10/30/2021
Mèt Facebook la ki se Zuckerberg, chanje non konpayi an de Facebook Inc an Meta Inc.
Eske sa vle di nan jou kap vini yo aplikasyon ki sou telefòn nou an pral ekri Meta?
Non. Fòk nou pa konfonn "Facebook Inc" ak "Facebook".
"Facebook Inc" se non manman konpayi an, e andan konpayi sa genyen plizyè ti konpayi tankou: Facebook, Messenger, Instagram, Whatsapp ak Oculus VR. Tandiske Facebook tou senpleman se non aplikasyon ke wap itilize chak jou an pou w regle zafè w.
Pa egzanp, lèw pran Google, se non sa ou plis tande, poutan manman konpayi an rele "Alphabet Inc" e andan Konpayi sa ou jwenn on pakèt lòt ti konpayi tankou: Calico, Google X, Fiber, Nest, Google ( e andan Google ou jwenn Android, Search, Youtube, etc.).
Donk, lèw tande Facebook chanje an Meta, se pa aplikasyon an ki chanje non, se manman konpayi an ki pase de "Facebook Inc" a "Meta Inc". Se tou senpleman yon fòmalite.