07/10/2025
Épisode 41
Mon Rêve
✍🏽 Écrit par : Ing. Witchy
📍Dans le bureau du Directeur Baptiste – juste après leur échange
Manman Ludenie leve dousman, li mete men sou kè li ak anpil respè epi li di:
Manman Ludenie : Mèsi anpil, Mesye Direktè. M swete Bondye beni ou pou tan ou pran pou koute m. M konprann se pa fasil, men jan ou di w ap verifye dosye Lorenzo a deja ban nou anpil espwa."
Direktè Baptiste (fè yon ti siy tèt):Se pa anyen, Madanm Bunnell. Mwen toujou gen respè pou ou ak fanmi ou. M ap fè sa ki dwat."
Manman Ludenie (kontinye): E… tanpri, pandan w ap panse ak ka Lorenzo a, voye je sou pitit mwen an tou, Ludenie. Li pa toujou pale anpil, men li gen bon kè, li santi sa anpil pou zanmi l. Ou pa imajine kijan li enplike emosyonèlman."
Direktè a gade nan direksyon pòt la ki mennen sou sal klas yo, li souri yon ti jan:
Direktè Baptiste (dou): M te toujou wè Ludenie kòm yon elèv serye. Mwen ka imajine sa li ap viv si li santi Lorenzo te viktim. M ap fè atansyon ak li."
Manman Ludenie (ak rekonesans): Mèsi, Mesye Direktè. M ap retounen demen oswa apre demen ak tout dokiman Lorenzo yo. Si Bondye vle, nou kapab louvri yon nouvo chapit pou li.
Direktè Baptiste: Dakò, madanm. M ap tann ou."
Manman Ludenie fè yon ti salitasyon polit, epi li sòti nan biwo a ak yon ti espwa nan je li.
Ludenie ap soti nan sal klas li, li rankontre manman li nan mitan lakou a.
Ludenie (apral pale): Manmi, kijan sa te ye?"
Manman li (souri ak anpil kalm): Li koute m, pitit mwen. Li di li pap deside touswit, men li ouvè pou verifye dosye Lorenzo. Mwen remèsye Bondye."
Ludenie (souri, je l briye): Mèsi manmi. Ou se pi bon moun ki ka fè sa pou li."
Manman li (kenbe men li):
mw ap fè sa nou kapab, pitit mwen. Se pou ou, pou Lorenzo.
📍Devant biwo Direktè a lekòl Ludenie
Apre konvèsasyon sere ak Direktè Baptiste, manman Ludenie ak Ludenie kanpe yon ti moman tou pre galri a. Manman li fouye nan ti bous li, li rale yon ti kòb – kèk billet byen plwaye epi li mete yo nan men pitit fi li.
Manman Ludenie (dou, men fèm):ou wem te bliye baw lajan Pran sa. Achte yon ti bagay pou w manje pandan rekreyasyon. Ou fè yon bèl jefò jodi a. Pa kite anyen rale w desann."
Ludenie (fè yon ti ezitasyon): Mèsi manmi… Men ou pa t oblije."
Manman li (souri): M konn ou pap mande. Men mwen wè ou. Ou gen yon bon kè, e m fyè de ou. Antre tounen nan klas ou, kenbe tèt ou dwat, tout bagay ap mache.
Ludenie (ak yon ti bwi andan vwa li): M renmen ou, manmi."
Manman li (rale l nan yon ti anbras): M renmen ou plis toujou. Se pou Bondye kontinye gide w."
Ludenie fè yon ti soupi epi li antre tounen nan klas li, ak lespwa k ap flote nan je li. Manman li, ak tout kalm, mete linèt li sou je l, pran ti valiz li, epi li desann ti eskalye lekòl la pou retounen nan travay li.
📍Dehors lekòl la – Manman Ludenie ap mache
Nan tèt li, li di:
M ap fè sa pou Lorenzo, men plis toujou pou Ludenie… pou li ka toujou kwè nan sa ki dwat."
📍Mardi matin – Ansyen lekòl Lorenzo
Se te yon jou chaje tansyon, chaje silans, chaje emosyon. Malgre Lorenzo pa lekòl ankò, non li toujou ap pale nan chak kwen, nan chak rale souf.
Nan salklas la, elèv yo chita, men zye yo pa twò fikse sou pwofesè… yo plis ap gade reyaksyon Amory, Marha, Ley… ak tout lòt ki te pwòch Lorenzo.
📍Premye Pwofesè ki antre: Literati Franse
Pwofesè a gen ti lòd papye nan men li. Li antre ak figi l ki pa montre emosyon, li di:
Pwof Literati: Men rezilta konpozisyon semès la. Pa gen diskisyon sou not jodi a."
Li rale fèy yo, li kòmanse rele non…
Marha
Marha leve, pran papye a, tounen chita. Men li pa souri. Li panse ak Lorenzo.
Lorenzo Pierre-Louis… 80%. felicitation
Sal klas la sezi. Menm si li pa la, non l sonnen fò. Tout moun gade youn lòt.
Pwofesè a gade klas la, li di:
Amory, ou ka kenbe papye sa pou li?"
Amory fè siy tèt, li pran papye a, li mete l nan valiz li ak swen.
Amory
Menm pwofesè a leve sousi li. Trè bon travay, Amory."
