Mibalè pap viv ak Gang

Mibalè pap viv ak Gang Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from Mibalè pap viv ak Gang, Media/News Company, Texas 1100, Houston, TX.

Komisyon pou lapè nan mibalè gen twòp nëg ki gen foli pale. Twòp nég ki anvi parèt tèt yo. Tout gen foli pale nan radio....
08/12/2026

Komisyon pou lapè nan mibalè gen twòp nëg ki gen foli pale. Twòp nég ki anvi parèt tèt yo. Tout gen foli pale nan radio. Tout gen foli fè tèt yo parèt. Sa vin fè travay pou kita fêt nan 3 Jou AP pran 3 mwa 4 mwa. Fòk gon lidè fòk gon moun ki pou pale spesyal sinon. Tout sa Nou redi fè yo AP tonbe anba dlo. Nou pap janm reyisi si tout moun gen foli pale.

Reine Glatine Vorbe
Plon Gaye Enfo
Phare Du Centre

Desras Simon Dieuseul rele pou bòykote eleksyon yoAnsyen senatè Desras Simon Dieuseul mande popilasyon an bòykote eleksy...
08/11/2026

Desras Simon Dieuseul rele pou bòykote eleksyon yo

Ansyen senatè Desras Simon Dieuseul mande popilasyon an bòykote eleksyon ki prevwa pou 13 desanm 2026 yo. Li rekonèt eleksyon se yon zouti demokrasi, men li estime demokrasi dwe pèmèt sitwayen yo lib sikile epi viv an sekirite.

Pandan li t ap pale ak laprès lendi 10 dawou pandanl te akonpaye jounalis Jean Monard Métélus kòm avoka ki tap pral devan jij, ansyen prezidan Asanble Nasyonal la kesyone tèt li s'il ta kandid depatman Sant a ki figi li ta pral pral mande moun vote pou li , aprè 15 mwa moun Mibalè toujou pa ka retounen lakay yo.
Li sèvi ak pwovèb la: « Lè pwa te vèt, li pa t fè mayi; alewè lè l sèch. »
Desras Simon Dieuseul fè referans ak masak Rièl Vayan epi li estime sitiyasyon sekirite peyi a vin pi grav. Selon li, « Viv Ansanm » se prensipal fòs ame ki genyen nan peyi a, e li di otorite yo pral sèvi ak li pou konsève pouvwa.

Pozisyon ansyen senatè a divize opinyon nan depatman Sant la. Gen moun ki kritike l pou fason yo di li te konpòte l lè li te nan pouvwa, pandan lòt moun relanse deba sou responsabilite politisyen yo anvè elektè yo apre eleksyon.

Kredi: Phare Du Centre

Politisyen Mibalè di si yo kite lapè sa a fèt. Lochard pral tounen yon wa pou mibalè pèp la se sou tèt yap pote Lochard....
08/11/2026

Politisyen Mibalè di si yo kite lapè sa a fèt. Lochard pral tounen yon wa pou mibalè pèp la se sou tèt yap pote Lochard. Lochard ap pran depatman an nan men yo. Lochard se yon wa lipral ye nan Mibalè. Ni politisyen ki fèk parèt ni sa ki te la deja. Yo di yo pap kite lapè a fèt ak Lochard. Pèp mibalè sa yo pa vle di nou yap kache nou an. Se pa bandi yo ki pa gen mo donè vre se. Se pito pwòp pitit mibalè ankò ki bloke mouvman lapè a. Yon jou nap konprann kote nou pran. Map ouvè je nou chak jou. Mwen bay tèt mwen misyon sa a.
Se yon ekip polisyen tèt pete ki bloke nou ki fè nou pa tounen lakay nou deja. Nèg yo fè tout sak posib pou lapè a bloke. Moun mibalè kale je nou.
Reine Glatine Vorbe
Phare Du Centre
Israel Landoo
KastroOfficial Philogene
Tout le monde en parle

Lendi 10 dawou 2026 -  Nan yon nòt vokal yo mete deyò, Komisyon pou Lapè k ap diskite ak mesye ame ki kenbe Mibalè an ot...
08/11/2026

Lendi 10 dawou 2026 - Nan yon nòt vokal yo mete deyò, Komisyon pou Lapè k ap diskite ak mesye ame ki kenbe Mibalè an otaj yo fè konnen: "mesye ame yo pap kite Mibalè toutotan oto-defans Mibalè a pa remèt zam yo an piblik".
Selon youn nan manm komisyon an,chèf mesye ame deklare, sèvis ransèyman li bay, dezameman ki te fèt nan otèl Mina ledye, Mibalè a se te yon blòf.
Komisyon alète popilasyon an travay pal la fèt deja, li rete koulye a pou lapolis fè dezameman an epi mete polisye nan pozisyon estratejik yo pou mesye ame yo ka kite komin nan.

Kredi: Phare Du Centre

07/24/2026

Mibalè lakay nap tounen.

