07/28/2024
Rapèl 📌
28 jiyè 1915 se yon dat ki ta dwe grave nan memwa chak grenn Ayisyen sitou pou politichyen nou yo . Blan Meriken debake sou bout tè Papa Desalin nan, vòlò rezèv nou voye nan peyi yo sou pretèks yo vin bay etazinyen k ap viv sou sòl la sekirite epi ede nou mete stabilite . Yo kraze lame,kraze ekonomi an fè nou prete kòb , yo pa envesti nan pwodiksyon nasyonal , fè peyizan travay san peye ( kòve) . Yo kreye Gendarmerie D'Haïti ki pral tounen fòs lame Dayiti sou pou yo ka toujou gen kontwol peyi a e rezilta lè yo fin ale se sou anvan li ranplase pa Police Nationale d'Haiti - PNH ki toujou sou kontwol yo via Ambassade des États-Unis, Port-au-Prince (Haïti) . Yo vini, dechèpiye nou, mete pye sou kou nou, pran sa nou genyen fè Masak sou peyizan yo ( 6 décembre 1929 poum site sa selman ) mete moun ki renmen pouvwa men ki pa renmen peyi dirije ( ) pandan y ap ansasinen ak ezile vrè yo( ) . Men vrè rezon envazyon an
1- Premye pèp endepandan
2 - pozisyon jewografik peyi
3-
4- Richès peyi a
Malgre tout bagay sa yo apre sa ki vin tounen Ayisyen yo te kapab mete peyi sou wout chanjman , jounen jodia bagay vin pi mal nou pran kounya nou nan men sanble nou pran anyen sou sa ki pase nan nou kòm pèp. Nou paka ap pale de san nou pa pale de yon nèg tankou pou nou montre se depi lontan gen trèt gen nèg ki te toujou prefere blan je vèt pase Frè yo . Poum fini m ap di menmsi yon fòs lame etranje ta vin mete stabilite nan peyi si nou menm ayisyen sitou sektè ak lan pa mete tèt ansanm bagay yo ap remelanje e nou pap ka sòti ankò . Claude Joseph Fernando