Men Amory pa reponn. Li pran fèy la, mete l nan valiz li san bri. Pèsonn pa t ka konnen not li.
📍Rete klas la – seri remèt kontinye
Tout lòt pwofesè ki te fè kompozisyon vin youn apre lòt — istwa, chimie… men chak fwa, yo ba Amory,Marha, ak fèy Lorenzo — se sèl twa elèv sa yo ki toujou gen bon nòt.
Elèv yo ap pale ba, yo sezi.
Men kijan Lorenzo ta fè ap fè kopi, si tout not li yo fò konsa?"
Yon ti vag dout kòmanse leve… pa tout moun, men gen ki reflechi.
📍Amory – nan kwen li, an silans
Li pran tout fèy Lorenzo yo, li mete yo byen plwaye nan yon valiz li tre espesyal. Li kenbe pa l tou. Men li pa kite pèsonn gade nòt li.
Amory panse nan tèt li: Mwen p ap pale… men lè verite a ap soti, se not sa yo ki pral pale pou Lorenzo.
Pwofesè a pa t vini remèt fèy la jou madi sa. Gen rumeur ki di li poko fini korije, lòt ki di gen dosye k ap trete. Men verite a se sa:
📍Anndan klas la – Apre remèt fèy yo
Ley, Linda, ak kèk lòt ap gade youn lòt. Tansyon an lou. Men Marha ap kenbe tèt li.
Marha (ap pale ba ak Amory):
Ou remake sa, wi? Lorenzo fè 80, chimie 95, istwa 85… chak matyè li pase. Se sèlman matematik nou poko konnen… Pa gen moun ki wè sa pa dwòl?"
Amory (fè siy tèt, pa pale anpil): Se pou sa mwen kenbe tout papye li yo. Lè moman an rive, n ap montre verite a.
📍Soti klas – rekreyasyon
Elèv yo ap pale nan lakou a. Nòt yo se nouvo sijè lekòl la. Men Lorenzo pa la pou defann tèt li, ni pou reponn akizasyon.
Gen ki toujou kwè li koupab.
Gen ki pa fin sèten.
Gen ki kòmanse mande tèt yo… e si li te inosan?
📍Kay Amory – Aswè
Amory tounen lakay li, li mete tout papye Lorenzo yo sou kabann li. Li gade yo youn apre lòt:
Li pran fèy pa li tou…
Men li pa montre pèsonn sa. Se li ki fè pi bon nòt nan klas la.
Apre li, se Marha.
Epi Lorenzo.
Lòt elèv yo lwen dèyè.
Amory (pale ak tèt li):
Yo mete pi bon elèv la deyò, pou yon manti. M ap tann bon moman pou mete tout sa deyò.
📍Kay Lorenzo – Madi apremidi
Yon ti briz ap pase nan ti galri a. Julie, manman Lorenzo, chita sou chèz li ak figi li chaje ak panse. Li ap panse anpil, men sa li plis panse, se kijan pitit li ap fè fas ak tout sa k sot pase yo.
Li leve, li rantre andedan. Lorenzo chita sou kabann li, tèt li bese sou men l, li ap panse… san li pa pale, san li pa voye je sou manman li.
Julie pran yon ti souf, li chita toupre l, li pa di anyen sou premye kout la. Men li pa ka kenbe ankò.
Julie (dou, men ak fènwa nan vwa li): Lorenzo… men ou pa ka kontinye konsa. M ap gade w depi kèk jou. Ou pa pale, ou pa dòmi byen, ou pa manje ase. Ou konn mwen pa janm mete presyon sou ou… men fòk ou pale ak mwen, pitit mwen."
Lorenzo (dousman, pa leve tèt li): Manman… mwen pa gen sa pou m di. Tout sa mwen di, pèsonn pa koute. Yo te mete m deyò san m pa menm gen tan esplike tèt mwen.
Julie (pi sere nan vwa li): E se pou sa ou rete ak tout bagay sa yo anndan ou, tankou ou sèl ap pote chay la? Ou pa panse sak pase frapem tou? Ou pa panse ou merite lage sa sou zepòl mwen?"
Lorenzo (je l vè dlo): Yo akize m de bagay mwen pa fè… yo di m te ap kopie. Yo fè m wont, yo mete m deyò devan tout moun. Kijan pou m pale sou sa, manman? Kijan?
Julie leve, li pran men pitit li, li gade l ak tout lanmou manman li.
Julie (ak emosyon): Ou pa bezwen pote sa pou kont ou, Lolo. Mwen se manman ou. Mwen la pou ou, menm lè mond lan kont ou. Men si ou pa ouvri bouch ou, si ou pa mete limyè sou verite ou, ki moun ki pral mete limyè sou ou?
Lorenzo (ak doulè): Yo ba m 0, manman. Yo fè tout moun kwè mwen se ti vòlè… men mwen te travay, mwen te prepare m. yo mete m deyò.
Julie: Ou vle di ou te fè tout lòt matyè byen?
Lorenzo (ba vwa): Wi… men pèsonn pa t vle wè sa. Se tankou yo te deja deside sa m ye.
Julie pran yon gwo souf. Li mete men sou tèt li, li leve, li fè de (2) pa.
Julie (pi fòt): Men se pa konsa sa dwe ye! Si w te fè tout matyè sa yo byen, kijan yo ka mete w deyò sou yon sèl matyè, san prèv klè?