Nan yon echanj ak kèk sitwayen, ansyen senatè Willot Joseph ankouraje moun Mibalè ki deplase yo pou yo aksepte sitiyasyo...
07/14/2026

Nan yon echanj ak kèk sitwayen, ansyen senatè Willot Joseph ankouraje moun Mibalè ki deplase yo pou yo aksepte sitiyasyon an epi chèche òganize lavi yo kote yo refijye a.
Pandan diskisyon an, yon sitwayen te raple l pwomès li te fè pou akonpaye Ajan Egzekitif Lochard Laguerre nan yon demach pou mete gang yo deyò Mibalè. An repons, Willot Joseph fè konnen li te kontakte plizyè aktè politik ak pèsonalite ki gen enfliyans nan depatman an, tankou ansyen depite Mibalè Abel Descollines, ansyen minis agrikilti Joanas Gué, aktyèl ajan egzekitif enterimè Lochard Laguerre ak jounalis Gary Pierre Charles (GPPC).

Daprè ansyen senatè a, kèk nan moun li te pale yo te fè l konprann li se yon ansyen eli li pa kapab pran yon gwo responsablite konsa, sitou akoz risk pèt kolateral yo ,sa vle di lè bandi mouri ak lè sivil mouri. Li ajoute gen lòt ki pa t ba li repons favorab, pandan li deklare Ajan Egzekitif Lochard Laguerre te vin pa reponn apèl li aprè, selon li, Joanas Gué ta dekouraje l pran inisyativ la.

Selon yon sous ki te asiste echanj la, Willot Joseph te konkli lè li di moun ki gen mwayen ta dwe achte youn oswa de santyèm tè pou yo rete kote yo ye a, paske, daprè li, pa gen okenn nan moun yo t ap konte sou yo ki montre yon volonte reyèl pou ede reprann Mibalè anba kontwòl gang yo.
Phare Du Centre
Que la lumière soit !

Mibalè: Pastè Techeler Dimanche "Baby" konfime yon demach pou lapè ak Taliban mawozo Aprè yon mesaj odyo ki t ap sikile ...
07/14/2026

Mibalè: Pastè Techeler Dimanche "Baby" konfime yon demach pou lapè ak Taliban mawozo

Aprè yon mesaj odyo ki t ap sikile sou WhatsApp e anpil moun t ap atribye li ak li, jounal la te kontakte pa telefòn Pwofesè Techeler Dimanche, alyas Baby. Li konfime se vre se li menm ki pale nan odyo a nan non Komisyon pou Lapè a.
Daprè Mèt pastè a, komisyon an te itilize yon entèmedyè, li pa vle revele non li, pou pale ak chef Taliban mawozo yo. Li fè konnen, selon sa entèmedyè a rapòte, chèf gang yo fè konnen li pa gen entansyon rete Mibalè ankò epi li mande popilasyon an fè yon jès retounen lakay li pou li menm, lap kite vil la touswit pou ale anba mòn Kabrit .

Pastè Techeler eksplike, selon pawòl chèf TalibanMawozo yo, rezon ki fè gwoup la poko kite se paske gen kèk dosye yo konsidere sou responsabilite yo nan vil la, yo pa vle abandone yo si yo gen pwoblèm pou sa pa tounen sou kont yo. Lè jounal la mande ki dosye sa yo ye, li reponn, daprè chèf gang yo HUM se youn ladan yo.
Sou kesyon fason popilasyon an ap retounen, pastè a fè konnen yo prevwa moun yo ap kontoune epi pase kote sa posib. Pou samdi 18 jiyè 2026 la, yo pral antre Mibalè pou delivre yon mesaj lapè sou plas piblik la .

Konsènan rimè ki fè kwè gang yo menase pou rantre Boukan kare ak Ench, past di daprè entèmedyè ki te pale ak chef Taliban mawozo yo,fè konen se rimè se pa vrè. Li ajoute, selon enfòmasyon yo resevwa, gwoup la konsantre sou aktivite ki gen rapò ak fèt Vyèj Mirak S**o.
Lè jounal la mande eske manm Komisyon pou Lapè yo ap prezan nan Mibalè samdi 18 la, Òm de Dye a reponn wi. Li fè konnen kèk manm komisyon an deja antre nan vil la, yo pran videyo sou sitiyasyon an, videyo sa yo pral pibliye anvan samdi.

Pou fini, pastè Techeler lanse yon apèl bay otorite lokal yo, tankou majistra a, delege a ak vis-delege a, pou yo kolabore ak komisyon an afin pou konsolide lapè epi pèmèt popilasyon an retounen viv lakay li.
Phare Du Centre
Que la lumière soit !

Randevou Mach pou lapè. Mwen lire mouvman sa a demen 22 jen an tout moun Mibalè s**o Randevou pelig Mach pou lapè. Vini ...
06/21/2026

Randevou Mach pou lapè.
Mwen lire mouvman sa a demen 22 jen an tout moun Mibalè s**o Randevou pelig Mach pou lapè. Vini anfoul.

05/13/2026

#🆘️

Kikote nan video sa a ou ka idantifye nan mibalè. ?

Address

Texas 1100
Houston, TX

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Mibalè pap viv ak Gang posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

Share