06/08/2026
: Wilson Isidor se yon jwè foutbòl Ayisyen ki fèt Rennes, Lafrans nan lane 2000. Aktyèlman, li ap jwe nan ekip Sunderland lan, an Angletè. Avan sa li te jwe nan SC le Rheu, Rennes B (Lafrans), Monaco(Lafrans), Laval (Lafrans), Borgo (Lafrans), Lokomotiv Moscou (Larisi), ak Zenith Saint-Petersbourg (Larisi). Pou sezon 2023-2024 la, li te chanpyon Premier League la epi pran Russian Cup la ak Zénith Saint-Petersbourg la. Epi pran Super Cup la ak yo pou sezon 2024-2025 lan. Nan lane 2021, li te revelasyon nasyonal ane a. Nan seleksyon menm, li te jwe pou ekip U17, U18, U19 ak U20 Lafrans lan epi li te chwazi vin jwe pou Ayiti nan mwa mas 2026 la. Sou 3 match ak seleksyon an, Isidor gentan fè 2 gòl sou 2 match sa ki fè yo rele li Isigòl. Pou Mondyal 2026 la, li se youn nan atakan Ayiti ka konte sou li pou met boul la nan gòl e li fè konnen li menm ak koyekipye li yo pa pral bay okenn piyay.