Atis lakayyy wilmix prodz

  • Home
  • Atis lakayyy wilmix prodz

Atis lakayyy wilmix prodz Nou la pou nou sipòte atis ayisyen Ann pataje piblikasyon yo kite Yon like swiv paj la siw bezwen fè pwomosyon pou biznis ou ekri nou sou 41518224

Millionnaire kap trip
12/08/2025

Millionnaire kap trip

12/08/2025

Eske se adres BBQ yo mande selman, epi y ap bay 5milyon rekonpans lan, oubyen fok moun lan mennen BBQ ba yo? 🤣

📍Prezidan konsèy prezidansyèl tranzisyon an Laurent saint-cyr rankontre jodi madi 12 dawou 2025 lan ak ansyen prezidan J...
12/08/2025

📍Prezidan konsèy prezidansyèl tranzisyon an Laurent saint-cyr rankontre jodi madi 12 dawou 2025 lan ak ansyen prezidan Jocelerme Privert .

゚viralシfypシ゚viralシ

Flash! Etazini deside rekonpanse jiska 5 milyon dola pou moun ki fè mete Jimmy Chérizier alyas Babekyou anba kòd. Yo aki...
12/08/2025

Flash! Etazini deside rekonpanse jiska 5 milyon dola pou moun ki fè mete Jimmy Chérizier alyas Babekyou anba kòd. Yo akize Babekyou kòm moun ki vyole dwa moun e yo menm site masak lasalin nan.

Abòne ak nou: https://youtu.be/xhyCoYZ9rR0

*Yon UTAG, 34ème pran bal Lyankou nan Latibonit. Li m0uri lopital* pa bliye jiska prezan toujou gen batay ant lapolis ak...
12/08/2025

*Yon UTAG, 34ème pran bal Lyankou nan Latibonit. Li m0uri lopital* pa bliye jiska prezan toujou gen batay ant lapolis ak nèg savyen yo nan komin lyankou.

Depatman Jistis Etazini di yo pran desizyon sa a, aprè yon fin arete plizyè ayisyen k ap viv lakay yo ak yon lòt ki nati...
12/08/2025

Depatman Jistis Etazini di yo pran desizyon sa a, aprè yon fin arete plizyè ayisyen k ap viv lakay yo ak yon lòt ki natiralize ameriken, kòm alye Jimmy Chérizier.

Moun sa yo se Bazile Richardson (alyas Fredo), Fred Lion, Leo Danger ak Lepe Blode ki li menm se yon ayisyen ki natiralize ameriken.

Daprè kominike Ministè Lajistis Etazini, moun sa yo t ap rasanble lajan nan dyaspora a pou voye bay Babekyou nan kad yon konplo pou vyole sanksyon peyi Etazini pran kont chèf Viv Ansanm lan.

Etazini di Babekyou ak asosye l yo chache finansman via transfè lajan dirèk tou. Se ak lajan sa yo, Jimmy Chérizier peye manb g4ng lan epi achte zam ak minisyon.

FBI ofri 5 milyon dola vèt ak nenpòt moun ki ka ba yo enfòmasyon pou ede yo kaptire Babekyou. Nimewo pou moun kontakte yo se 1-800-CALL-FBI.

Depatman Jistis raple depi 2020 yo te gentan sanksyone Babekyou pou enplikasyon l nan masak Lasalin ki te fèt nan lane 2018, kote 71 te mouri, 400 kay te boule epi 7 fanm pou pi piti te viktim vyòl.

DG lapolis la,Vladimir Paraison, fè konnen li pran angajman pou l bay peyi a sekirite epi pasifye tout zòn yo nan yon ti...
12/08/2025

DG lapolis la,Vladimir Paraison, fè konnen li pran angajman pou l bay peyi a sekirite epi pasifye tout zòn yo nan yon ti tan ki pa twò long. Li voye senpati bay tout fanmi polisye ki viktim yo nan peyi dayiti nan dènye moman sa yo. Li te prezan nan antèman polisye BOID, Marcley Ritchy Alexis,maten madi 12 dawout 2025 lan,nan legliz Perpétuel secours,delmas 75.

10/08/2025

Yon peyi kote w jwenn pil moun ap rele viv Alix Didier, viv St Cyr, libere Nenel Cassy...
ESKE SE SÈL MWEN KI SANTI M DEKOURAJE?🙄

10/08/2025

Hayti se pou nou tout pa gen klas ni koulè anba konstitisyon peyi sa, nap batay pou sove Hayti nempot fasonl ye a✊🏿

Nap fèw konnen sousè sa rele laurent Saint cyr misye te nan ti tete ayiti a kounyea li monte nan gran manmèl Ayiti, Frit...
08/08/2025

Nap fèw konnen sousè sa rele laurent Saint cyr misye te nan ti tete ayiti a kounyea li monte nan gran manmèl Ayiti, Fritz jan kite nan gran manmèl Ayiti a retounen nan ti tete a Ayiti.se s***e nou vin s***e mesye s***e non .

Tout tan pwoblèm grangou a pa rezoud ayiti wap tjou jwenn deriv sa yo.Mil goud ap toujou fè gwo Mirak nan peyi sa!
08/08/2025

Tout tan pwoblèm grangou a pa rezoud ayiti wap tjou jwenn deriv sa yo.
Mil goud ap toujou fè gwo Mirak nan peyi sa!

FLASH: Nan yon videyo ki dire 1 minit 59 segonn, ansyen polisye Jimmy Chérizier, alyas Barbecue, ki se chèf kowalisyon k...
08/08/2025

FLASH: Nan yon videyo ki dire 1 minit 59 segonn, ansyen polisye Jimmy Chérizier, alyas Barbecue, ki se chèf kowalisyon kriminèl Viv Ansanm, menase pou l atake jedi 7 out la Villa d’accueil, kote CPT chita, ansanm ak Primati a.

Li adrese tèt li bay abitan Delmas 32, 40B, 48 ak 60, li mande yo pou yo pa opoze ak pasaj mesye li yo:
“Pa voye wòch, pa voye boutèy, pa tire...”

Menas sa a vini nan menm moman kote CPT ap pare pou l mete nouvo prezidan li, Laurent Saint-Cyr.

Depi aswè yè, anpil kout zam ap tande nan kapital la ak zòn ki toupre l. Nan Kenscoff, espesyalman nan zòn Télécò, tansyon an rete wo jounen jedi maten sa a.

Address


Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Atis lakayyy wilmix prodz posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

  • Want your business to be the top-listed Media Company?

Share