11/15/2025
Pitit Mèt Minwi
Pitit mèt Minwi, se yon istwa ke nou jwenn nan Liv WEDO a, ki te pibliye 14 dawout 2023. Men Pitit mèt Minwi, se yon pwojè pou kont li, yon rekèy nouvèl ke m te ekri depi nan lane 2014. Se yon ansanm de istwa, ki charye, mès nou, koutim nou, ki ap fè nou reviv yon ansanm de bagay ke nou pèdi. Tankou, tire kont lannwit, sote kòd, gwoup timoun reyini pou bay blag... Se yon ansanm de istwa k ap fè w ri anpil epi chaje leson moral pou timoun ak granmoun.
Anndan Liv Wedo a, Pitit mèt minwi fè yon ti pase tou piti, se yon fason pou n kòmanse abitye avék li. N ap jwenn li nan 2e istwa ki nan Liv la.
Si w poko fè lekti Liv Wedo a, m ap fè kado 3 premye istwa yo, WhatsApp :(678) 979-8033 mwen koulyea m ap voye l pou ou.
▪️Pitit Mèt minwi Wo anpil, li menm wòtè ak papa l.🤭