10/25/2025
SA NOU DWE KONNEN
gen kek moun ki pagen bitasyon , paske manm nan fanmi an te vann tout eritaj yo , tout lakou yo , pagen anyen ki rete , le sa menm de demanbre ou paka pale paske pagen anyen ki rete kom eritaj , gen moun tou ki leve nan peyi etranje ki pa konnen anyen de fanmi yo ni bitasyon , ni ki kote bitasyon an te ye …
gen yon chante nan vodou ki di ; »
moun ki pa genyen bitasyon an , ou kapab rebati egregò sa yon lot kote , konsa tou ou ka kreye youn , apati lespri ak konesans ansestral ou genyen , egregò a toujou egziste men se espas la ou pa genyen men fòs yo toujou la , lwa yo toujou la , se sak fe kelkeswa kotew ye nan mond lan ,ou kapab envoke egregò sa , ou ka fe apel ak fòs sa ki se bitasyon manmanw ak papaw . ( se pa nenpot ki moun ki kapab rebati yon egregò kite kraze , genyen reg ki dwe swiv , premye reg la ou dwe yon moun ki « CHWAZI » nan bitasyon sa ou vle rebâti a !
yon moun ki genyen pesekisyon nan pwop fanmil pou koze bitasyon , kote li trouvel nan enposibilite pou li ale nan bitasyon’l antanke pitit lakou a ,antanke eritye lakou a , yon moun ki pa konnen anyen de bitasyon’l ki pa konnen kote bitasyon sa ye , li kapab rebati bitasyon sa yon lot kote , ou byen kreye yon lot bitasyon apati de sal genyen kòm konesans ak pwisans mistik !
Bilolo
Roi Vanté Makandal