Derape Post

Derape Post Platforms Multimédia

08/21/2026

⭕️Gwo Eskonbit Pete Nan Otèl Kinam Nan Petion Ville, Prezidan KEP a deklare Tout Pati Politik Yo Ap Jwenn Lajan Apwe Eleksyon An, Sa Ki Vin Leve Yon Vag Tansyon Nan Mitan Pati Politik Yo, Sa Vin Rann Yo Rele Chalbare Nan Bouda Prezidan. Militan Majeste Li Menm Pa Nan Kesyon Eleksyon An Menm, Selon Li Pays a Poko Pare Pou Bagay Konsa.

📸Koze Pep La
Denes DERAPE
Journaliste

08/21/2026

⭕️ Rosemond Jean san fren demonte jounalis Rudy Sanon pou nèg Arab la li di ki paka Senateur nan Pays a.

⭕️DEPORTATIONS || 🇭🇹 Plus de 150 Haïtiens expulsés des États-Unis arrivent au Cap-HaïtienUn avion transportant plus de 1...
08/20/2026

⭕️DEPORTATIONS || 🇭🇹 Plus de 150 Haïtiens expulsés des États-Unis arrivent au Cap-Haïtien

Un avion transportant plus de 150 ressortissants haïtiens expulsés des États-Unis a atterri ce jeudi à l’aéroport international du Cap-Haïtien.

Il s’agirait de l’un des premiers vols d’expulsion vers Haïti depuis la suspension du TPS pour les Haïtiens par l’administration Trump.

Cette arrivée intervient dans un contexte marqué par de nouvelles mesures migratoires américaines qui suscitent de nombreuses réactions au sein de la communauté haïtienne.

📍 Cap-Haïtien, Haïti 🇭🇹

Denès DERAPE
Journaliste

⭕️Chèf G4ng Lanmò100Jou ekri yon lèt bay òganizasyon entènasyonal yo, ak Otorite lokal yo pou mande lapè. Lèt la Pati ko...
08/20/2026

⭕️Chèf G4ng Lanmò100Jou ekri yon lèt bay òganizasyon entènasyonal yo, ak Otorite lokal yo pou mande lapè. Lèt la Pati konsa ….

SOTI : GWOUP REBEL 400 MAWOZO
POU : DEA, CARICOM,
ONU (Haut-commissariat des Nations Unies aux Droits de l'homme)
BINUH, OPC, CICR (Comité International de la Croix Rouge )
Commission Américaine des Droits de l'hamme
CIDH (Cour Interaméricaine des droits de l'homme)
Amnesty INTERNATIONAL,
Human Rights Watch
International Federation for Human Rights
OCHA (UNITED NATIONS Office for The Coordination of Humanitarian affairs)
International IDEA
OBJE: DEKLARASYON "DRAPO BLAN"
Responsab,
Nou menm "Gwoup Rebel 400 Marozo" konsta jeneral la klè Ayiti pèdi tout
légalité li aprè anpil vyolasyon konstitisyon peyi an ki chita sou 3 pouvwa: 1) pouvwa Egzekitif
2) Pouvwa jidisye 3) pouvwa lejislatif, te deside kanpe an rebèl pou defann dwa lavi ke nou genyen e te deside kenbe zam kom gwoup otodefans jan konstitisyon ayisyen bay dwa sa nan atik 268-1, ki bay tout sitwayen dwa pou pote zam pou pwoteje tèt yo. Nan yon peyi ki kraze jodya kote leta pa egziste, anpil akò fèt san nou menm paske genyen yon gwoup nèg ak vès, kifè tét yo pase pou leta ki yo vyole tout dwa ke nou genyen köm moun ki garanti pa DEKLARASYON INIVESEL DWA MOUN 1948 , pwotoköl Salvador 1988, ak tout trete entenasyonal ke ayiti siyen e sipoze respekte.

Aprè anpil batay ki pa janm bay rezilta pou pote stabilite nan peyi an, nou deside leve : " Drapo Blan" pou montre bon volonté nou genyen devan entenasyonal lan pou travay pou stabilite nan peyi an.
Jan DWA ENTENASYONAL IMANITE prevwa nan dispozisyon legal , Atik 32 La Haye , ak atik 15 ak 17 Jenev 1907 lan bay posibilite pou nou kreye yon trèv pou fasilite peyi an tounnen nan lod, pou ayisyen rekonsilye ak ayisyen, pou nou retwouve diyite nou kom pep. "DRAPO BLAN" sa se yon prèv politik pou montre volonte nou genyen pou genyen lapè nan peyi an, pou genyen yon dyalog ak fasilite pou nou retounen nan kad lalwa paske li enposib ke moun pèp pa vote ap fe tet yo pase pou leta nan siyen kontra ak lot nasyon pou vin detwi ayisyen lakay yo, nan tire kout bal , ak lage dwon tout kote.
Nou menm kòm gwoup otodefans ki pote zam, yon dwa ke nou genyen nan atik 268.1 ap rete kanpe solid sou zam nou pandan nap kite pot louvri pou fasilite dyalog ap pwosesis legal pou leta pwan dwa grandèt li jan manman lwa peyi an egzije sa .
Pandan nou rete louvri ak dyalog, nou mande respekte limit tout teritwa nou yo, paske nou dispose kolabore men teritwa nou okipe yo ap rete sou kontwol gwoup otodefans nou yo ,nan respè lalwa, kidonk PNH lan ki pa genyen légalité pou sekirize zone nou yo paske Direkté Jeneral li pat pase devan yon palman, kidonk nou pa fel konfyans, e lap rete konsa jiskaske genyen yon pouvwa legal , pep bay pouvwa ki pare pou dyalog ak tout pitit pép lan yo vyole dwa yo, kite deside kenbe zam pou defann dwa yo.
Pandan nou rete kwe, zak sila ap yon siyal klè, ki pwouve ke nou vle lapè tounnen nan peyi nou, e nap raple Atik 64 jenev lan oblije lot gwoup kife tet yo pase pou leta pou yo respekte prensip sa, pou popilasyon an ka kontinye aktivitel paske se yon pep ki viv chak jou pou zon lakay nou.
Viv Lape / Viv ayisyen rekonsilye ak ayisyen / Viv Ayiti
Moun ki Siyen not sa se : Wilson JOSEPH
Chef rebèl * LANMO SAN JOU"
Bwa kiyè san pè vapè
+50943260583
CC: Presse ,Tout Otorite



