Radio Tele Ekilib

Radio Tele Ekilib Radio Tele Ekilib (RTE) se yon media ki gen misyon poul bay bon jan enfomasyon san fos kote e nan bon ti mamit!

10/16/2025

Komisè divizyonè Ereste Nestor, pran kòmand komisarya Senmak jounen mèkredi 15 oktòb 2025 lan, kote li ranplase komisè Jean Jude Chéry, ki te pase sèlman 3 mwa ak kèk jou nan tèt kòmandman polis la nan Balatibonit.

Nan yon entèvansyon kout, nouvo chèf awondisman an lanse apèl pou kolaborasyon tout sektè nan zòn nan.

Se Direktè Depatmantal Polis Latibonit la, Alex Pierre Louis, ki te prezide seremoni enstalasyon an, an prezans plizyè otorite lokal, tankou komisè gouvènman jiridiksyon Senmak la, Mèt Venson François, ak vis délégué awondisman an, Pérès Casséus.

Antretan, vil Senmak ap viv nan gwo enkyetid, sitwayen yo mande pou nouvo ekip la pa pèdi tan pou lanse operasyon kont gang Savyen an, ki pa sispann simen latwoublay nan ba rejyon an.

*RTE*,tèt klasman.

10/14/2025

Nan yon pwen pou Laprès jounen lendi 13 oktòb 2025 lan, jounalis yo nan vil Senmak, leve vwa yo pou denonse zak britalite kèk polisye inite UDMO, te fè sou jounalis Richard Dorcély
,nan kad egzèsis fonksyon li,kòm jounalis,sou lòd ajan Tchovilès Louis-Jeune, alyas Djas ,daprè enfòmsyon,pa afekte nan awondisman an.

Daprè temwayaj yo, nan sware dimanch 12 oktòb la, pandan final chanpyona Coupe Alens Myrtil sou Parc Levelt, polisye sa yo maspinen jounalis Richard Dorcély, ak koud pye, koud kòf fizi epi fèmen li nan gadavi komisarya Senmak.
Malgre Dorcély ,se reponsab kominikasyon chanpyona a, sa pat anpeche chèf siprèm yo te bat li nan espas la

Se gras ak entèvansyon rapid jounalis yo nan vil Senmak ki te anpeche Dorcély pase nwit la prizon.

Kòporasyon Près la nan ba rejyon an mande jistis ak reparasyon pou atak sa a, epi yo lanse alèt sou menas polisye Tchovilès Louis-jeune alyas Djas, kontinye ap fè sou jounalis la, selon enfòmasyon ki disponib yo.
Kòporasyon an,lage lavi responsab prensipal Richard Magazine, nan sou kont Tchovilès Louis-jeune ak lòt polisye konpayèl li yo,ki jounalis yo egzije ,pou idantifye epi mete yo epi mete a dispozisyon lajistis.
****
Profite abòne ak Radio Tele Ekilib

10/08/2025

REDRESEH denonse ouvèti lekòl la nan Balatibonit,pandan rejyon an anba men

10/08/2025

"Moun ki tap manifeste Senmak yè lendi a se vòlè yo ye..." CG Venson François

Komisè gouvènman jiridiksyon Senmak la, Mèt Venson François ,jounen 7 oktòb la, reyaji sou rimè kap sikile sou orijin panik ki te blayi sou vil Senmak lendi 6 oktòb 2025 lan.

Daprè chèf pakè Senmak la, se pa "otodefans Pon sondé" ki responsab zak brigangay ki te fèt nan vil Senmak jounen lendi 6 oktòb la, men pito “se de moun kap fè divèvsyon,se de moun kap fè fwit an avan,epi ki bezwen kreye panik,ki akonpanye de vòlè ki nan vil la, vòlè kap fè taksi moto tou,epi kap chache kreye panik, pou yo ka dechèpiye popilasyon an"
****

Profite abòne ak Radio Tele Ekilib

10/06/2025

Gwo panik nan vil Senmak, lendi 6 oktòb 2025 lan, moun ki sòti nan lokalite Pon Sondé,yo debake an chango nan site Nissage Saget a, nan lide pou fòse moun Senmak pote solidarite nan batay pou elimine gang Savyen an, ki pa sispann fè san koule nan ba rejyon an.