Lorenzo (panike): Manman… tanpri… pa mete tèt ou nan sa. Se konplike. Sa ka fè yo mete plis presyon sou mwen."
Julie (ak otorite): Lorenzo! Ou se pitit mwen. M p ap kite yo kraze w pou m rete ap gade. Ou pa bezwen pè… yo mete w deyò, men ou poko pèdi batay la."
Julie chita ankò, men li pale ak yon vwa ki pa t kite plas pou ezitasyon.
Lorenzo (vwa kase):M pa vle w soufri pou mwen, manman."
Julie (souri dousman, men ak dlo nan je): Se pou sa manman fèt pou li soufri pou pitit li. Se kè mwen ou ye. Si mwen pa leve pou ou, ki moun ki va leve?"
Lorenzo (ak yon vwa ki chaje ak tristès, men fò): M konnen m pa la nan lekòl la kounye a, men se pa sèlman paske yo te mete m deyò pou kopi a. M santi m pèdi ane sa a nèt. Lekòl la pap pran m nan mitan ane a, e m pa wè okenn mwayen k ap fè yo chanje lide yo."
Julie (figi l chaje ak tristès, men li eseye kenbe kalm): Pitit mwen, m te santi sa. Men, èske ou fin pran tout opsyon ou genyen? Eske ou te pale ak direktè lekòl la? Manman Ludenie ap eseye ede."
Lorenzo (soufle, leve men li an siy fache ak dezespwa): Wi, m pale ak direktè a, men yo pa vle koute. Yo di règleman yo strik, y ap suiv pwosedi. M pote tout dokiman mwen genyen, men yo pa vle reponn. Lekòl la tankou yon miray ki fèmen pou mwen."
Julie (ap eseye ankouraje l): Mwen konprann ou santi w dekouraje, men gen toujou yon fason pou n kontinye batay la. Pa janm sispann kwè. M ap fè tout sa m kapab pou n jwenn yon lòt lekòl oubyen pou n fè apèl nan lòt enstans."
Lorenzo (ak yon ti souri fènwa): Mèsi, manman. Mwen konnen ou ap la pou mwen. Men m santi mwen kòm yon panye ki kraze, kite nan kwen. Tout zanmi mwen ap avanse, e mwen rete dèyè.
📍 Julie avanse pou l pran men Lorenzo, kenbe l dousman
Julie: Lolo, lavi a pa toujou fasil. Men fòk ou sonje — sa k pa touye w, l ap fè w pi fò. Nou pap lage ou. Nou p ap kite anyen kraze rèv ou."
📍 Lorenzo gade manman l nan je, epi li deside kenbe yon ti espwa menm si li santi lapenn nan kè l.
Lorenzo (douman): M pa vle lage, manman. M ap tann nouvèl sou lòt opsyon ou ap chèche. M ap kenbe tèt mwen, pou mwen menm, pou ou, pou tout moun k ap kwè nan mwen.
📍 Julie bay Lorenzo yon ti souri solid
Julie: M ap fè sa pou ou, pitit mwen. Nou pap janm lage. M ap kontinye batay la.
📍 Lakou lekòl la – Aprè kou
Solèy ap desann dousman, elèv yo ap kite klas yo, men yon ti gwoup rete ansanm bò yon ti ban nan lakou a. Ley, Linda, ak Laura ap pale avèk yon kè kontan ki klè.
Ley (ak yon souri kontan): Marha, konpliman pou not ou yo! Ou fè 86% nan literati! Sa se yon bèl rezilta."
Linda (ak yon ti je ki briye): Wi, ou vrèman travay di. Ou merite chak pwen."
Laura (ak yon ti briyan nan vwa): Se pa tout moun ki ka fè sa ou fè a. Bravo, Marha!
📍 Amory, ki te la tou, ap koute ak yon ti souri trankil. Li pa t montre okenn not, men li pran yon ti moman pou l pale.
Amory (ak yon ton senp men sensè): Mwen vle di ou tou, Marha, ou fè yon bon travay. Mwen konnen pa tout moun ki rekonèt sa, men mwen konnen konbyen efò ou mete."
Marha (souri, yon ti jan timid): Mèsi, Amory. Sa vle di anpil pou mwen nou vini la. rirrr."
📍 Tout moun souri, yon moman zanmitay ki chaje ak respè. Yo pa konnen ke Amory menm se sèl elèv ki gen nòt ki pi wo pase Marha, yon sekrè li kenbe premyèman.
Ley (ak yon ti ri): Ou menm, Amory, ou pa janm di anyen sou nòt ou. Se pa pou nou fè wonm, men petèt ou gen yon sekrè?"
Amory (ri an silans, li kache yon ti souri): Petèt... Men sa pa enpòtan kounye a. Se travay ekip la ki pi enpòtan."
📍 Gwoup la kanpe ansanm, yo santi yon fòs ansanm, yon solidarite ki pi fò pase nenpòt difikilte lekòl la ap pote.
Marha (ak yon ti chalè nan vwa): M ap fè tout sa m kapab pou nou tout. Nou bezwen rete ini, ansanm n ap ka kontinye avanse."
📍Kay Marha – Aswè, yon silans ki lou
zanmi yo fin separe, chak ale lakay yo. Marha antre lakay li, san fòs, je li limite, kè li chaje ak anpil panse.
