08/21/2026
AYITI | EDIKASYON | REZILTA EGZAMEN OFISYÈL 2026🇭🇹
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl, MENFP, pibliye jodi vandredi 21 out 2026 la rezilta egzamen ofisyèl 9yèm Ane Fondamantal, Bakaloreya ak ENIJE.
9yèm Ane Fondamantal
Rezilta yo disponib pou 8 depatman. Pousantaj reyisit yo varye ant 75,50 % ak 93,45 %.
• Nò: 93,45 %
• Lwès: 91,90 %
• Nòdès: 91,73 %
• Sid: 91,45 %
• Sant: 86,24 %
• Grandans: 85,99 %
• Sidès: 80,34 %
• Nip: 75,50 %
Bakaloreya
• Lwès: 18 746 kandida admis sou 40 996, sa vle di 45,73 %.
• Nip: 1 649 kandida admis sou 4 086, sa vle di 40,36 %.
ENIJE
Sou 2 510 kandida ki te patisipe nan egzamen yo pou nivo preskolè ak fondamantal, 1 759 ladan yo reyisi, sa ki reprezante yon pousantaj 70,08 %.
Sètifika ak relve nòt: Sètifika ak relve nòt kandida yo ap disponib apati fen mwa sa a nan Direksyon Depatmantal Edikasyon yo. Kandida yo ap kapab retire yo sou prezantasyon resi DGI a.
MENFP fè nou konnen rezilta 9yèm Ane Fondamantal pou depatman Latibonit ak Nòdwès, ansanm ak rezilta Bakaloreya pou lòt depatman yo, ap pibliye pi devan.
📍 Chansòl Konekte Nèt
Enfòmasyon, verite ak transparans pou kominotChansòl Konekte Nèt Nèt