JB Média Haïti.

JB Média Haïti. Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from JB Média Haïti., Media/News Company, Dallas, TX.

🇭🇹 JB Média Haïti | Média digital
📰 Nouvèl • Repòtaj • Evènman • Enfòmasyon
📍 Haïti & diaspora
🎥 Nou pote enfòmasyon pi pre kominote a
📲 Swiv paj JB Media Haïti a

09/12/2026

🕊️ ANONS OFISYÈL ANTÈMAN EDGARD CERISIER 🕊️
Se avèk anpil tristès ak doulè nan kè nou pataje anons ofisyèl seremoni pou Edgard Cerisier, ki kite nou trajikman 7 septanm 2026, a laj 45 an.
Fanmi Cerisier envite fanmi, zanmi, pwòch ak tout moun ki te konnen Edgard pou vin rann li yon dènye omaj epi akonpaye fanmi an nan moman difisil sa a.

📍 Veillée funèbre :
🗓️ Madi 15 septanm 2026
⏰ 6è pou 8è nan aswè
📌 Paroisse Notre-Dame de Meyer
📍 Seremoni antèman an :
🗓️ Mèkredi 16 septanm 2026
⏰ Ekspozisyon depouy la: 7è pou 9è nan maten
✝️ Seremoni an kòmanse 9è, suiv ak inhumation
📌 Paroisse Notre-Dame de Meyer
🙏🏾 Ann ini nou nan lapriyè pou fanmi Cerisier epi rann Edgard yon dènye omaj.
🕯️ Ke nanm li repoze nan lapè.

🕊️ ANONS OFISYÈL ANTÈMAN EDGARD CERISIER 🕊️Se avèk anpil tristès ak doulè nan kè nou pataje anons ofisyèl seremoni pou E...
09/11/2026

🕊️ ANONS OFISYÈL ANTÈMAN EDGARD CERISIER 🕊️
Se avèk anpil tristès ak doulè nan kè nou pataje anons ofisyèl seremoni pou Edgard Cerisier, ki kite nou trajikman 7 septanm 2026, a laj 45 an.
Fanmi Cerisier envite fanmi, zanmi, pwòch ak tout moun ki te konnen Edgard pou vin rann li yon dènye omaj epi akonpaye fanmi an nan moman difisil sa a.

📍 Veillée funèbre :
🗓️ Madi 15 septanm 2026
⏰ 6è pou 8è nan aswè
📌 Paroisse Notre-Dame de Meyer
📍 Seremoni antèman an :
🗓️ Mèkredi 16 septanm 2026
⏰ Ekspozisyon depouy la: 7è pou 9è nan maten
✝️ Seremoni an kòmanse 9è, suiv ak inhumation
📌 Paroisse Notre-Dame de Meyer

🙏🏾 Ann ini nou nan lapriyè pou fanmi Cerisier epi rann Edgard yon dènye omaj.
🕯️ Ke nanm li repoze nan lapè.

09/11/2026

Mention spéciale à mes nouveaux fans montants ! Yveline Natoux, Tchouko Best, Phénito ElToussaint, Patrick Brazil, Raymond Jeanwalas, Geraldinho Charles, Mirlaine Deschemin, Dieuseul Luma, Roseline Noël, Lovemia Dorestant, Enock Darius, Rodrique Marc, Nicodeme Toussaint, Descard Sandra, Thaly Delande

09/11/2026

Mention spéciale à mes nouveaux(elles) super fans ! Leon Dieuna, Kinglove Timo, Nelson Saintfleur, Marie Manoucheka Louijean, Yvelt Yvera Lordin, Rodrigue Jean Baptiste, Wilbert Saintplus, L'or Marco L'or, Jean Jonel Bijou, Nilmar Severe, Jacques Étienne, Emilio Beauvoir Beauvoir, Lauture Pretty Doode, Fedjy Geneste, Gama Saint-germain, Kerline Dorestant, Benoit Lauture, Jean Baptiste Francky, Josué Cantave, Mackenson Reveil, Dieuvenson Sage, Junior Bell Fleur, Louinel Loviliere, Fede Christa, Josias Marvens, Luckner Laurentin, Frantz Cinéus, Richeler Geneste, Yves Duclas, Level-black Level-black, Nathanaelle Juillet, Junie Jean Gilles, Bijou Rodrigue, Doude Mathurin, Félo Simon, Dorry Roldophe Cerise Cerisier, Belzy Dales, Medeyoomrslove Medeyoomrslove, Jn Denis Celestin, Jasmin Berno, Marie Carline Réveil, Maudeline Sainpreuve, Etienne Ghislaine, James François, Steeve Laguerre, Jovany Juste, Rose Rose Davence, Maxime Jean, Patrico Alcidas, Olivier Olivier