Manman l ap tann li nan salon an, li remake yon bagay pa nòmal nan konpòtman pitit fi li.
Manman Marha (ak yon ti tristès nan vwa): Marha, pitit mwen, ou pa menm pale ak mwen. Kisa k ap pase nan tèt ou? Ou sanble traka."
Marha, san yon mo, antre nan kay la, li fè yon ti jès respe, epi li pase bò manman l san li pa gade li.
Li ale dirèkteman nan tab nan salon an kote manman l te mete fey egzamen yo, li pran fey li te resevwa jounen an, li depoze yo dousman sou tab la.
Manman Marha (koute, men toujou ap gade li ak konpreyansyon): Ou gen bèl nòt jodi a. Mwen konnen ou te travay di. Men mwen santi ou pa menm tankou anvan."
Marha pa reponn, li jis kanpe yon ti moman, je l al nan vid. Li pran yon souf pwofon, epi li sòti dousman nan pou ale nan chanm li.
📍 Chanm Marha – Silans total
Li fèmen pòt la dèyè li, chita sou kabann lan, je l ap fikse plafon an. Li santi yon melanj de lapenn, traka, ak fòs k ap bouyi nan kè li.
Marha (panse pou tèt li, dousman): Mwen bezwen fòs. Mwen pap kite anyen kraze rèv mwen. Men sa pa fasil..."
📍Kay Marha – Salon
Manman l rete kanpe yon ti moman ankò, ap gade fey yo sou tab la. Yon melanj de lanmou ak enkyetid klè nan je li.
Manman Marha (douman, tankou ap pale ak tèt li): pitit la pa janm pap fe bel not non, ke Bondye toujou kenbel e gidel
📍 Chanm Marha – Silans la kase pa yon son telefòn
Marha chita sou kabann li, je l nan vid. Li pran telefòn li, li rele Lorenzo ak yon ti traka nan kè. Apre yon ti tan, telefòn nan sonnen, epi Lorenzo reponn.
Lorenzo (ak yon vwa dousman, tounen kè li t ap tann): Alo, Marha? Ki jan ou ye?"
Marha: Alo bby, ou mankem Lo
Lorenzo:ou mankem tou Mama, men se yon pasaj nou youn pat swete sa
**Marha (ak yon ti souf, ak yon ti kè sere):**
Marha: M regrèt anpil paske depi yè m pa t rele w. Se pa paske m te vle, men m pa t gen ase kouraj pou m pale avè w."
Lorenzo (sonje li byen, ak yon ti chalè): Pa gen pwoblèm, Marha. Mwen konprann. Sa pa fasil pou nou tou de."
Marha (vwa l tranble yon ti kras, men li ap eseye kenbe fòs li): M pa t vle deranje w. Epi mwen pa t konnen kisa m ta di. Men m te bezwen tande vwa w.
Lorenzo (ak yon ti souri nan vwa): M kontan ou rele m. Ou pa janm deranje m, ou konnen sa."
Marha (ak yon ti lapenn): Gen anpil bagay kap pase, Lolo, men m pap pale sou sa jodi a. Mwen jis vle ou konnen mwen la pou ou, menm si nou pa sou menm plas fizikman."
Lorenzo (ak yon ti rekonesans): Mèsi, Marha. Sa fè kè m chofe. Ou toujou yon gwo sipò pou mwen."
📍 Yo kontinye pale dousman, chak pawòl pote yon ti kalm nan kè yo malgre doulè a toujou la.
📍 Telefòn nan limyè fèb lanmè, de vwa ki chaje ak emosyon*
Marha ak Lorenzo ap pale dousman, men kè yo ap bat fò. Yo se de moun ki renmen youn lòt yon ti sansib nan pawòl yo.
Marha (ak yon ti tèm nan vwa, tankou yon mistè): Lolo, ou konnen depi premye jou m wew lkol la ,mwen santi te gen yon bagay ki pi fò pase tout lòt bagay."
Lorenzo (ak yon ti souf, kè l ap bat vit): Marha... m tande ou. M santi sa nan tout pawòl ou chak fwa nou pale. Men mwen vle tande ou di li."
Marha (ak plis kouraj, je l klere nan fènwa chanm nan): Mwen renmen ou, Lolo. Mwen renmen ou menm jan ou ye, avèk tout fòs ou ak feblès ou. Mwen vle toujou bò kote ou, menm lè tout bagay difisil."
Lorenzo (ak yon ti silans ki chaje emosyon, lè sa a li pran yon ti souf, li pale ak yon vwa ki tranble men serye): Marha, mwen renmen ou tou. Depi premye jou m te konnen ou, mwen te santi bagay espesyal sa pou ou. Ou se limyè nan fènwa m, menm nan moman ki pi difisil yo."
Marha (ak yon ti ri dou, kè l chaje ak chalè): Nou pap kite anyen kraze sa nou genyen. Menm si lavi ap fè nou konfwonte difikilte, mwen kwè nan nou."
Lorenzo (ak yon ti rekonesans nan vwa): M ap kenbe lanmou ou kòm fòs mwen. M ap toujou la pou ou, Marha. Pa janm doute sa."
Marha (douman): Mwen pap janm kite w. je t'aime."
