Platfòm Rezistans Pou Liberasyon

Platfòm Rezistans Pou Liberasyon Militans pou Ayisyen viv tankou moun ✊🏾🇭🇹

10/21/2024

Eske se revolisyon vre oubyen yon lòt plan ? 🤔

04/21/2024
04/06/2024

Mechan an ap toujou fè yon erè pou yo kenbel.

li klè gen blan kap bay neg sa yo direksyon.
ba yo kòb, ba yo zam, fè yo bèl pwomès pou yo detwi tout sa ki te rete Ayiti 🇭🇹.

plan an klè devan je nou atò.
🤔

03/30/2024

-Poukisa Ameriken yo se “Brakiyè pa pè vrapè” ki toujou kidnape yo ?

-Poukisa Babekyou pa fè Brakiyè lage blan an pwiske se toujou viv ansanm nan ?

-Valè gang ki genyen, poukisa se Babekyou menm pou tout blan yo al bay pale ?

Donk, yon Ameriken ki gen orijin Libanè,
kap pwomennen Ayiti nan mitan Viv-Ansanm nan,
ki gen kontak Babekyou,
ke Brakiyè rive kidnape pandan li tap pote mikwo bay Babekyou !!!!

sa di laa, malgré blan mete avi rechèch dèyè Brakiyè,
pou Brakiyè jwenn mwayen ap kidnape blan toujou ?

Pa ki mwayen blan yo peye Brakiyè 40mil dola vèt sa ?

dosye a biza kòpè.

ki mirak Frè Joël La bonne nouvelle pat nan machin nan tou ?
🤔

Sekretè Defans Etazini an Lloyd Austin deklare : “Si Lewop bezwen lapè, li dwe prepare pou yon gwo lagè. Nou pap dakò po...
03/29/2024

Sekretè Defans Etazini an Lloyd Austin deklare :

“Si Lewop bezwen lapè, li dwe prepare pou yon gwo lagè. Nou pap dakò pou Ikrèn pèdi devan Larisi”.

Mwen tap text avèk yon zanmim Russe yon jou,
li dim li pa kwè gè sa ko ap fini paske Pèp Russe la se yon Pèp tèt rèd.
yo ta pito fè yon gè nikleyè tan pou yo ta aksepte pèdi.

Noumenm Ayisyen, sel peyi pa nou an nou genyen an,
nou kite Babekyou ap mete dife ladan.

🤔

03/28/2024

Eskew fè 2 remak sa yo ?

1) Bato a vire poul ka vini dwat nan poto a.

2) gen yon eksplozyon ki fèt anvan menm Bato a rive frape ak poto a.

Kounya dim Eskew panse se yon aksidan oubyen yon zak teworis ?

🤔

***pa janm bliye pawòl sa non tande***Nan mwa Oktòb 2022, Prezidan Ameriken Joseph Robinette Biden Jr te di sa : “Nous s...
03/28/2024

***pa janm bliye pawòl sa non tande***

Nan mwa Oktòb 2022, Prezidan Ameriken
Joseph Robinette Biden Jr te di sa :

“Nous sommes plus proches de l’Armagedon nucléaire qu’au moment de la crise des missiles à Cuba”.

siw fè yon tikal listwa, wap sonje nan moman “crise des missiles à Cuba”, te telman gen yon panik nan mond lan, tout moun te panse tapral gen yon twazyèm gè mondyal.

enben Jodi a Biden deklare ke risk pou te gen gè mondyal la pa anyen devan sitiyasyon nan viv Jodi a.

donk m gen yon kesyon pou tout djaspora ki panse yo pap bezwen Ayiti ankò :

-ki plan ou genyen ?
-ki kote wap kache lè misil nikleyè yo pral krache dife toupatou nan mond lan ?
-eske wap chape nan peyi wap viv la ?

🤔

03/26/2024

***** Enpòtan****

sam pral di la se yon opinyon.
sepa done mwen gen sou sa.
jis yon analiz pèsonel.

Medya isit yo ap jwe nan lespri nou pou teste a ki nivo nou aksepte prezans militè ameriken an Ayiti an 2024 sa la.

Map di nou sa an verite :
sepa pou goumen kont gang blan pral vini la.
lavi nou pa pi enpòtan ke sa pou usa ta depanse gwo lajan nan sòlda li yo pou vin pwoteje lavi Ayisyen.
dayè se lakay yo Zam avek bal yo soti.
moun kap sipòte bandi yo dirèkteman se sitwayen oubyen rezidan usa.
si yo te vle konbat gang se la yo tap kòmanse.

donk, pa bay tèt nou manti.

ameriken bezwen mete plis kontwòl sou espas la jewografikman epi mete yon blokis sou lanmè a paske gen anpil chans pou anvan lontan yon gwo lagè pete ant peyi Lotan yo avèk lòt pwisans tankou Larisi, Lachin, End, Iran, Koredinò etc…

si Etazini bay yon blokis sou lanmè a,
sa ap rann li enposib pou gwo peyi sa yo ta vin enstale asenal nikleyè nan peyi Amerik Latin nan tankou Venezuela, Cuba, Nicaragua etc…

Etazini bezwen gen yon prezans total nan tout Karayib la avèk anndan Ayiti tou.
Donk kriz politik la bon pou objektif sa.

E si Ayisyen pa leve kanpe,
Ayiti ka vini yon teritwa lagè pou Etazini tire sou peyi enmi li yo menmjan sa ye an Ukraine Jodi a.

mwen vrèman espère kem twonpe,
pou sam di yo sepa ta sa vre.
paske sim pa twonpe, si analiz mwen yo kòrèk, se kounya Ayisyen pral mouri nan yon gè nou pa konn anyen de li.

Eseye fè nouvèl sou sakap pase aktyèlman la ant gwo peyi yo epi nap konprann sa map pale a.

bagay la pi grav ke nou panse.
sepa yon koze de Ayiti kap regle vre.
se pyon kap mete pou yo prepare estrateji pou si yon gwo konfli eklate nan mond lan.

🤔🤔🤔

Qui finance commande, par vre ? 😏 Ok…Eskew te konnen CARICOM gen yo estrikti anndanl  ki rele  “CDF” (Caricom Developmen...
03/22/2024

Qui finance commande, par vre ? 😏 Ok…

Eskew te konnen CARICOM gen yo estrikti anndanl ki rele “CDF” (Caricom Development Fund) ?

Estrikti sa la pou resevwa lajan nan men patenè entènasyonal yo pou fè pwojè devlopman nan peyi CARICOM yo.
e devine ki peyi ki bay plis lajan nan kès sa :
Etazini 🇺🇸 avèk Kanada 🇨🇦

Nan kòmansman 2024 la,
- Etazini poukont pal bay 100 Milyon dola vèt pou CARICOM.
- Canada bay yon 81 Milyon + yon 44 Milyon
an 2021 Canada te bay yon 20 Milyon deja.

Donk eske nou panse vrèman peyi CARICOM yo pral aji nan enterè Ayiti oubyen nan enterè peyi kap bay lajan yo ?
🤔

(gade foto sa yo).

03/15/2024

Politik pa gen fè moral, Lèw pa gen okenn zouti nan menw ou pa gen “force de disuasion”.
Lèw paka intimider advèsè a, pouw evite plis domaj, ou dwe Chita sou tab negosyasyon.
Nou dwe chita avèk nèg a zam yo pou kanpe sakap fèt la ?

Address

Gastonia, NC

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Platfòm Rezistans Pou Liberasyon posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Share