Yon sitiyasyon laperèz sou site a,kote paran ap kouri pasi pala al chache pitit yo lekòl,mache lage,se panik total.

Nan okazyon an, René Charles, yon militan ki soti Pon sondé, te pran lapawòl pou mete limyè sou manifestasyon britsoukou sa a,kòm alye Kowalisyon Jan Deni an, li reponn kesyon sou Kekenn, alyas Cha 2 pye ,ki se ansyen sòlda kowalisyon Jan deni an, ki daprè enfòmasyon yo, ta sove pou al mete tèt li ak gang Savyen yo.
****
Profite abòne ak Radio Tele Ekilib

09/29/2025

Jeff Xaviers anonse divès aktivite pral antreprann nan okazyon 18 novanm 2025 la kap make 4èm anivèsè òganizasyon sila nan

Kowòdonatè Konbit pou Sove Ayiti (KONSA), Mèt Jeff Xaviers jounen dimanch 28 septanm 2025 lan,anonse lansman yon seri aktivite ki pral make 4èm anivèsè egzistans òganizasyon an,ki fikse pou 18 novanm kap vini la.

Daprè sa li deklare, aktivite yo ap dewoule sòti 16 pou rive 18 novanm,e yap santre prensipalman sou kesyon pwojè nouvo konstitisyon an.

Nan sans sa a, KONSA envite tout sektè ak tout sitwayen pou yo vin di pawòl pa yo epi patisipe nan dyalòg sa a, ki konsène avni peyi a.
***
Profite abòne ak Radio Tele Ekilib

09/26/2025

Ayiti | Gonayiv

"Se pa yon inosan ki tonbe..." deklarasyon Strovensky Jean Baptiste sou lanmò Wilford Ferdinand alyas Tiwil nan Gonayiv

Pòt pawòl (KONSA) Konbit pou Sove Ayiti a,Mèt Strovensky Jean Baptiste (Dooby) sòti nan silans li,fè plizyè deklarasyon chòk nan mikwo laprès,jounen madi 23 septanm 2025 lan.

Avoka Bawo Senmak la,lonje dwèt jouda li tout longè,sou kominote entènasyonal la,li site non anbasad etranje,nan tèt kole ak klas politik la nan peyi d'Ayiti ki mete ansanm pou kraze peyi a

Yon lòt bò,Mèt Strovensky Jean Baptiste,pa kache kòman li pa kontan,pou jan li di,li wè wo kòmandman Police Nationale d'Haiti - PNH la,ap trete dosye Direktè Depatmantal Polis Latibonit la,Komisè divizyonè Jacques Ader, ak moun katye Raboto yo nan Gonayiv. Daprè Mèt Dooby, Wilford Ferdinand alyas Tiwil, ki te tonbe anba bal lapolis jou ki te 16 septanm pase a, nan site lendepans lan,pat twò katolik pase sa,san li pa jistifye fason ansyen manm Fon Rezistans Latibonit la tonbe a.
***
Profite abòne ak Radio Tele Ekilib

Plizyè moun soti blese nan yon sant detansyon ICE nan Dallas, Texas, Mèkredi 24 septanm anviron 3 moun ta blese aprè yon...
09/24/2025

Plizyè moun soti blese nan yon sant detansyon ICE nan Dallas, Texas,

Mèkredi 24 septanm anviron 3 moun ta blese aprè yon tire nan yon sant ICE nan Dallas daprè sa fè konnen.

Yon enfòmasyon ki konfime pa Sekretè Sekirite Entèn Etazini an, Kristi Noem, sou rezo sosyal yo kote li di "Detay yo poko klè, men nou ka konfime ke plizyè moun te blese epi mouri. Moun ki te tire a te tire tèt li"
***
Profite abòne ak Radio Tele Ekilib

Ajan imigrasyon federal yo arete Dimitri Vorbe jodi madi 23 septanm 2025 la selon sa AP rapòte.Dapre jounal la, Vorbe  t...
09/24/2025

Ajan imigrasyon federal yo arete Dimitri Vorbe jodi madi 23 septanm 2025 la selon sa AP rapòte.

