05/20/2026
Plis pase 9 mwa san salè, anplwaye CNE yo revandike
Plizyè dizèn anplwaye Sant Nasyonal Ekipman te reyini devan primati Byen bonè mèkredi 20 me 2026 la pou mande ak otorite nan Leta a peye yo plis pase 9 mwa depi yap travay san touche. Daprè revandikatè yo, premye minis Alix Didier Fils-Aimé pa janm panche sou sitiyasyon ak evolisyon enstitisyon ki depi kèk tan pap byen fonksyone.
Yo te kontinye pou yo mande ak PM nan poul respekte Dekrè lwa ki pale de transfè nan divès lòt bwat enstans tankou: FAD’H, MTPTC ak lòt bwat ki konsène yo. Nap raple sa gen kèk mwa, yon nòt te soti pou fè konnen lame Peyi Dayiti te rekrite plizyè Kad nan CNE pou vin pote sèvis yo bay enstitisyon defans nasyonal lan.
DVH INFOS
Copyright by ©DVHINFOS