10/06/2024
Saw pa ka fè a, saw pa konn kijan pouw fèl la paske w inyore yon pakèt prensip épi w pa gen kran ase a, kite m fèl ansanm avèw. Ak yon plan pou réyini konesans Ayisyèn yo nan lide pou planifye nouvel oryansyon peyi a epi pèmèt emèjans nouvo dirijan ki wè Ayiti an premye pou reyalize pwojè tankou:
1-Ansèkle Ayiti ak wout 3 vwa pou pi piti, relye peyi a tankou yon spiral,
2-yon plan pou oryante kòmès ak endistri peyi a nan tout kote ki ka ankouraje desantralizasyon ak travay pou popilasyon an san gran deplasman nan Komin yo, 3-yon plan sekirite ak siveyans ki pi prè popilsasyon an ki ka rann li konfyan ak nivo kòripsyon nan bwat leta yo. Kote rèspè pou kwa peyi a garanti, respè tout antite nan espas Ayisyen an garanti, pyès moun pa pi wo ke lwa yo
4-yon plan pou yon jenès ki ka pwodui selon ankadreman teknik ak pwofesyonèl li jwenn ajoute valè ki mete sou kapasite pèsonèl li,
5-yon plan pou edikasyon ak inivèsite peyi a ka rive sou popilasyon an san difikilte selon pensip teknolojik yo,
6-yon plan Santé pou popilasyon an ka jwenn swen sanitè san li pa deplase ale lwen komin li an.
Mw garanti w, si w konprann épi moi fè l ansanm , lap pou Byen nou tout. Ou pap ka pran lide sa a pouw reyalize l paske gen bagay ou pa konnen.
, Nou ka vanse pou yon lòt Ayiti si nou travay ansanm pou finisman 5 lane kap vini yo