DerapePost

08/20/2026

⭕️Ni Michel Matelly ni Guy Phillipe ni Aristide Ak Tout Jocelerme Privert se moun ki dwe sou kote nan kesyon eleksyon si nou vle Pays a mache tout bon. Se sa jounalis Vilsaint deklare jounalis la estime Nom guy Phillipe la site twòp pandan l pa fè anyen serye pou Pays a.

Deba Ouvri Nan Kòmantè A, Ann Pale di sak nan lidew ann sove Pays a Ansanm...

08/20/2026

⭕️Mwen Regrèt 2004 Anpil Apwe Mwen Te fin Jete Prezidan Aristide Sou Pouvwa, Mwen Ta Sipoze...
Ann Tande Kòmandan Guy Phillipe Sou Kesyon 2004 La; Ak Koze Eleksyon An.

Denes DERAPE

Flash⭕️ La Polis Arive Fouke Sitwayen sa ki gen pou nom Michel Jean Alyas “ Chamo “ zòn Miragwàn; nan jou kite Mèkredi 1...
08/20/2026

Flash⭕️ La Polis Arive Fouke Sitwayen sa ki gen pou nom Michel Jean Alyas “ Chamo “ zòn Miragwàn; nan jou kite Mèkredi 19 Dawout 2026 la, kote ke li te nan yon machin Toyota blan Plak DG•00042, selon enfòmasyon nou rive jwenn Chamo ta trè pròch ansyen senatè Nenel Cassy.

Li enpòtan pou nou mansyone pou ou, nan machin sa Otorite yo jwenn plizyè fizi ak divès lòt Materyèl, nan moman nap ekri a la otorite yo poko bay motif arestasyon an, ret konekte pou plis detay.

Denès DERAPE
Journalist

08/20/2026

⭕️FENATEC san filtè denonse minis edikasyon an, pou move aprantisaj ak fason li trete profesè yo.
Federasyon an mande Leta pwan responsabilite li avan lekòl ouvri.

Opération PNH⭕️ Jodi Mèkredi 19 Dawout la, nan Nord Peyi a pi Presizeman Komin Katye Mòren; nan zòn sa ki rele Cerca Lac...
08/20/2026

Opération PNH⭕️ Jodi Mèkredi 19 Dawout la, nan Nord Peyi a pi Presizeman Komin Katye Mòren; nan zòn sa ki rele Cerca Lacombe Divès Inite nan Lapolis la tankou SDPJ/Nò ak BI Mennen yon operation nan espas 3h nan maten, pou arete prezime chèf gang sa ki gen pou nom Sedanius Tony Alyas P**i malerezman kita rive sove selon enfòmasyon nou genyen.

Nan Kad operasyon sa lapolis ta entèpele 05 sispèk kote plizyè
Nan yo se ta manb gang sa, ke P**i ap dirije a. Nom yo se:
• Ulysse Wilnayson alyas My Son (chofè P**i), 21 lane
• Pierre Chanoine alyas Noine,
22 lane
• Garçonvil Fedelin, 27 Lane
• Facius Mikenson ( Miken), 25 lane
• Petit-Frère Shenaïder (Dèdè),
16 lane.

Machin sa nap gade a selon enfòmasyon nou genyen, se pandan operation an fòs lòd yo ta jwenn li sou wout la ak 4 pòt li louvri, sa ki ta lakoz yo remoke li.

.Denès Derape.

08/19/2026

⭕️Yon Sèl Randevou Nou Genyen Se Dechouke Didier, Pitit Dessaline Pa Nan Eleksyon Se Sa Ansyen Senateur Moise J.Charles Deklare...
Bon Kounya Eske Se Vre Vre Pitit Dessaline Pa Ladanl?
Deba Ouvri Nan Kòmantè Yo Ann Pale....

Credit Image: Factuel24 ( Journaliste Marc Eliome Charlemé )
Post: Denes Derape ( PDG Derape Post )

Address

1460 Nw 21St Street Apt A
Fort Lauderdale, FL
33311

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Derape Post posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

Share