NÈG AN M

NÈG AN M Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from NÈG AN M, Digital creator, East Moline, IL.
(1)

🛑 THERIEL THELUS PA FÈ FOT NAN AKÒ PATISIP PASE A ! Règ la di konsa : " Vèb la dwe toujou akòde ak sijè a si patisip pas...
01/11/2026

🛑 THERIEL THELUS PA FÈ FOT NAN AKÒ PATISIP PASE A !

Règ la di konsa : " Vèb la dwe toujou akòde ak sijè a si patisip pase a anplwaye ak oksilyè " être " ( Gen kèk eksepsyon lè se vèb pwonominal ). Egz : Des femmes sont aperçues à l'entrée du bureau. ( Patisip pase a " aperçu " akòde ak sijè a " des femmes " ki feminen pliryèl )

Men, si patisip pase a anplwaye ak oksilyè " avoir ", pa dwe janm gen akò ak sijè a. Poutan, si konpleman objè dirèk la plase anvan patisip pase a, patisip pase a ap akòde ak konpleman objè dirèk la. Egz : Il les a mangés. ( Il a mangé quoi? R: Les ananas ( pwonon pèsonèl " les ", ki ranplase " ananas " e ki se yon non maskilen pliryèl se konpleman objè dirèk vèb la " a mangés ". Se sa k fè akò a fèt nan maskilen pliryèl ).

An n poze kesyon pou n jwenn konpleman objè dirèk la, kounye a, nan fraz Theriel la piske se yon patisip pase ki anplwaye ak oksilyè " avoir " :
Il a quitté qui ? Rep: nous. Kidonk, "nous" se konpleman objè dirèk vèb la ( a quitté ) e li plase anvan patisip pase a ( quitté). Sa vle di dwe gen akò ( quittés ).

Akò a fèt nan maskilen pliryèl paske pwonon pèsonèl "nous" fè referans a ni gason ni fanm nan kontèks li itilize l la.

Si pwonon pèsonèl " nous " te fè referans ak fanm sèlman, fraz la t ap ekri konsa: " Il nous a quittées."

Tout moun ki panse fraz la te dwe ekri konsa " Il nous a quitté ", yo fè fot paske yo fè patisip pase a akòde avèk sijè a " il ". Règ la di non lè se yon patisip pase ki anplwaye ak oksilyè " avoir ".

Yon lòt bò, Theriel ta ka fè fot nan ponktyasyon an. Nou ta kapab di li te dwe ekri " Il nous a quittés. Merci ! " olye de " Il nous a quittés, merci ! "
Sof sa sèlman. Sepandan, yo itilize vigil la tou. Sa vle di fraz li a bon.

Pou fini, an reyalite, vrè fraz ki gen fot la se fraz kreyòl ki ekri anba mesaj Theriel la ki ta dwe ekri konsa pito: " Daprè anpil moun, fraz TT a gen erè. Sa w panse ? "

🛑 Anie Alerte merite l. Pèsòn pa ka konteste sa a.
01/09/2026

🛑 Anie Alerte merite l. Pèsòn pa ka konteste sa a.

🛑 Yon moman, nou te konn ap plenyen paske Xabi Alonso te konn ap mete Vinicíus Junior🇧🇷 sou ban. Men kounye a li titilè ...
01/08/2026

🛑 Yon moman, nou te konn ap plenyen paske Xabi Alonso te konn ap mete Vinicíus Junior🇧🇷 sou ban. Men kounye a li titilè nan chak match san l pa janm regle anyen !

Mbappé la, Mbappé pa la, se toujou menm Vini ki pa kapab regle anyen an. 19 match san gòl ! Se tris.

M panse desizyon ki t ap pi saj la, pou Brezilyen an, se ta kite Reyal Madrid anvan mèkato ivènal la fini ( 2 fevriye 2026 ).

Sa ta kapab pèmèt li rejwenn konfyans epi al nan koupdimond lan an fòm.

01/08/2026

Abonnement matinal !
50 moun, avanse !
An n grandi !
🟡🏺⚫️🏺🟡

🛑 Etazini kontinye ap montre li se sèl mèt mond lan ! Tout lòt yo se blòf !
01/07/2026

🛑 Etazini kontinye ap montre li se sèl mèt mond lan ! Tout lòt yo se blòf !

01/06/2026

Vin ranmase abone !
150 moun, pote boure !
An n grandi !
🏺🟡🏺🟡🏺

01/06/2026

100 moun, avanse vin grandi paj nou !
Youn manyen lòt !
🟦👁🟡👁🟦

🛑 PREZIDAN KOREDINÒ A SOU FOULAY 😂 !Byen bonè samdi 4 janvye 2026 la, Prezidan Koredinò a, Kim Jong Un, lanse plizyè mis...
01/04/2026

🛑 PREZIDAN KOREDINÒ A SOU FOULAY 😂 !

Byen bonè samdi 4 janvye 2026 la, Prezidan Koredinò a, Kim Jong Un, lanse plizyè misil balistik nan direksyon lanmè peyi Japon ki se yon alye Etazini.

N ap raple lidè Koredinò a te anonse li t ap premye peyi ki t ap voye èd militè bay Maduro sizoka woulo konpresè a ta atake li.

Okontrè, olye mouche a te anpeche sa k fèt la fèt oubyen ede malere a pou yo pa t mare l kou krab jan yo fè l la, se misil balistik li lanse, maten an la a, nan lanmè Japon 😂.

Kounye a, nou kapab mande tèt nou si voye misil nan lanmè Japon pou al touye pwason se kalite èd sa a mouche Kim Jong Un te pwomèt la😂😂😂😂.

Foulay !

01/03/2026

🛑 Tag ansyen Senatè Moïse Jean-Charles pou mweeeee.

🛑 Nicólas Maduro !
01/03/2026

🛑 Nicólas Maduro !

01/03/2026

Abonnement matinal !
100 moun, pote boure !
An n grandi !
⚫️🏺⚫️🏺⚫️

🛑 ETAZINI ARETE NICOLAS MADURO 😳😳😳Prezidan ameriken an, Donald J. TRUMP, anonse, samdi maten 3 janvye a, fòs sekirite pe...
01/03/2026

🛑 ETAZINI ARETE NICOLAS MADURO 😳😳😳

Prezidan ameriken an, Donald J. TRUMP, anonse, samdi maten 3 janvye a, fòs sekirite peyi Etazini yo te lanse yon seri atak sou peyi Venezwela byen bonè maten an, ki pèmèt yo mare kou krab Nicolas Maduro ak tout madanm li.

Pou kounye la a, prezidan Maduro ak madanm li pa sou tèritwa Venezwela a.

Prezidan ameriken an anonse plis detay nan yon konferans pou Laprès maten an, a 11è, nan rezidans prive li, nan Florida.

Address

East Moline, IL
61244

Telephone

+13092818742

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when NÈG AN M posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to NÈG AN M:

Share