Haitv509

Haitv509 Byenvini Sou Paj Ofisyèl HAITV509 la.. nou pa fè enfòmasyon, nou bay enfòmasyon an jan nou jwenn li an san nou pa kòmante l.
(1)

Haitv509 se yon platfòm an liy ki la pou konekte tout ayisyen sou tout sa kap pase an AYITI ak nan diaspora a tankou kilti, spò, sante, politik, deba, aktyalite, mizik, sinema, tout nouvèl cho yo.

MONDYAL 2026: SKANDAL IMIGRASYONOmar Abdulkadir Artan, abit Somalyen FIFA te chwazi pou patisipe nan Mondyal 2026 la, te...
06/09/2026

MONDYAL 2026: SKANDAL IMIGRASYON
Omar Abdulkadir Artan, abit Somalyen FIFA te chwazi pou patisipe nan Mondyal 2026 la, te jwenn refi pou antre Ozetazini lè li rive nan peyi a, san okenn eksplikasyon ofisyèl.

Apre li te eli kòm pi bon abit Afriken pou ane 2025 la, li te sou wout pou antre nan listwa kòm premye Somalyen ki t ap dirije match nan yon Koup di Mond. Men otorite Ameriken yo pa t pèmèt li antre sou teritwa a epi yo te voye l tounen nan peyi TURQUIE.

Yon Sitiyasyon ki konplike e La FIFA menm arive konfime ke abit la pap ka patisipe nan Mondyal la ankò.

Sa ki fè sitiyasyon sa a vin pi chokan toujou, se lefèt ke Somali pa gen okenn Anbasad Ameriken sou teritwa li. Pou sa, Artan te oblije vwayaje ale Kenya pou fè tout demach viza li yo, yon pwosesis ki te long ak konplike, men li te rive konplete li avèk s*ksè.

Grenadye yo pran vòl pou ale nan baz yo NEW JERSEY Pou Mondyal 2026 la nan kad patisipasyon yo nan MONDYAL 2026 la, 52 l...
06/08/2026

Grenadye yo pran vòl pou ale nan baz yo NEW JERSEY Pou Mondyal 2026 la nan kad patisipasyon yo nan MONDYAL 2026 la, 52 lane apre 1974. n ap reple w ke premye match grenadye yo prevwa pou samdi k ap 13 Jen 2026 la a 9è nan Aswè.. tout ekip Haitv509 fan club la ap swete GRENADYE yo Bòn chans..

06/08/2026

Polisye SYNAPOHA Yo Mande Bandi yo LIBERE Yon POLISYÈ Yo KIDNAPE Epi Denonse Move TRETMAN Polisyè a

06/08/2026

Jounalis ESAÜ CÉSAR deklare pèsonn paka voye rele aba premye minis Alix Didier Fils-Aimé ki ap byen travay nan peyi a. Men kòman jounalis la t ap defann PM nan.

06/07/2026

Grenadye yo k ap enjoy nan Little HAITI

Tout Bèl Atis Ayisyèn nou yo Darline Desca, Fatima, Séphora Te al sipòte GRENADYE yo devan Pérou nan NU STADIUM nan..mou...
06/07/2026

Tout Bèl Atis Ayisyèn nou yo Darline Desca, Fatima, Séphora Te al sipòte GRENADYE yo devan Pérou nan NU STADIUM nan..
moun yo bèl mezanmi!!....

Danley Jn Jacques mande piblik la eskiz apre pèfòmans li te fè nan match amikal kont Perou a, kote anpil moun kritike gr...
06/06/2026

Danley Jn Jacques mande piblik la eskiz apre pèfòmans li te fè nan match amikal kont Perou a, kote anpil moun kritike grenadye a sou 2 aksyon li te trè mal negosye, sa ki te koute nou yon defèt 2 a 1.

🇭🇹 Nouvo Pwotokòl FIFA pou anvan match yo pandan Mondyal 2026 la:FIFA prezante yon nouvo fason pou seremoni anvan match ...
06/05/2026

🇭🇹 Nouvo Pwotokòl FIFA pou anvan match yo pandan Mondyal 2026 la:

FIFA prezante yon nouvo fason pou seremoni anvan match yo fèt pandan Mondyal la. Olye pou 2 ekip yo kanpe nan 2 liy paralèl jan sa te konn fèt la, tout 26 jwè ki sou fèy match la (11 titilè yo ansanm ak 15 remplasan yo) ap antre sou teren an epi y ap rasanble bò kote ofisyèl match yo nan mwatye teren pa yo pandan gwo drapo nasyonal yo ap dewoule sou gazon an.

Pwen enpòtan nan nouvo pwotokòl la:

✅ Tout ekip la ap ansanm
Pou premye fwa, remplasan yo pap rete sou ban an pandan im nasyonal la. Tout 26 jwè yo ap kanpe ansanm ak jwè titilè yo pandan seremoni an.

✅ Nouvo fòmasyon 360 degre
Olye ekip yo kanpe nan yon liy devan gradin prensipal la, jwè yo ap rasanble an sèk oswa nan yon fòmasyon kote yo fè fas youn ak lòt pou kreye yon pi bon efè vizyèl.

✅ Gwo drapo nasyonal sou teren an
Yo pral dewoule gwo drapo peyi yo sou chak mwatye teren an pou bay fanatik yo yon eksperyans ki pi espektakilè ak plis emosyon.

✅ Apre im nasyonal yo
Lè im nasyonal yo fini chante:

Ekip yo ap fè foto ofisyèl yo.
Jwè yo ap salye youn lòt.
Abit la ap fè tiraj pyès lajan an (coin toss).
Match la ap kòmanse jan sa konn fèt nòmalman.

🔥 Pou Ayiti, sa vle di tout GRENADYE yo pral kanpe ansanm anba gwo drapo AYITI a pandan "La Dessalinienne" nan ap chante, yon moman ki ka trè emosyonèl pou jwè yo ak tout fanatik ayisyen atravè lemond. 🇭🇹⚽️❤️💙

06/05/2026

Aktè entènasyonal Ayisyen an, JIMMY Jean-Louis voye yon mesaj fò bay Jenès Ayisyèn nan, pandan prezantasyon liv li ki titre "l'enfant D'Haïti, des Bidonvilles de Port-au-Prince aux étoiles d'Hollywood", nan 32zyèm edisyon "Livres en Folie" an.

06/05/2026

Dènye Nouvèl: LAME Dayiti revoke 2 sòlda sa yo paske yo te nan vòlò 4 sak s*k, pandan yon patwouy nan lannuit, sou Dèlma. Men kòman y ap rache grad ak inifòm sou yo an piblik. Responsab yo deklare lame Dayiti pap gen ti vòlò ak delenkan.

Address

Indianapolis
Indianapolis, IN
46222

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Haitv509 posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Haitv509:

Share