Kandoudou

Kandoudou IT Technician, Musician

12/03/2025

Haiti nan mondial, m pa gen dwa rate yon grenn match. Moun ki pa gen TV lakay yo, inbox mwen epi map voye address mwen pou nou ka gade match yo ansanm. just vini ak kleren 😎

DISIP te en Guyane francaise le 21 ak 22 Novembre 2025 lan. Aprè gig nan 22 an, se mwen ki te responsab pou touche rès l...
12/01/2025

DISIP te en Guyane francaise le 21 ak 22 Novembre 2025 lan. Aprè gig nan 22 an, se mwen ki te responsab pou touche rès lajan djaz la nan men promoteur a. Efektivman mwen te touche rès lajan. Bal fini, domi poko nan jem, epi m pran direction yon club ak lajan disip lan nan pòch dwat mwen, epi lajan pam nan pòch goch. Mwen kòmande pou boutèy Remi Martin pou nou 3 ki te ansanm ki se Mwen menm, Sexy Joe ak JA Bass. Boutey lan fini epi nou rantre back nan hotel lan. Nan demen lè Gazzy relem pou fè kontwòl, mwen remake lajan Disip lan manke mezi kob Boutèy remy martin an. 😂😂ta sanble se nan Lajan DISIP lan m te peye Remy Martin an wi le ciel. Konnya m oblije vin travay poum remet lajan. 😂😂

Jou samedi 29 Novembre 2025 lan, Gen yon moun ki voye aretem, mwen pa konn pou ki rezon. Lè polisye yo rive sou mwen, te...
12/01/2025

Jou samedi 29 Novembre 2025 lan, Gen yon moun ki voye aretem, mwen pa konn pou ki rezon. Lè polisye yo rive sou mwen, te gen yon haitien pami yo ki genlè rekonet mwen. Misye di : Se pa Kandoudou ? Li di se ou ki rele Kendell la ? M di wi se mwen… etc. Misye di : se yon DISIP wouj mwen ye wi. Li felisitem pou jan djaz lan ap jwe bon konpa etc. Misye di gen yon moun ki rele lapolis pou ou wi, se sak fe nou la. sak pase menm ? Misye rale m sou kote li dim men kisa moun nan di de mwen. Epi li di lap anrejistre repons mwen pral bay la pou swit legal etc. Mwen di l pa gen pwoblèm pou l’ record mwen. Lèm fin explike istwa, mwen di polisye an map rele moun nan epi map mete telefon nan sou speaker poum fèl tande kijan moun nan pale de mwen. Lè moun nan dekwoche apèl lan, mwen di l men policier yo avèm la wi, ou sou speaker. Mwen pral poze w 2 questions m panse ki ka fè wè kiyès ki gen tò ou pa. Moun nan “kloup” li rakwoche apel lan. Tout plede map plede rele l ankò, li pa janm pran apel lan. 😊 Lè li pa janm vle pran apel lan ankò, polisye yo dim “NEVER MIND”. Polisye yo just dim be careful ak moun wap frekante yo 🙌🏾. Polisye haitien an di monchè m bien kontan wèw ann fè yon foto. Epi tout rès nèg yo aliyen yo pou yo patisipe nan foto an.

11/30/2025

Kite parese, gen richès kap tann ou. 😂😂😂

11/28/2025

L’histoire continue. 🥹 🤦🏾‍♂️

Mesye sa nap gade an la se te parenn maryaj la. Enben nou pa mandem koze ! Pi gro rezon ki fè maryaj la te kraze an se p...
11/27/2025

Mesye sa nap gade an la se te parenn maryaj la. Enben nou pa mandem koze ! Pi gro rezon ki fè maryaj la te kraze an se paske parenn nan se te mennaj madanm mwen. Nou pa tande m toujou ap di “Map saluer mennaj madanm mwen”, Enben map prezante nou mennaj madanm mwen. 😂😂 (Se pa rim ta ri non mezanmi). Misye rele SCOTT LEGRAND. Sa ki te pi di nan istwa, se ak parenn nan madanm mwen te al nan lune de miel paske m te gen poum al jwe bal ak Disip nan demen aprè maryaj la. Haaa maryaj la katiye miyèt moso. M lage pyem papa. M pran nouvèl ke parenn nan pral marye ak ex madanm mwen wi. Sa vle di relation an sanble te serye wi se mwen ki te enbesil lan. 😄😄

Kòm nou konnen m pat renmen maryaj la, mwen te divòse yè 25 Novembre 2025 lan. M potko gen bien, m te gen selman 7 boxer...
11/26/2025

Kòm nou konnen m pat renmen maryaj la, mwen te divòse yè 25 Novembre 2025 lan. M potko gen bien, m te gen selman 7 boxer, a tout sa manzè mande pou separe yo avèm, li pran 3 nan yo kanmenm 🤦🏾‍♂️. Pandan map soti nan tribunal lan, mwen rankontre yon nouvo mennaj 🙈. Li di li pa gen mennaj🤔, li renmen aktivite mizik mwen an 😊, Li di depi l piti li renmen Gazzman👌🏾, li pa gen problem ak ranse m renmen ranse an😜, li se yon Regional Manager pou Publix😎, antouka nou pa vin rete san mennaj isit. Mennaj prale, mennaj ap vini.

M pat anvi marye se sak fèm fache konsa. Yo marye m kanmenm. 😂😂😂😂
11/26/2025

M pat anvi marye se sak fèm fache konsa. Yo marye m kanmenm. 😂😂😂😂

Yonn nan pitit gason prefere bondye yo.     🙌🏾
11/24/2025

Yonn nan pitit gason prefere bondye yo. 🙌🏾

Vole wo gason m’. Nou vini, nou viv, nou ale.  🕊️😌
11/23/2025

Vole wo gason m’. Nou vini, nou viv, nou ale. 🕊️😌

Men nan ki nivo m te fanatik Bresil. 😂. Sorry Bresil, Haiti nan coupe du monde konnya baz. Si Haiti pa chanpyon ma toune...
11/21/2025

Men nan ki nivo m te fanatik Bresil. 😂. Sorry Bresil, Haiti nan coupe du monde konnya baz. Si Haiti pa chanpyon ma tounen fanatik ou. 😂😂

Address

Fort Lauderdale, FL
33311

Telephone

+14156842884

Website

https://amazon.com/s?me=A43H586BZ79MH&ref=sf_seller_app_share_new

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Kandoudou posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Kandoudou:

Share