04/14/2026
*ENA*
*Entente Nationale*
*Antant Nasyonal*
*NÒT SENPATI*
Pati politik Antant Nasyonal (ENA) ap prezante sensè kondoleyans li bay tout fanmi, zanmi ak alye moun ki viktim yo nan dram ki pase nan SITADÈL samdi 11 avril 2026 la.
Nan moman doulè sa a, ENA pataje gwo tristès ak tout moun ki frape dirèkteman oswa endirèkteman pa trajedi sa a. Sa ki rive a pa sèlman touche fanmi viktim yo, men li frape konsyans tout nasyon an, sitou nou menm kòm yon pati politik ki toujou ap defann dyalòg enklizif, respè mityèl, ak rechèch yon antant nasyonal pou konstwi yon peyi ki estab ak fonksyonèl.
Nou konsidere dram sa a kòm yon apèl ijan pou tout sektè nan sosyete a, kit se otorite lokal yo oswa dirijan nan pi wo nivo Leta a, pou yo pran responsablite yo ak plis serye. Li enpòtan pou nou tout tire leson nan sa ki pase a pou evite lòt trajedi menm jan an.
Se ak anpil emosyon kowòdinasyon nasyonal la, ansanm ak kowòdinasyon depatmantal Nò a, ap voye yon mesaj senpati pwofon bay tout fanmi ak pwòch moun ki pèdi lavi yo.
Pati politik Antant Nasyonal la rete solidè ak nou nan moman difisil sa a, epi li renouvle angajman li pou kontinye ankouraje yon dyalòg vrèman enklizif pou peyi a ka pran yon nouvo direksyon.
*Sensè senpati!*
Schner Mildor
Responsab Kominikasyon
Depatmantal Nò