Podcast Eder le Duc

Podcast Eder le Duc Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from Podcast Eder le Duc, Podcast, Colorado Springs, CO.

“Let’s Talk” est un podcast d’échanges ouverts qui explore des sujets variés, met en lumière des histoires inspirantes et encourage la réflexion à travers des discussions authentiques.

09/10/2026

Chak timoun merite yon chans pou l kwè nan rèv li… e jodi a, nou gen yon bèl opòtinite pou nou bay kèk timoun chans sa a.

09/09/2026

Diplomasi oubyen lobiism: Lè reprezantan Ayiti yo ap pale ak kominote entènasyonal la, èske y ap defann enterè pèp la oswa enterè moun ki sou pouvwa a?

09/08/2026

Tout responsab Ayiti kap pran la pawòl devan kominote entènasyonal la gon w sèl diskou : « Tout bagay sou kontwòl », pandan sou tèren an son w lòt reyalite. Eske nou konn Kisa ki fè ? 🤔

Parce qu’un accomplissement aussi grand mérite d’être immortalisé à la hauteur du moment 🎓✨📸: Eder le Duc
09/07/2026

Parce qu’un accomplissement aussi grand mérite d’être immortalisé à la hauteur du moment 🎓✨

📸: Eder le Duc

09/04/2026

Yon mesaj pou Kenscoff: lè yon kominote ap travèse doulè, se devwa nou kòm jèn pou nou kanpe ansanm, pote solidarite nou epi mande pou lavi ak diyite moun respekte 🇭🇹

09/03/2026

Lisa Lotto célèbre ses 15 ans en soutenant l’éducation ✨❤️

Rete konekte pou’w konnen Koman pwosesis lan ap dewoule LISA Lotto

08/28/2026

Bonjou! M pase pou m di nou sa gen 4 jou depi yon masak fèt nan peyi an kote plis pase 47 moun pèdi lavi yo. Jiska prezan, tout moun ki te nan pòs responsablite yo toujou nan plas yo, yo toujou ap touche. Pa gen demisyon, pa gen revokasyon, pa gen okenn responsablite ki pran.

M ta renmen Konnen ki kote polisye ki te sipoze pwoteje zòn lan te ye? Eske te gen afwontman? Jiska prezan, nou pa tande pale ni de polisye ni de gang ki ta viktim nan echanj sa yo.

Èske se vrèman konsa bagay yo ye?

Èske se nan yon konplo pèp la pran?

Pèp la merite repons. Pèp la merite jistis. E sitou, pèp la merite konnen kiyès ki responsab pou echèk sa yo.

Parce qu’un accomplissement aussi grand mérite d’être immortalisé à la hauteur du moment 🎓✨📸: Eder le Duc 💄: Cupidon 💇‍♀...
08/28/2026

Parce qu’un accomplissement aussi grand mérite d’être immortalisé à la hauteur du moment 🎓✨

📸: Eder le Duc
💄: Cupidon
💇‍♀️: Cupidon

Book us 📸

Ki kalite mechanste ki ka fè yon moun gade yon lòt moun dwat nan je, epi deside lavi moun sa a pa vo anyen?Pafwa, se pa ...
08/27/2026

Ki kalite mechanste ki ka fè yon moun gade yon lòt moun dwat nan je, epi deside lavi moun sa a pa vo anyen?

Pafwa, se pa kouto ki pi danje a, se kè moun kap itilize l lan ki vin san santiman. Lè yon moun rive pa wè valè lavi yon lòt moun ankò, se la nou dwe poze tèt nou kesyon: ki sa ki rive ak peyi nou an konsa ?

Chak vi gen yon istwa, yon fanmi, yon rèv, yon espwa. E pèsonn pa gen dwa deside yon lòt moun pa merite viv.

Lè nou pèdi valè lavi moun, se imanite nou menm nou pèdi 💔🇭🇹

08/25/2026

Mwen vrèman swete nou pa tonbe nan pyèj: « Depi pa gen sekirite, pa dwe gen eleksyon. »

Paske si nou antre nan lojik sa a, gen yon risk pou yon seri moun ki pa vle eleksyon pran avantaj sou sitiyasyon an. Moun sa yo fè bè yo nan dezòd ak fè vye deal nan tranzisyon. Chak fwa gen yon ti amelyorasyon sou kesyon sekirite a, yap chofe ensekirite a ankò pou fè nou kwè eleksyon a vin enposib.

Se poutèt sa, fòk nou reflechi byen: sekirite dwe yon kondisyon pou òganize eleksyon, men li pa dwe tounen yon eskiz pou anpeche eleksyon fèt.

Address

Colorado Springs, CO

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Podcast Eder le Duc posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Podcast Eder le Duc:

Shortcuts

Share

Category