bezwen yon entèpretè ou oblije ale ak youn pou tèt ou.🙆

De jou an jou bagay yo ap vinn plis konplike nan peyi Tonton Sam 🙆‍♂️ 😭.

Pataje, kòmante e like pòs yo. Tour du monde paj pèp ayisyen an .🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹

📻FLASH: Rod Joseph ap fè mare PM Alix Didier Fils-Aime depi li tounen Etazini: Ansyen militè Ayisyen-Ameriken an pale an...
22/07/2025

📻FLASH: Rod Joseph ap fè mare PM Alix Didier Fils-Aime depi li tounen Etazini:

Ansyen militè Ayisyen-Ameriken an pale anpil koze, kòmandan fè konnen gen nenpot 5 manda nan lari a la pou mare nèg nan jou kap vini yo la, Rod fè konnen se paske li te busy nan nasyon zini, se lè PM nan fin tounen Ayiti li jwenn de evidans kote li te ka fè kenbe PM nan ak ekip li.

PM nan gen pou tounen an septanb pou nasyon zini, Rod di depi li vini lap fè mare’l. Rod tou fè tout moun konnen depiw te viktim de nenpot politisyen kou boujwazi depiw gen prèv tanjib voye yo pou li depi neg yo Etazini lap fè mare yo.

Kite m swiv dosye sa pou nou.

Pataje, kòmante e like pòs yo. Tour du monde paj pèp ayisyen an. 🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹

📻Kote nou? Vinn edem  mete respè devan  gwo jounalis Valerio Saint-Louis. Pou dat mwen konnen Valerio nan media, mwen se...
21/07/2025

📻Kote nou? Vinn edem mete respè devan gwo jounalis Valerio Saint-Louis. Pou dat mwen konnen Valerio nan media, mwen sezi wè anpil moun pat fèl konfyans nan nouvèl li a, menm neg ki te travay menm kote avèl te gen dout.

Sa moutre a klè ke nou tout jounalis Ayisyen ki a letranje yo, nou pa vo anyen vre se anba bouch etranje selman nap tann pou pran pandan nou pa fè yon konfrè nou ki gen tout eksperyans sa konfyans, mwen sezi wè gen de moun se kounya yo kwè.

Se youn nan moun ki te premye bay enfòmasyon sou arestasyon Boulos la. Respè pou ou frèm. Travay la ap kontinye. 👍👏👍👏👍👏👍

Pataje, kòmante e like pòs yo. Tour du monde paj pèp ayisyen an. 🇭🇹 🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹

📻Flash: Miami Herald konfime arestasyon Boulos,  jounalis nou tap ret tann yo pral lage news la pou nou kounya. Nou menm...
21/07/2025

📻Flash: Miami Herald konfime arestasyon Boulos, jounalis nou tap ret tann yo pral lage news la pou nou kounya. Nou menm nou te toujou kanpe red deye post nou an.

Daprè sa medya Miami Herald rapòte, ka Pierre Reginald Boulos la konplike, parapò ak estati imigrasyon li ki pa sèten.

Selon sa ki di nan dosye tribinal imigrasyon yo, li pa klè jiskaprezan si afè Boulos la gen rapò ak yon kèlkonk akizasyon kriminèl. Òm dafè Ayisyen an ki gen 69 lane, gen pou parèt devan jij Jorge Pereira, 31 jiyè 2025, a 8:00 am, se sa dokiman tribinal yo di. Jiskaprezan, enfòmasyon sou arestasyon Pierre Reginald Boulos, poko parèt sou sistèm ICE la. Bò kote Depatman Sekirite Enteryè (DHS) oubyen Depatman Jistis, poko gen okenn repons sou akizasyon ki tonbe sou do PDG Delimart la.

Nap raple, se jounalis Ayisyen🇭🇹Valerio Saint-Louis ak medya an liy Radio Metronome, Vin Retire Stress, Tour du monde ki te anonse nouvèl la an premye sou rezo sosyal yo.

Kote moun ki tap joure m yo, nou tap di se manti map bay paske mwen se youn nan paj ki te premye bay enfòmasyon sa. Kisa nap dim kounye a?

Kontinye fè paj la konfyans pataje, kòmante e like pòs yo.

🇺🇸FLASH: Prezidan Trump menase pou bloke yon ekip football Ameriken bati yon stad poutet li pa renmen nouvo non ekip la:...
21/07/2025

🇺🇸FLASH: Prezidan Trump menase pou bloke yon ekip football Ameriken bati yon stad poutet li pa renmen nouvo non ekip la: 🏟

📻Washington Commanders ki se nouvo non ekip sa ki te rele Washington Redskins. Yo te chanje non yo nan lane 2022 aprè ke yo te resevwa anpil presyon ak kritik nan men gwoup Ameriken nativ yo esponsò yo ak anpil politisyen pou non an yo twouve ki te toujou ofensiv.

