Tektek TekTek se sous ou pou konprann ak metrize teknoloji.
(4)

Nou pataje nouvèl, inovasyon ak konsèy pratik pou ede ou aprann, grandi epi pran avantaj nan tout opòtinite dijital yo.

NATCOM make 15 lane prezans li ann Ayiti epi anonse lansman pilòt 5G li a. 5G se yon jenerasyon rezo mobil ki fèt pou ba...
09/08/2026

NATCOM make 15 lane prezans li ann Ayiti epi anonse lansman pilòt 5G li a. 5G se yon jenerasyon rezo mobil ki fèt pou bay pi gwo vitès, pi ba latans, plis kapasite epi konekte plis aparèy an menm tan; men yon lansman pilòt pa vle di sèvis la deja disponib pou tout kliyan ni sou tout teritwa a. Pou 5G gen sans, li mande yon rezo solid dèyè li: fib optik, antèn byen konekte, ase kapasite transmisyon, bon kouvèti 4G epi yon eksperyans entènèt ki estab pou itilizatè yo. Se poutèt sa anons sa a merite enterè, men li merite tou mezi ak transparans: li ta bon pou NATCOM pibliye zòn tès yo, vitès reyèl yo, latans, kapasite rezo a ak kalandriye deplwaman an. Paske teknoloji pa mezire nan seremoni ni nan non “5G” ki parèt sou yon telefòn; li mezire nan eksperyans kliyan an. Lè anpil itilizatè toujou plenyen de entènèt ki ralanti oswa ki pa estab, li nòmal pou piblik la mande: anvan nou selebre 5G, èske 4G la deja bay pèfòmans li dwe bay toutbonvre? Gen menm kliyan ki ap fè blag pou di yo poko fin kwè 3G la rive byen lakay yo. Se pa yon atak sou inovasyon; se yon rapèl senp: pi bon fason pou pwouve 5G egziste se pa anonse li, se fè kliyan yo santi diferans lan.

Yon kat debi pa fèt sèlman pou “fè moun sanble grannèg” lè yo pase l nan yon POS. Teknikman, li se yon zouti ki konekte ...
09/07/2026

Yon kat debi pa fèt sèlman pou “fè moun sanble grannèg” lè yo pase l nan yon POS. Teknikman, li se yon zouti ki konekte dirèkteman ak kont bankè moun nan: li pèmèt li peye san kach, retire lajan nan ATM, suiv depans li, limite risk pou pote gwo kantite lajan sou li, epi antre pi fasil nan sistèm finansye dijital la. Lè kat la sèvi ak puce EMV + PIN, chak tranzaksyon pase atravè mekanis sekirite ak otorizasyon bank lan, epi moun nan pa ka depanse plis pase kantite lajan ki disponib sou kont li a. Se sa ki fè yon kat debi gen yon vrè valè ekonomik, pratik ak finansye. Si li ta bay yon ti “valè sosyal” anplis vre, konnen se bonis la ; men POS la pa mezire klas sosyal, li mezire si tranzaksyon an otorize e siw gen ase lajan pouw peye sawap achte a lè wap pasel la oubyen lè wap chanjel kont lajan cash .

🚨 TEKTEK | AKSIDAN AVYON MIAMI  - Yon avyon kago Boeing 767-300, konpayi 21 Air t ap opere pou rezo Amazon Prime Air, fè...
09/06/2026

🚨 TEKTEK | AKSIDAN AVYON MIAMI - Yon avyon kago Boeing 767-300, konpayi 21 Air t ap opere pou rezo Amazon Prime Air, fè yon “runway overrun” pandan li t ap ateri nan Ayewopò Entènasyonal Miami dimanch 6 septanm nan. “Runway overrun” vle di avyon an touche pist la, men li pa rive kanpe anvan pist la fini. Dapre FAA, vòl 7598 la te soti San Juan, Pòtoriko; apre li depase pist la, li rive frape plizyè machin epi yon dife deklanche. Bilan pwovizwa otorite yo bay la se omwen 5 moun mouri ak 5 lòt blese, ladan yo 3 nan yon eta kritik. Pou kounye a, li enpòtan pou pa prezante okenn koz kòm yon reyalite: FAA ak NTSB ap mennen ankèt pou detèmine egzakteman sa ki te pase, tankou kondisyon meteyo, frenaj, eta pist la, pèfòmans avyon an ak desizyon ekipaj la

Dapre enfòmasyon k ap sikile yo, ONI ta fè konen pou CIN la, gen plizyè milyon dosye ki ta rejte kòm doublon oswa akoz p...
09/06/2026

Dapre enfòmasyon k ap sikile yo, ONI ta fè konen pou CIN la, gen plizyè milyon dosye ki ta rejte kòm doublon oswa akoz pwoblèm NINU. Sa soulve yon kesyon teknik ki merite eksplikasyon, san prese tire konklizyon. Lè yon moun enskri pou CIN (Kat Idantifikasyon Nasyonal), yo pran anprent dwèt li, sa ki pèmèt yon sistèm biometrik tankou AFIS/ABIS chèche si menm anprent lan deja egziste nan baz done a. Sa rele “Déduplication”: anvan yo kreye yon nouvo idantite, sistèm nan konpare moun nan ak tout moun ki deja anrejistre. Puce ki nan kat la se yon lòt kouch sekirite; se pa li menm ki fè verifikasyon sa a. Kidonk, si kantite doublon yo konfime, nan ki etap doublon yo te detekte, kijan verifikasyon anprent lan fèt, epi si NINU yo te kreye anvan oswa apre kontwòl biometrik la. Donk, si chif sa yo konfime: kijan tout doublon sa yo te rive pase malgre anprent moun yo te deja anrejistre?

