Ariana Ariana

Ariana Ariana Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from Ariana Ariana, News & Media Website, Fort Myers, FL.
(7)

04/14/2026

😭Hugner Petion ou te rasin prensipal fanmi an , ou te toujou preche lapè ,nan moman divizyon te vle pran plas li nan mitan nou

Ou te toujou ap ba nou konsèy pou nou sipòte moun ki nan bezwen
paskew pat vle soufrans pou pyès moun

Telefòn ou pat janm okipe pou nou. Ni pou ka maladi ni pou lanmò ,ou pat janm di non ou te toujou prè pou pote sipò pou nou

Tout moun te enpòtan pou ou Kouzen ,ou ale kite nou nou ak yon tristès ki pap janm fini😭
Separasyon sa kite yon espas vid ki pap janm konble.
Ou te toujou wè li enpòtan pou tout moun benefisye yon pen nan fanmi an

Ou pat vle fè nou kado sèlman ou te ede nou kreye pou tèt nou .
Aprè depa ou lap difisil pou nou ta jwenn yon moun ki ka ranplase ou. Petion ou pati twò bonè

Absans ou pral fè gwo dega nan fanmi an. Pito ou te andikape nou tap gen espwa yon jou tout bagay tap oke pou ou , Nou pat kwè se lanmò ki tap tann ou wale wale san ou padi yon dènye mo

Ke gran mèt la fèw jwenn yon kote apa pou repoze. Ou te fè twòp byen sou tè sa.
Ou kite tout fanmi an nan soufrans paskew te toujou aktif bò kote nou
Ke nan ou repoze nan lapè 😭Fanmi an pap janm bliyew

Wap toujou vivan nan mitan nou

04/05/2026
04/05/2026

Nan non tout staf mw swete DG Jacky Kouraj li gen yon kouzen li ki mouri maten an
Selon sa DG dim (Hugner Petion )te sipòtel anpil nan maladi rive nan kesyon vwayaj mesye ki mouri an se li menm ki te tèt fanmi an
mw swete tout fanmi an kouraj spesyalman DG

✍️Edson pierre🇧🇷

04/04/2026

🚨🇺🇲🇮🇷 Rezime 24 dènye èdtan yo pou fòs ameriken yo nan konfli ak Iran an:

- F-15E tonbe anlè Iran; 1 manm ekipaj sove, sitiyasyon dezyèm lan poko detèmine.

- Elikoptè HH-60W (x2) frape pa dife Iranyen pandan yon misyon sekou; ekipaj yo an sekirite, kèk blese.

- Avyon atak A-10 frape pa dife Iranyen; pilòt la an sekirite.

- F-16 deklare yon ijans (kòd 7700); li ateri san danje.

- Avyon KC-135 (1 oswa 2) deklare ijans; detay yo poko klè.
sous Intellect

04/04/2026

🚨🇺🇸🇮🇷Fòs Iranyen yo te frape de elikoptè Black Hawk ameriken ki t ap fè operasyon rechèch ak sekou.
Tout manm ekipaj yo an sekirite. - NBC News

04/04/2026

Astwonòt ki sou kapsil Orion nan misyon Artemis II di lalin nan “ap vin pi gwo klèman,” pandan yo rive nan twazyèm jou vwayaj yo kap fè otou sifas lalin nan. Selon Media Reuters.

Eldersonder satine pou

04/04/2026

🔴 Nouvèl Cho ⚽️ : Selon plizyè medya Ayisyen Oudsonne Edouard ta sanble bay akò li ak Federasyon Foutbòl Ayisyen an pou ta vin jwe pou ekip Nasyonal lan.
Eldersonder satine pou

04/04/2026

Koman yo rele mango sa yo bò lakay ou bò lakay pam li rele mango kòn se ou

04/04/2026

Yon dezyèm avyon konba US Air Force la fè aksidan nan rejyon Gòlf Pèsik la vandredi, dapre sa medya lokal yo rapòte.
Daprè 2 responsab ameriken, jounal The New York Times fè konnen sèl pilòt ki te sou avyon A-10 Warthog la ki sove san danje.
Avyon atak A-10 la tonbe toupre Strait of Hormuz nan menm moman yon avyon F-15E te tire desann sou Iran, dapre responsab yo nan rapò a.

Eldersonder satine pou

04/04/2026

Pap Pope Leo XIV make premye Vandredi Sen nan pap li a, kote li te dirije yon pwosesyon tradisyonèl yo rele “Chemen Lakwa” nan Colosseum nan vil Rome. Selon Reuters.

Eldersonder satine pou

04/04/2026

Jean Restil Otandieu ki se kontab Meri Pòdepè a, rive touye tèt li vandredi 3 avril 2026,san pyès moun pa konnen pouki rezon.

Luther Pierre Merveille pou 1804

04/04/2026

Fas a agresyon militè Chinwa k ap grandi a, Taiwan ogmante depans defans li, yo pwolonje sèvis militè obligatwa a epi li reamenaje egzèsis konba li yo, sa ki montre detèminasyon li pou konbat yon potansyèl envazyon. Gen nan pèp li a ki ap fè diferan plan.
CNN

Address

Fort Myers, FL

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Ariana Ariana posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Ariana Ariana:

Share