🎉 BONNE FÊTE JEAN PHILIPPE ! 🎂❤️Jodi a se yon jou espesyal, paske se jou lavi te chwazi mete yon bèl moun tankou ou sou ...
09/11/2026

🎉 BONNE FÊTE JEAN PHILIPPE ! 🎂❤️

Jodi a se yon jou espesyal, paske se jou lavi te chwazi mete yon bèl moun tankou ou sou tè a. Mwen swete Bondye kontinye gide w, pwoteje w epi beni chak etap nan lavi w.
Que cette nouvelle année de ta vie soit remplie de bonè, sante, fòs, siksè ak anpil bèl opòtinite. Ke tout sa kè w ap swete yo rive jwenn ou nan bon moman an. 🙏🏽✨

Jean Philippe, kontinye rete moun ou ye a, paske pi bèl bagay nan lavi se lè ou kapab avanse san ou pa pèdi bon kè w. 💙
Bon anniversaire ankò, Pipo ! 🥳🎂🎊
Ke lavi ba w anpil lòt bèl ane pou w selebre, renmen, grandi epi reyalize rèv ou yo. Bòn fèt, anpil benediksyon! ❤️🙏🏽

🎉🎂 BONNE FÊTE ROOD MYSON! 🥳❤️Jodi a se yon jou espesyal, e mwen vle pwofite swete Rood Myson yon trè bèl fèt! 🙏🏽🎊Mwen sw...
09/11/2026

🎉🎂 BONNE FÊTE ROOD MYSON! 🥳❤️

Jodi a se yon jou espesyal, e mwen vle pwofite swete Rood Myson yon trè bèl fèt! 🙏🏽🎊
Mwen swete lavi pote w anpil sante, lajwa, benediksyon, siksè ak anpil bèl moman. Ke Bondye kontinye gide w epi pwoteje w nan chak etap. 🙏🏽✨
📣 Ann fè kòmantè yo bèl pou li! 👇🏽

Tout moun ki wè pòs sa a, tanpri pran yon ti moman pou ekri “BONNE FÊTE ROOD MYSON” anba pòs la epi voye pi bèl swè nou pou li. 🎂🎁❤️
BONNE FÊTE Rood Myson 🎉🥂🎈

🥟❤️ MADAN LEGWAZ, YON FIGI KI RETE NAN MEMWA MEYERJodi a, JB Média Haïti ap fè nou dekouvri yon pèsonaj ansyen nan Meyer...
09/10/2026

🥟❤️ MADAN LEGWAZ, YON FIGI KI RETE NAN MEMWA MEYER

Jodi a, JB Média Haïti ap fè nou dekouvri yon pèsonaj ansyen nan Meyer, Grande-Colline, ki ap viv toupre legliz katolik Notre-Dame: Madan Legwaz.

Pou mwen menm, Madan Legwaz se plis pase yon machann pate; li se yon bèl moso nan souvni anfans mwen. 🥹❤️ Lè m te tou piti, se bò kote li mwen te konn achte bon pate ak sòs bò lari a. Pate 5 goud li yo te konn fè kè m kontan! 😋🥟
Sòs li a menm te gen yon gou espesyal, ak chou, kawòt, bon vyann poul ak lòt bon engredyan ki te fè w anvi retounen ankò. 🔥🤤

Lè se jou mache, ou te konn wè elèv ak moun nan zòn nan kanpe nan liy pou yo achte pate Madan Legwaz. Konbyen nan nou ki te konn mande pate li menm jan avè m? 👀🥟

📸 Foto sa a, mwen te pran li jou fèt Notre-Dame nan, pandan Madan Legwaz t ap fè ofrann. Se yon bèl moman mwen te vle konsève kòm yon souvni, paske dèyè chak foto gen yon istwa, epi dèyè chak pèsonaj gen yon jenerasyon souvni. ❤️

Pou mwen menm, depi Madan Legwaz pa fè pate ankò, mwen pa menm konnen depi kilè mwen pa manje pate! 😂🥹 Se li menm ki te konn fè pate pou mwen depi lè m te nan 2èm ane rive 6èm ane, lè sa a mwen te nan Presbiteral la.