📍 Silans cho pran plas apre pawòl yo, men lanmou yo klè tankou limyè lalin nan fènwa aswè a.
📍 Chanm Marha – Apèl telefòn, vwa Marha plen ak anvi ak doulè
Marha, apre li fin eksprime lanmou li, pran yon ti tan pou l pale de sa k nan kè li.
Marha (ak yon ti vwa ki tranble, men ki chaje ak anvi): Lolo, ou mankem anpil se wew pou ta wè kijan klas la ye kounye a... Mwen anvi wè tout kote ou ta dwe ye a, zanmi ou yo, menm jan nou te toujou reve ansanm.
Lorenzo (ak yon ti tristès, men ak yon ti konsole nan vwa li): Mwen menm tou, Marha... Mwen anvi sa tou. Men kounye a, mwen santi m pèdi, pa gen okenn repons, e m pa konnen si m ap retounen nan klas la."
Marha (fòme yon ti ri pou kenbe espwa, malgre lapenn): Mwen konnen sa difisil, men m vle kwè ke yon jou, n ap ka ansanm nan klas la ankò. N ap ka kanpe bò kote youn lòt, menm jan nou toujou te swete."
Lorenzo (vwa l ap fè yon ti bri, men li rekòmanse ak kouraj): M ap kenbe rèv sa a, Marha. Ou menm, ou ban mwen plis fòs chak fwa nou pale."
Marha (ak chalè): M ap toujou la, Lolo. Ou pap janm pou kont ou nan sa."
📍 Yon ti silans cho pran plas, lanmou yo ak espwa yo mare tankou yon bann limyè nan fènwa aswè a.
Lorenzo ap fin pale ak Marha sou telefòn, yon ti lapè santi l malgre tout traka. Pandan li ap reflechi, li tande yon tapay nan pòt la — yon frap ki dous men ki fè l leve je.
Lorenzo (kè l ap bat pi vit, li rele): Ki moun ki la svp?
Pòt la louvri, e manman l ap antre ak yon figi ki melanje ant kè kontan ak enkyetid.
Manmi Lorenzo (ak yon ti souri chaje emosyon): Lolo, gen yon moun ki vin wè ou. M pa konnen kijan pou m di w, men li enpòtan."
Lorenzo (leve kò l, avèk yon ti laperèz): Ki moun li ye, manmi?"
Manmi Lorenzo (ak yon ti respè): Se manman Ludenie. Li te di l pa t ka tann ankò pou li pa vin wè w. Li pote kèk nouvèl pou ou."
📍 Lorenzo kanpe, kè l ap bat fò, li pa t atann pou wè manman Ludenie nan moman sa a.
Lorenzo (douman): Manmi Ludenie… Mèsi paske w vin. M swete sa pa twò difisil."
Manmi Lorenzo (ak konfyans): Pa enkyete w, Lolo. Nou la pou ou. Ou pap janm pou kont ou nan batay sa a."
📍 Kay Lorenzo – Nan salon an, aswè trankil
Lorenzo chita ak manman Ludenie nan salon an. Julie, manman Lorenzo, ap tande tou, pandan li ofri bwason. Atmosfè a plen ak emosyon, men li pa gen tansyon. Se yon moman verite, respè ak espwa.
Manman Ludenie (dou, ak sansibilite): Lorenzo, mwen konnen li pa fasil pou w tande sa, men ou pa poukont ou. Ludenie pale anpil sou ou. M t ap bezwen w rakonte m verite sou sa k pase a… tout bagay."
Lorenzo (rale yon souf fon, je l bese): Mèsi, manman Ludenie. M ap rakonte w tout. Pa gen anyen pou m kache.
📍Lorenzo rakonte: depi egzamen yo te kòmanse, presyon an, jan yo te akize l pou kopi san prèv, kijan li te eseye defann tèt li. Jan yo te jete l san okenn tande, kijan li te santi l kraze. Li pale ak senserite, ak emosyon, men san wòl.
Manman Ludenie (gade l ak respè, je li mouye): Ou pa sanble ak yon jenn gason ki ta fè sa y ap akize w la. Mwen kwè ou, Lorenzo. M kwè nan jan ou pale, nan onètete ou. Sa fè kè m fè m mal pou ou.
Julie (manman Lorenzo, chita pre, ap siye je li): Mèsi anpil, madanm Bunnell. Mwen pa janm sispann kwè nan pitit mwen. Men m santi m san fòs, san mwayen… m pa t konnen si m ta ka fè plis."
Manman Ludenie (reprann pawòl, ap pale ak Julie): M t ap mande ou yon bagay. M konnen se pa fasil, men si ou dakò… ban mwen dosye Lorenzo a. M pral pale ak Direktè lekòl pitit fi mwen an. Mwen deja ouvè pòt la. Si tout bagay mache, li ka fini ane a menm kote ak Ludenie."
Julie (sere men Lorenzo, je li chaje): Ou vle di… ou ka ede l retounen lekòl? Fini ane a?"
Manman Ludenie (fèm men dous): Wi. Se pa yon garanti, men mwen pral fè tout sa ki posib. Mwen pap fè pwomès mwen pa ka kenbe, men mwen pap rete san m batay."
