Tinouvel

Tinouvel Misyon nou se enfome ,fome nou pou nou kapab koman oryante chwasosyo politik ak ekonomik yo.Tinouve

08/15/2025

🇷🇺🇺🇸 Minis Afè Etranjè Larisi a, Sergei Lavrov, rive nan Alaska pou kòmanse chita pale ak Etazini. Li te gen yon chanday manch long ak "USSR" sou li an lèt fonse, yon chwa rad ki pa t pase inapèsi.
TiNouvèl /BRICS

Etazini inkilpe chèf gang Ayiti a "Barbecue," epi li ofri yon rekonpans 5 milyon dola pou moun  ki kaptire l. Jimmy Chér...
08/12/2025

Etazini inkilpe chèf gang Ayiti a "Barbecue," epi li ofri yon rekonpans 5 milyon dola pou moun ki kaptire l. Jimmy Chérizier, alyas "Barbecue" ki gen 48 an, se youn nan lidè kowalisyon gang Viv Ansanm . Ane pase, Viv ansanm te responsab lanmò plis pase 5,600 moun, e deja ane sa a chif la depase 3,000, dapre Nasyonzini.

Evèk emerit Dyosèz Jérémie a, Monseyè Joseph W***y Romélus, mouri maten an.Monseyè Joseph W***y Romélus, Evèk emerit Dyo...
08/12/2025

Evèk emerit Dyosèz Jérémie a, Monseyè Joseph W***y Romélus, mouri maten an.
Monseyè Joseph W***y Romélus, Evèk emerit Dyosèz Jérémie , mouri maten an a 7:30 a.m., li kite dèyè yon eritaj espirityèl ak imen ki pa gen pri. Li te toujou devan nan batay pou demokrasi .

Abe Boursiquot Rodny, 26 an, yon seminaris nan Achidyosèz Pòtoprens, mouri samdi 9 out sa a, apre li te touye tèt li nan...
08/11/2025

Abe Boursiquot Rodny, 26 an, yon seminaris nan Achidyosèz Pòtoprens, mouri samdi 9 out sa a, apre li te touye tèt li nan lakou legliz Sen-Pyè nan Pétion-Ville. Dapre plizyè temwen, jèn gason an te lage kò l nan yon fenèt. Jiska prezan yo pa konn rezon li ta lage tèt anba.

Balon dò 2025: Melchie Dumornay nomine, yon premye pou AyitiJwè entènasyonal ayisyèn Melchie Daëlle Dumornay (21 an) nan...
08/09/2025

Balon dò 2025: Melchie Dumornay nomine, yon premye pou Ayiti
Jwè entènasyonal ayisyèn Melchie Daëlle Dumornay (21 an) nan OL Lyonnes, pami 30 jwè yo nomen pou Balon dò 2025 la, rezilta anonse pou 22 septanm nan, li fèk ekri yon nouvo paj nan liv listwa foutbòl ayisyèn .Felisitasyon

Prezidan Donald Trump  anonse vandredi 8 out Ameni ak Azerbaydjan angaje yo pou tabli lapè pèmanan,louvri relasyon komès...
08/09/2025

Prezidan Donald Trump anonse vandredi 8 out Ameni ak Azerbaydjan angaje yo pou tabli lapè pèmanan,louvri relasyon komèsyal diplomatik epi respekte souverènte entegrite teritoryal chak peyi nan reyinyon nen Mezon Blanch ak 2 lidè Sid Kokaz yo, ki nan lagè depi plizyè dizèn ane.

IKRÈN - Anvan reyinyon 15 out Trump-Putin nan Alaska a, Zelensky pa kontan e voye  yon avètisman klè samdi 9 out la :kon...
08/09/2025

IKRÈN - Anvan reyinyon 15 out Trump-Putin nan Alaska a, Zelensky pa kontan e voye yon avètisman klè samdi 9 out la :kont tout "desizyon ki ta pran san Ikrèn".
Prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelensky pa t patisipe nan reyinyon sa a di desizyon sa yo t ap kont lapè

Address

Laurelton, NY

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Tinouvel posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Tinouvel:

Share