11/01/2025
💜🖤💜🖤
1er novanm se yon jou sakre ak chaje emosyon pou kominote Bokozèl, kote tradisyon ak espirityalite melanje ak respè ak memwa moun ki sot pase yo. Se jou Fèt La Tousen, kote fanmi ak vwazen mete tèt ansanm pou onore mò yo, netwaye simityè yo epi fè rityèl pou ghede yo, ki reprezante lespri mò nan kwayans vodou.
Nan Bokozèl, se pa sèlman yon koutim, men se yon eritaj vivan ki kontinye make relasyon moun ak rasin yo, ak lespri zansèt yo. Simityè a vin tounen espas sakre kote flè, chandèl, manje tradisyonèl, ak priyè fèt pou onore memwa moun yo renmen.
Jounen 1er novanm nan Bokozèl, se pa jou tristès sèlman se jou rasanbleman, sonje, e selebrasyon lavi sa yo ki pa la ankò, men ki toujou prezan nan kè ak lespri kominote a.
Bokozèl sonje pa janm bliye
fans