Lorenzo (je l wouj, men ak yon ti limyè espwa): M pa ka kwè sa. Mèsi… mèsi anpil. Se tankou m t ap kite tout bagay. Men pawòl ou yo ban mwen fos. M pa t janm panse yon moun ta ka mete tèt li pou mwen konsa."
Julie (ak anpil emosyon): M ap ba ou tout sa ou bezwen, madanm Bunnell. Tout fich, tout nòt, tout pyès. M ap mete yo ansanm depi jodi a."
Manman Ludenie (kanpe, mete men sou zepòl Lorenzo): Pa dekouraje, pitit mwen. Gen espwa toujou. Lè ou gen moun ki kwè nan ou, ou deja gen yon ti vantay sou lavi."
📍Yo tout rete yon ti moman an silans. Silans sa a pa lou — li chaje ak fòs, ak lespwa. Julie fè yon ti souf, al chèche dosye yo.
Madame Brunnell (manman Ludenie) kanpe ak dosye yo nan men li. Figi li klere ak satisfaksyon. Li gade Lorenzo ak Julie youn apre lòt, ak respè ak chalè.
Madame Brunnell (ak kè kontan, yon ti bri nan vwa li): Mèsi anpil, Julie… pou konfyans ou mete nan mwen. M ap pran tout sa yo al mete l sou biwo Direktè a demen maten. M ap defann sa ak tout kè mwen."
Julie pa ka kenbe emosyon l, li leve, li pran men Madame Brunnell.
Julie (ak je mouye, men kè rekonesan): Ou pa menm imajine sa ou fè jodi a. Se pa sèlman pou pitit mwen… men pou tout lafwa yon manman ka genyen pou pitit li. M ap toujou remesye ou."
Madame Brunnell (ri dousman, ak anpil senplisite): Nou se manman, Julie. Lè ou wè erè, ou pa chita. Ou leve pou defann sa ki jis. E Lorenzo merite sa."
Li vire bò kote Lorenzo, je l plen konpasyon.
Madame Brunnell (fèm men dous): Lorenzo, pitit mwen… pa dekouraje. M konnen ou santi w kraze, men se nan moman sa yo fòk ou leve. Pa kite move jou sa yo efase tout sa ou ye. Ou gen valè. Ou gen talan. E ou gen espwa."
Lorenzo chita, li pa pale ankò, men li sezi, kè l plen. Li mete men sou lestomak li, li respire fon. Li pa janm santi tèt li tèlman wè, tèlman soutni.
Lorenzo (ak yon vwa ki tranble, men plen rekonesans): M pa konn si m merite sa… men m ap batay. M pap lage. Mèsi, madan Brunnell."
Madame Brunnell (souri, mete men sou zepòl li): Se pa ou pou di si ou merite. Se lavi ki va montre sa. Ou gen anpil chapit devan ou. ou ka ekri yo pi bèl.
📍 Li mete dosye yo nan yon dosye envlop jòn, li fè yon ti soupi, epi li prepare pou sòti.
Jlie (l ap akonpaye li bò pòt): Mèsi ankò. Ou pa imajine sa ou pote lakay sa jodi a.
Madame Brunnell (tou senp, men ak fyète): Mwen pote sa mwen t ap swete yon lòt moun ta pote pou pitit pa mwen, si li te Lorenzo. Kenbe fòs, nou pap lage."
📍 Pòt la fèmen dousman. Lorenzo rete sou chèz li, je l louvri, men li gade pa lwen. Yon limyè espwa sou figi li.
li aprann sa?
📍 Kay Lorenzo – Aswè ap desann, apre vizit Madame Brunnell
Lorenzo toujou chita sou kanape a, tèt li chaje ak panse. Yon ti lespwa bouje nan kè l, men li poko totalman libere. Toujou ap reflechi sou lavni, li tande telefòn li sonnen.
📱 Apèl Antre – Amory
Lorenzo (souri yon ti jan, li pran apèl la): Amory, gran frè! Kijan w ye la?"
Amory (ak enèji, vwa l plen blag): Gade kòw wi, bro! Ou gentan vin zetwal lekòl la malgre ou pa menm la! Men ou toujou nan bouch tout moun!"
Lorenzo (ri dousman, men kè l sere): M ta pito mwen te nan lekòl la ke nan bouch tout moun. Bagay yo pa janm jan mwen ta swete."
Amory (ap fe blag, ak lanmou zanmi): M pa konn sa w ap di, men mwen sèten sa yo fè w se pi gwo erè lekòl la. M panse yo pè jan ou klere, frè m."
📍Lorenzo ri, men ou ka santi l pa totalman ladan l. Li santi lanmou a, men li ta renmen pi plis.
Lorenzo: M sonje klas la, frè. Sa fè m mal lè m imajine mwen pa la pandan n ap fè bri, pale, jwe, diskite ak prof yo…"
Amory (pi serye, men toujou kenbe ton pozitif): M konprann, bro. M sonje chita kote w te ye a, li sanble pa menm. Men, pa pè… ou pap rete deyò nèt. M santi gen bagay ki pral chanje."
📍Malgre Lorenzo ta renmen Amory di l pou fey yo ki te remèt, Amory chwazi pa antre la. Li kenbe sa pou tèt li.
Lorenzo (vle mande, men li ezite): Eh… yo te remèt fey egzamen yo deja?