 ! Chak jou mleveMap tann mretounen kouchePaske se sèl lè nou ka rankontreNan rèv mwen ?!Mwen jwenn ou ankòkote kè m ka ...
09/06/2026

! Chak jou mleve
Map tann mretounen kouche
Paske se sèl lè nou ka rankontre
Nan rèv mwen ?!

Mwen jwenn ou ankò
kote kè m ka respire
menm si se pou yon ti moman…
💔💔💔💔💔❤️‍🩹😭😢😔😔😞😭

ONI lanse yon nouvo sèvis sou entènèt pou verifye NINU ou. Apati 4 septanm 2026, ou ka antre sou delidoc.gouv.ht/verifie...
09/04/2026

ONI lanse yon nouvo sèvis sou entènèt pou verifye NINU ou. Apati 4 septanm 2026, ou ka antre sou delidoc.gouv.ht/verifierNINU, mete Nimewo Idantifikasyon Nasyonal Inik ou (NINU) epi verifye si kat CIN ou aktif nan sistèm ONI a. Si NINU a valab, sistèm nan ap montre foto w ak dat nesans ou pou konfime idantite a. Si li pa rekonèt ou, sistèm nan ap fè w konnen kat la pa aktif oswa NINU a pa egziste. 🇭🇹

Découvrez le module Système POS de JERE360, une solution complète conçue pour simplifier la gestion de vos ventes, de vo...
08/31/2026

Découvrez le module Système POS de JERE360, une solution complète conçue pour simplifier la gestion de vos ventes, de vos stocks et de vos opérations en temps réel. Moderne, pratique et performant, JERE360 POS vous aide à mieux piloter votre activité avec efficacité. Pour plus d’informations : [email protected] | jere360.com | USA : 954-832-7450 | Canada : 343 573 8244 | Haïti : 39038181 / 32277777

Apre 15 lane kòm chèf Apple, Tim Cook ap kite plas li bay John Ternus apati 1ye septanm. Sou direksyon Cook, Apple grand...
08/31/2026

Apre 15 lane kòm chèf Apple, Tim Cook ap kite plas li bay John Ternus apati 1ye septanm. Sou direksyon Cook, Apple grandi anpil: iPhone lan vin pi enpòtan nan lavi nou chak jou, sèvis tankou Apple Pay, Apple Music ak lòt pwodwi yo devlope, epi valè konpayi an monte anpil sou mache a. Kounye a, John Ternus pral gen gwo defi devan li, espesyalman sou entèlijans atifisyèl, relasyon ak Lachin ak règleman Ewòp yo.

Yon jij federal ameriken bay Anthropic rezon nan konfli li genyen ak Pentagon lan sou fason lame kapab itilize IA. Penta...
08/30/2026

Yon jij federal ameriken bay Anthropic rezon nan konfli li genyen ak Pentagon lan sou fason lame kapab itilize IA. Pentagon te klase Anthropic, konpayi ki kreye Claude, kòm yon “supply chain risk”, sa vle di yon konpayi yo konsidere kòm yon risk pou sekirite sistèm ak teknoloji militè yo. Sa te rive apre Anthropic te refize retire safety guardrails Claude yo ; règ sekirite ki limite sa IA a kapab fè sitou pou anpeche itilizasyon li nan zam ki kapab sèvi ak IA pou idantifye oswa atake sib ak mwens entèvansyon moun, siveye moun ak teknoloji. Jij Rita Lin deside mezi Pentagon lan te ilegal epi li te sanble ak yon represay kont Anthropic olye yon menas sekirite ki te pwouve. Tribinal la mande pou retire etikèt la. Dosye sa a montre lè yon konpayi kreye yon IA, li dwe gen dwa mete limit sou fason menm lame yon peyi itilize teknoloji sa a

Au Canada, un agréable moment de rencontre et de partage avec les artistes Emeline Michel et BIC, aux côtés de Marc Ande...
08/29/2026

Au Canada, un agréable moment de rencontre et de partage avec les artistes Emeline Michel et BIC, aux côtés de Marc Anderson Brégard, John Boisguéné et Grégory Jean Philippe, de la Radio Télévision Caraïbes. Une belle occasion de célébrer, dans la simplicité, les liens qui unissent la culture, les médias et les talents haïtiens au-delà des frontières.

Address

Lauderhill, FL

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Tektek posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Tektek:

Shortcuts

Share