08/08/2026
Pati #2 Lanmou pa toujou parèt sou chemen nou, epi relasyon ak moun ka chaje ak pyèj. Se poutèt sa, li enpòtan pou nou priye pou kè nou pa febli devan tantasyon.
Mini-seri Kè Brize rakonte istwa lanmou Bob te genyen pou mennaj li, Lovely. Malerezman, Lovely te kite anbisyon l mennen l twò lwen, san li pa t konnen ki konsekans sa t ap pote nan lavi li. Lè je l te fikse sou minis la, li te bliye jan lanmou t ap bouyi nan kè Bob pou li.
Istwa sa a montre reyalite anpil jèn k ap viv ann Ayiti, kote kèk moun ki gen pouvwa ak otorite konn pwofite feblès ak rèv yo san yo pa menm rann yo kont.
Gade Kè Brize, pataje l epi voye l bay yon zanmi, paske mini-seri sa a pote anpil leson sou lanmou, anbisyon, tantasyon ak konsekans move chwa