15/11/2025
🔵 🇭🇹 Monseyè Jean Désinord, Evèk Ench, òdone senk (5) nouvo pè pou legliz ak dyosèz Ench la: yon moman plen kè kontan ak espwa
Jodi samdi 15 novanm 2025, nan Katedral Imakile Konsepsyon Ench, Monseyè Jean Désinord òdone senk (5) nouvo pè devan yon asanble ki te gen fidèl, fanmi ak zanmi nouvo òdone yo. Se te yon selebrasyon ki chaje ak emosyon, espirityalite nan yon kontèks soyal ki difisil.
Nouvo pè sa yo se: Anel BRUN, Dany DÉCLAMA, Robert LEURBOUR, Junior PHELE, Charlus PIERRE.
Klèje Ench la konte pou kounye a anviwon 125 pè, sa ki montre devlopman ak angajman dyosèz la nan misyon evanjelizasyon li.
Nou swete n bon ministè, ke Bondye kontinye gide pa nou, ranpli kè nou ak lespri sèvis, epi mete pawòl nou ak aksyon nou pou sèvi pèp Bondye a ak fidelite.
JLN- Legliz AN Aksyon