Amory (fè yon ti silans, epi evite): Pa trò panse ak sa la, frè m. Konsantre w sou sa kap vini. Lè tan an rive, w ap konnen sa w bezwen konnen."
Lorenzo (pa ensiste, li fè yon ti soupi): M konprann. Mèsi paske ou toujou la, Amory."
Amory (souri nan telefòn lan): Gade sa wi! M pa ka lage w non. Lè ou tounen, n ap rale tout trofe, fè tout klas la kanpe djanm. Pa bliye, ou Lorenzo… pi rèd pase destin."
📍 Yo ri ansanm yon dènye fwa, menm si gen bagay ki pa di, men lanmou ak solidarite yo se toujou menm.
Lorenzo (douman): Mèsi frè m. N a pale pi ta."
Amory: Toujou. Kenbe fèm, gason!"
📱 Apèl la fini, Lorenzo gade plafon an, li reflechi. Li santi Amory ap kache yon bagay, men li pa fache. Li gen twòp pou l pote deja. Men li sezi jan tout moun bò kote l kòmanse mete limyè nan fènwa li.*
📍 Kay Ludenie – Aswè, apeprè 7h
Manman Ludenie, Madame Brunnell, fenk rive lakay li. Li ouvè pòt la ak yon ti soupi, men ak kè limenm plen satisfaksyon. Li tounen soti lakay Lorenzo, kote li te pran dosye Lorenzo pou l mennen lekòl demen.
Ludenie, ki te rete lakay li tout apremidi a, ap tann manman li ak anpil enkyetid ak espwa.
Ludenie (kouri soti nan salon, je l briye, l lage tèt li sou manman li): Manmi! Manmi! Ou wè Lorenzo? Ou pale avè l vre?! Di mwen ou pa t bliye sa tanpri!"
Madame Brunnell (souri, pran pitit fi li nan bra li): ... mwen pa t bliye. M al wè li, m chita avè l, m pale avè li. M pran dosye l, e demen m ap mennen yo bay Direktè Baptiste."
Ludenie (eksplose ak kè kontan, li bo manman li san konte): Mèsiiii manmiiiii! 😭😭😭 M renmen w twòp! M renmen w plis pase tout bagay! M ta bo w mil fwa si m te kapab!"
Li kontinye bo manman li sou figi, sou frè, sou zepòl—tankou yon timoun ki sot sove yon moun li renmen anpil.
Madame Brunnell (ri dousman, kenbe tèt Ludenie ak lanmou): Tifi sa… ou fenk gentan fè m santi m tankou yon ewo!"
Ludenie (toujou ap ri, ak dlo nan je): Men ou se ewo mwen, manmi. Ou pral sove ane lkol Lorenzo. Ou sove tout kè mwen!
📍 Yo chita sou sofa a, Ludenie mete tèt li sou janm manman li. Yo rete konsa an silans pou kèk segond, jis ap respire, jis ap santi chalè moman an.
Madame Brunnell (douman): Lorenzo se pa yon timoun fasil pou bliye, Lude. Mwen wè nan je l doulè, men mwen wè espwa tou. M panse ou fè l kenbe tèt. M panse ou se limyè li nan tout sa."
Ludenie (ak yon vwa dous): Epi li se kè mwen. E si ou pa t ede, manmi... m pa konnen sa m ta fè. M ap toujou remèsye ou. Tout lavi mwen."
Madame Brunnell: Se sa manman la pou li. E ou menm, ou dwe pare pou kanpe avè l. Paske batay la poko fini. Men nou gentan ouvè baryè espwa a."
Ludenie (anndan tèt li): Lorenzo… mwen tou pre. M pap lage ou. M pap janm lage w."
📍 Lekòl Lorenzo – Mèkredi, 9h AM
📍Bureau Direktè Baptiste ,Madame Brunnell antre avèk klas li, on fason polie, papye Lorenzo yo nan men l. Li souke tèt li douvan direktè a avèk respè.
Madame Brunnell (ak aplomb): Bonjou Mesye Direktè. Jan nou te pale, mwen pote dosye Lorenzo yo la. Tout enfòmasyon ki nesesè ladan yo."
Direktè Baptiste (li pran dosye a, l ap tcheke l): Mèsi, Madanm Bunnell. M apresye dilijans ou. Men ou konnen jan sistèm lan ye: mwen pa ka pran yon elèv konsa san pwosedi.
Madame Brunnell (nòmal, men fòt): M konprann trè byen. Se poutèt sa m pote tout sa l genyen pou evalyasyon. M mande senpman pou w pran tan w gade l e si gen yon ti espwa, ouvri pòt pou li."
Direktè Baptiste (li fè yon ti soupi, men li rete ofisyèl): Menm jan m te di w, apre analiz, si nou wè elèv la kapab suiv kou , epi si pa gen okenn obstak ki grav nan dosye a, n ap kontakte paran li."
Madame Brunnell: Dakò. M pap prese nou. Men souple, si sa posib, bay timoun sa yon ti chans. M panse li merite l."
📍 Direktè a fè yon ti jès ak tèt li epi mete dosye a sou bò biwo a.
Direktè Baptiste: N ap revize tout bagay nan komite pedagoji demen. Mwen va rele paran elèv la pou konfimasyon si desizyon final lan pozitif."
Madame Brunnell (souri ak satisfaksyon): Mèsi anpil, Mesye Direktè. M swete tout sa mache.