Dapre jounal la, Vorbe te nan Sant Pwosesis Krome North nan Miami. Li poko klè poukisa yo aretel e ki kalite akizasyon li gen sou dol.

Pou kounya pako gen enfomasyon ki soti sou sit entènet tribinal nan Eta Floride (Etazini) ki revele yon kelkonk akizasyon fòmèl.

Dimitri Vorbe se yonn nan biznismann ki pi puisan ann Ayiti e dènye figi elit ki soti nan peyi Karayib la ki anba presyon ki nan detansyon sou tè ameriken an.

Nap raple ke arestasyon Dimitri Vorbe rive de mwa apre ajan ICE nan Florid te arete Reginald Boulos, yon biznismann, doktè, ak ansyen kandida prezidansyèl Ayisyen. Otorite yo akize l de sipòte gang vyolan ann Ayiti, ke gouvènman ameriken an konsidere kòm gwoup teworis.
****
Profite ak Radio Tele Ekilib

09/21/2025

Ayiti | Ensekirite : S.O.S pou Lestè

Plizyè kay boule byen bonè Dimanche 21 septanm sila nan lokalite Kapeyen nan komin Lestè, depatman Latibonit.
Enfòmasyon yo ta vle fè kwè se ta bandi "Kokorat san ras" yo ki ta ala baz de atake sila .

Nap raple plizyè group ame ap opere nan depatman sila kote yo atake e boule komisarya san yo pa jwenn trop gro rezistans Leta.
****
Profite abòne ak Radio Tele Ekilib

09/19/2025

Senmak | Ensekirite

Venson François deklare: "Senmak nan batay"

Komisè Gouvènman jiridiksyon Senmak la, Mèt Venson François, anonse vandredi 19 septanm 2025 lan, apati semèn kap vini an,li pral pran mezi estrik kont tout chofè moto oswa lòt moun ki mele ak gang epi kap simaye fo rimè nan vil la.

Li denonse moun kap fè kouri vye nouvèl,komkwa bandi pral anvayi Senmak,nan lide pou yo kreye panik epi pwofite vòlè byen sitwayen pèzib yo.

Chèf Pakè Senmak la, lanse yon avètisman klè pou tout moun ki ta gen entansyon twouble lapè piblik la,e li fè konnen lajistis pa pral tolere zak konsa.

Li mande popilasyon an pou kontinye kolabore ak otorite yo epi bay enfòmasyon serye ki ka ede nan pwoteksyon kominote a.
"Senmak nan batay".
***
Profite abone ak Radio Tele Ekilib

09/18/2025

Anviwon yon dizèn moun pèdi lavi yo epi plizyè lòt sòti blese grav nan yon terib aksidan sanglan,lendi 17 septanm 2025 lan,sou
wout nasyonal #1 an, tou prè sou komisarya Fresino, nan rantre sid vil Senmak,zòn janton.

Daprè enfòmasyon ki disponib yo,aksidan an fèt lè yon kamyon trelè ki tap sòti nan direksyon Pòtoprens,fè kolizyon ak yon kamyonèt ki te pote pasajè soti Senmak ki prale Monwi.
Chòk la te vyolan e omwen 7 moun pèdi lavi sou plas,tandiske blese yo te transpòte al pran swen ijans .

Jij titilè tribinal pou lapè Senmak la, Mèt Fanel's Philius Michel, fè konsta legal yo epi bay otorizasyon pou leve kadav yo,mete nan mòg

Sitiyasyon sa a montre nesesite pou otorite yo pran bon jan mezi mete kontwole sikilasyon sou wout yo,pou pwoteje popilasyon an kont dram konsa.

***
Profite abone ak Radio Tele Ekilib

Address

5832 Opportunity Cir
Naples, FL
34120

Telephone

+12398785039

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Radio Tele Ekilib posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Radio Tele Ekilib:

Share