Trump ki te toujou kont chanjman sa te toujou ap kritike demokrat yo li di ki vle efase listwa. Pou kounya Trump mande pou ekip la retounen chanje non li an Washington Redskins ankò pou li pa bloke aksè yo pou bati yon nouvo stad. 🏟🏟🏟

Yon dosye nap swiv deprè pou ou, rete konekte ak paj la.

Pataje, kòmante e like pòs yo. Tour du monde paj pèp ayisyen an. 🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹

📻FLASH: Don Kato atake Pitit Jovenel la li mande pou Joverlein Moïse sispann pale an daki li di pou misye vini dwat nan ...
21/07/2025

📻FLASH: Don Kato atake Pitit Jovenel la li mande pou Joverlein Moïse sispann pale an daki li di pou misye vini dwat nan sa lap di yo. Li di se pou misye site non moun li konnen ki konplis nan lanmo papa’l yo.

Eske se Don Kato ki dwe di Jovenel kilè pou site non yon moun ki koupab nan lanm0 papal?

Kisa ou panse Don Kato ap chèche?

Pataje, kòmante e like pòs yo. Tour du monde paj pèp ayisyen an. 🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹

📻FLASH 🇺🇸: Yon imigran ilegal Ayisyen kondane de 12 a 15 zan prizon aprè ke li plede koupab paske li fè kadejak e ansent...
21/07/2025

📻FLASH 🇺🇸: Yon imigran ilegal Ayisyen kondane de 12 a 15 zan prizon aprè ke li plede koupab paske li fè kadejak e ansent yon pitit fi li nan yon abri pwovizwa pou imigran san kay yo nan Marlborough, Massachusetts:🙆‍♂️🙆‍♂️

📻Ronald Joseph 44 lane, ansent pitit fi li ki gen 14 zan nan yon abri imigran gouvènman an ye mete anpil imigran ki pat gen kote pou yo rete.🤔

📻Envestigatè yo fè konnen Ronald te kòmanse abize pitit li a depi nan lane 2023 pou rive 2024. Lè pitit la fet yo fè tes e tes la pwouve ke Ronald se papa pitit la. 🤔

📻ICE fè konnen Ronald antre nan peyi a nan mwa Me 2023 san papye valid malgre sa yo te kitel antre nan peyi a men yo te bal dat pou vini dejan yon jij imigrasyon.

Nap raplew : Pou sekirite pitit la nou pa mete imaj konsène yo. 🤔

Pataje, kòmante e like pòs yo. Tour du monde paj pèp ayisyen an. 🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹

🇺🇸FLASH: Prezidan Trump fache e fè yon tweet aprè ke yon imigran ilegal DOMINIKEN t!re yon ajan patwouy fontalyè Amerike...
20/07/2025

🇺🇸FLASH: Prezidan Trump fache e fè yon tweet aprè ke yon imigran ilegal DOMINIKEN t!re yon ajan patwouy fontalyè Ameriken nan yon pak New York:

📻Miguel Francisco Mora Nunez 21 lane debake sou ofisye a pandan li te chita nan yon pak ak yon fi, Nunez akonpanye ak yon akonplis sou yon ti moto parèt dèyè do yo nan yon tantativ pou vòlè yo, epi ofisye a ki te sou men li, rapid rale zam li epi li t!re sou misye poul defann li epi misye t!re sou li tou.

Pou kounya tou 2 moun yo, ofisye a ak Nunez lopital. Ofisye a blese nan figi pandan Nunez blese nan pye ak lestomak. Ofisye a nan moman an te nan jou off li, li pat an sèvis.

📻Sekretè sekirite enteryè a fè konnen Nunez gen yon long rekò kr!minel sou tèt li deja e depòte plizyè fwa e fè konnen administrasyon Biden lan te lagel byen lib nan peyi a denye fwa li te rantre a ki se te Avril 2023.

Nap swiv deprè pou ou tout nouvèl kap pase nan peyi Tonton Sam.

Pataje, kòmante e like pòs yo. Tour du monde paj pèp ayisyen an. 🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹

Address

GA

Telephone

+12293315509

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Tour du monde posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Tour du monde:

Shortcuts

  • Address
  • Telephone
  • Alerts
  • Contact The Business
  • Claim ownership or report listing
  • Want your business to be the top-listed Media Company?

Share