📍 Madame Brunnell soti ak yon ti espwa nan kè l. Li tcheke telefòn li pou voye mesaj bay Julie.
📱 message whasapp Madame Brunnell → Julie
“Bonjou madanm Julie. Mwen depoze dosye Lorenzo a. Direktè a di l ap kontakte nou apre analiz. Kenbe espwa. ✨”
📍 Nan menm moman sa a, nan lòt lekòl la – Klas Marha, Amory, Ley, Linda ak Laura
Yon lòt pwofesè antre — Pwofesè Syans Sosyal — ak dènye fey egzamen yo.
---
Pwofesè a (ak ton ofisyèl): Men fey egzamen dènye yo. Pa bliye verifye yo byen. Tout sa nou te travay ladan parèt la."
Elèv yo ap pran fey yo youn apre lòt. Amory resevwa pou li menm ak Lorenzo.
Amory (douman, mete fey Lorenzo yo apa, epi li mete pa li nan sak li san bri):
"M pral pase fey Lorenzo yo bay Lorenzo pita... li merite konnen jan li te klere, malgre sa ki pase."
📍Men pesonn pa remake jan li okipe fey li yo an silans. Li toujou pa di pèsonn nòt li fè.
Linda (souri ak ti jalouzi pozitif): Marha, ou wè ankò? Ou toujou ap brilé! 100% an Bio , epi 89% nan sa Woy!"
Ley (souri ak lanmou): W ap mete presyon sou tout moun wi, men ou merite l. Ou travay."
Marha (modès, men fyer): se pa mwen se don medame M eseye. Men lespri m pa t la nèt pandan egzamen yo. Mwen pa menm ka konprann kijan m te reussi."
📍 Elèv yo kontinye pale, men fey Amory yo rete sekrè nan sak li. Li chwazi rete dèyè, kenbe distans li.
📍 Mèkredi midi – Lekòl Marha, Amory, Ley, Linda & Lorenzo (ansyen lekòl)
Yon atmosfè tansyon ap travèse klas la. Tout elèv yo ap sou chita dwat, je yo fiks sou pòt la. Se jodi a pwofesè **Matematik** la pral distribye fey egzamen yo.
Marha, ki abitye ak bon nòt li yo, rete trankil, men panse li chaje.
Amory kenbe figi l kalm, men li gen yon move santiman sou fey Lorenzo, sitou paske sa se egzamen kote yo te akize l.
Pwofesè Matematik la (rantre avèk fey yo nan men l): Bonjou klas. Men nòt matematik yo. Mwen swete sa ap ede nou konprann sa ki te mache… ak sa ki pa t mache."
Li kòmanse rele non elèv yo youn apre lòt.
Pwofesè a (frèt, lè li rive sou Lorenzo): Lorenzo ... absan. Nòt: 0."
Yon silans plen chaj travèse klas la.
Marha bese je l.
Amory fèmen je l, li souke tèt li.
Ley, Linda, Laura tou sezi, men pè di anyen.
Pwofesè a kontinye: Se konsa li ye. Si gen kopi oubyn absan, se 0 men raple te gen yon devwa ki te sou 20 li te fel sa fel fe 15%. Sa se règ lekòl la."
📍 Fèy yo fin distribye. Amory kenbe tout fey Lorenzo yo – tout lòt matyè l te reisi yo – men sa a, li mete l apa.
📍 Antretan… Kay Lorenzo – Apremidi 1h25 PM
Julie, manman Lorenzo, ap netwaye tab la. Lorenzo chita nan sal la, ap eseye li, men li pa konsantre.
📞 Rrr… Rrr… Rrr…– Yon apèl ap vini sou telefòn Julie.
Julie gade ekran an: “École Nouvelle Lumière”
(Se nouvo lekòl Ludenie an.)
Julie (nervye):
Lolo... se lekòl la k ap rele…"
Lorenzo (leve tèt li dousman):
Reponn manman... tanpri."
Julie reponn apèl la, li pale dousman, li di wi, li konfime li se manman elèv la, li koute... epi...
Wi... wi mesye... nou dakò pou n vini demen ak tout sa ki mande. Mèsi... mèsi anpil."
Julie koupe apèl la, je li plen dlo.
Lorenzo (ak tansyon): Yo di kisa…?"
Julie (souri): Yo di komite a fin gade dosye w. Yo vle resevwa nou demen pou finalize enskripsyon w…"
Lorenzo (je l klere): Ou serye manman?"
Julie pa reponn, li jis louvri bra li, Lorenzo mete tèt li ladan.
📍 Men sa pa fini…
📞 Rrr… Rrr… Rrr… – Yon lòt apèl ap vini.
Lorenzo gade telefòn li… **Non lekòl ansyen an ap parèt:**
Direction premye lekol Lorenzo te ladanl lan
Lorenzo (anndan tèt li): Poukisa ansyen lekòl la ap rele m?
Li gade Julie, li gade telefòn nan.
Julie: Ou gen dwa reponn. Men sonje, kèlkeswa sa yo di, ou gen deja yon pòt ki louvri."
Lorenzo pran telefòn nan, men li ezite pou reponn.
🕯️ Yon apèl ki kapab chanje tout bagay… men kiyès Lorenzo pral chwazi?
🎬 A SUIVRE…