Si ou menm tou ou te konn manje pate Madan Legwaz, kite yon ti souvni anba pòs la. 🥟❤️👇🏾
Ann wè konbyen moun Meyer ki toujou sonje gou pate sa yo!

09/10/2026

💃🏽✨ Lè mizik la pran, tout timidite ale! 😍🔥
4 ti medam yo mete bon jan anbyans nan dans la, ak souri, enèji ak anpil natirèl. 🥰🎶
Gade jan yo bay pèfòmans lan! 😂💃🏽
👉🏽 Kilès nan 4 la ki pi byen danse selon nou? 😍
Kite repons nou nan kòmantè yo epi pataje Reel la ak yon zanmi! ❤️🔥

09/10/2026

🥁🎺 RARA NAN MEYER! 🔥🎶
Gade jan moun yo pran plezi nan ritm rara a nan Meyer! 😍🥁 Yon bèl moman kote mizik, tradisyon ak anbyans mete tout moun ansanm. 🇭🇹❤️
👀 Kounye a, ann wè kiyès nou rekonèt!
Si w wè yon moun ou konnen nan videyo a, ekri non li anba pòs la 👇🏽 epi tag li si w kapab!
📲 Pa bliye like, kòmante epi pataje videyo a pou plis moun ka wè bèl moman sa a.

🧵❤️ ANN PREZANTE NOU AK YON GRAN PÈSONAJ GRANDE-COLLINE : BÒS MARCK! ❤️🧵Jodi a, nou vle mete yon ti limyè sou yon pèsona...
09/09/2026

🧵❤️ ANN PREZANTE NOU AK YON GRAN PÈSONAJ GRANDE-COLLINE : BÒS MARCK! ❤️🧵

Jodi a, nou vle mete yon ti limyè sou yon pèsonaj anpil moun nan Grande-Colline konnen : Bòs Marck, yon moun ki soti nan fanmi Bijou, ki abite nan zòn Cavanack.

Bòs Marck se yon moun ki pase anpil tan nan metye kouti a. Malgre li se yon vèv, li toujou ap travay, ap koud, ap sèvi moun epi kenbe souri li. 😊
Nou te gen chans rankontre l nan fèt patwonal Notre-Dame, kote nou te pwofite pran yon foto avè l kòm yon bèl souvni. 📸❤️

Dèyè aparans senp sa a, gen yon moun ki saj, akeyan, janti, ki konn pale ak moun byen e ki toujou dispoze resevwa moun ak yon souri. Se kalite moun konsa ki fè kominote nou yo gen yon istwa ak yon nanm. 🙏🏽

❤️ Ann ba Bòs Marck lanmou pa li a pandan li toujou avèk nou, zanmi m yo. Yon foto ka pase, men yon bèl souvni rete pou tout tan.
🧵 Èske Bòs Marck te gentan koud pou ou?
😂 Yo konn di: « Bòs kouti konn bay manti! »
Men di nou laverite… èske li te gentan ba w yon ti “manti” nan kesyon inifòm ou? 😅
Pou mwen menm, se Bòs Marck ki te koud inifòm mwen depi premye ane fondamantal rive jis nan NS3. 🙌🏽🎓

👇🏽 E OU MENM?
Konbyen fwa Bòs Marck te deja koud pou ou?
Ki souvni ou genyen avè l? ❤️
Kite yon ti kòmantè pou Bòs Marck epi pataje pòs la pou lòt moun Grande-Colline ki konnen l ka vin rakonte pwòp istwa pa yo. 🧵❤️

Address

Dallas, TX

Telephone

+50938336451

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when JB Média Haïti. posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

Share