JP-dat7

JP-dat7 Kilti, Folklò, peyizaj, griyen dan, byenèt

06/08/2026

Kote nou?
Vin pote boure pou n grandi paj nou.

🎤 Roi W***y se pa yon atis ki renmen fè anpil bri, men li toujou fè moun pale de li atravè travay li, angajman li ak saj...
06/07/2026

🎤 Roi W***y se pa yon atis ki renmen fè anpil bri, men li toujou fè moun pale de li atravè travay li, angajman li ak sajès li. Nan fason li viv, li aji ak fason li fè mizik, li toujou mete mounite ak respè an premye.

🌟 Pou anpil moun, li se youn nan pi bon atis jenerasyon li nan vil Pòdepè. Yon talan ki chwazi enspire olye li chèche eskandal, yon atis ki sèvi mizik kòm yon zouti pou pote mesaj ak valè.

👏 Si w poko swiv li oswa pran tan pou koute mizik li yo, fè sa. Ou ka dekouvri anpil bèl bagay ladan yo.

🙏 Respè pou ou, Roi W***y. Kontinye kenbe flanbo a wo, atis! 🎶🔥

***y 🇭🇹🎤✨

🏆 Yon gwo felisitasyon pou Institution Mixte Les Frères Mathurin, vis chanpyon jeni entèskolè pou nivo twazyèm s*k la, a...
06/07/2026

🏆 Yon gwo felisitasyon pou Institution Mixte Les Frères Mathurin, vis chanpyon jeni entèskolè pou nivo twazyèm s*k la, ak Le Tournesol, vis chanpyon pou nivo segondè a!

👏 Bravo pou tout jwè yo ki te montre entèlijans, disiplin ak lespri konpetisyon pandan tout aktivite a.

🎓 Yon gwo kout chapo tou pou ekip òganizatè yo ki kontinye ap fè konesans briye nan vil Pòdepè atravè bèl inisyativ sa a. Se kalite aktivite sa yo ki ede fòme lidè ak entèlektyèl demen yo.

🌟 Konesans se fòs, e jèn sa yo montre nou avni an gen anpil espwa! 💙📚🏆

📚🏆👏

06/07/2026

Plezi plaj nan Baie des Moustiques
👉👉👉Vin di m ki pi bèl plaj ou konnen nan Nodwès

06/07/2026

Zili de Siara k ap depoze konpa!

🏆 Yon ane ki make pa ekselans ak konpetisyon entelektyèl nan vil Pòdepè! 🏆Ane sa a, plizyè konkou Jeni te mete talan ak ...
06/06/2026

🏆 Yon ane ki make pa ekselans ak konpetisyon entelektyèl nan vil Pòdepè! 🏆

Ane sa a, plizyè konkou Jeni te mete talan ak konesans elèv yo an valè. Nan fen batay entelektyèl sa yo, Lycée Tertullien Guilbaud sakre chanpyon pou nivo segondè a, tandiske Institut Le Marien domine kategori twazyèm s*k fondamantal la.

👏 Gwo kout chapo pou tout moun ki te travay san pran souf pou òganize bèl aktivite sa yo, ki kontinye ankouraje ekselans akademik nan mitan jèn yo.

🎉 Felisitasyon espesyal pou de lekòl chanpyon yo! Viktwa sa yo se rezilta disiplin, efò ak detèminasyon. Kontinye fè nou fyè!

🏅📚✨

06/06/2026

Dous la, Djaz Pòdepè Nan yon bel entèpretasyon mizik Rutshelle Guillaume la: rete a

06/05/2026

Vin dekouvri gwo moman emosyon ak fyète kote ekip chanpyon jeni ant lekòl yo pou twazyèm s*k la t ap resevwa meday yo! 👏🏆✨

🏆 Institut Le Marien sou tèt podium lan! 🏆Apre yon bèl demonstrasyon konesans ak detèminasyon, Institut Le Marien sakre ...
06/04/2026

🏆 Institut Le Marien sou tèt podium lan! 🏆

Apre yon bèl demonstrasyon konesans ak detèminasyon, Institut Le Marien sakre chanpyon nan konkou jeni ki te òganize nan vil Pòdepè pou twazyèm s*k fondamantal la. Yo ranpòte viktwa a sou Institution Mixte Les Frères Mathurin ak yon nòt konvenkan 132 kont 60.

👏 Felisitasyon pou tout ekip Le Marien an pou bèl pèfòmans sa a! Se te yon match ki te chaje ak entèlijans, disiplin ak lespri konpetisyon.

Bravo Le Marien! Nou salye tout patisipan yo pou bèl spektak sa a. 🎓✨

06/04/2026

Ayisyen k ap mete plezi, bel anbyans

Address

Bradenton, FL
34208

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when JP-dat7 posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Share