QueQue Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from QueQue, Gaming Video Creator, New York, NY.

01/03/2026

7 jiyè 2021 29 janvye 2004

De pi gwo imilyasyon m viv ki fem santi m pa anyen. Depiw pa pran responsablite lakay ou yap imilye w.

01/01/2026

December 1st 2026 United States of America 🇺🇸.
Manathan New York.
Happy new year my friends 🧡.

12/31/2025

Eske paske Carel oubyen yon ayisyen gen yon viza DP mw oblije rayi l pou sa? US CND F se kek peyi ou paka jwenn viza yo nan rakèt si yo gen viza sa yo genyen l legal li pa dwe ranje ni de ranje m.
Okontrè m ta dwe kontan yon ayisyen anplis ki gen yon minimòm.
Antouka.

Gen yon dam majè Mexicanamerican nan travay mwen nou gen yon bon relasyon zanmitay, li nan 60 ane a kontinye li dim li p...
12/31/2025

Gen yon dam majè Mexicanamerican nan travay mwen nou gen yon bon relasyon zanmitay, li nan 60 ane a kontinye li dim li panse vann kay li poul al viv nan yon peyi kote lap depanse mwens epi gen yon biznis m te konseye l san dout pou ale repiblik dominiken, paske m knen se yon peyi stab ak yon ekonomi kap grandi.
Li dim li vle pale kreyol, m dil retire sa nan panse l e li met 15 ans aprè se pi move desizyon lap ka pran nan vi l sil ta deside fè sa, paske nou tèlman se yon pèp san edikasyon ayisyen ap gen pou tèlman derespekte l lap gen pou regrèt tt vi li.

Map imajine dam sa ki se madanm ou mnaj Carel la si manzè tradwi kòmantè oubyen li pale kreyol kman lap viv?
E si moun sa yo te chyen tankou ayisyen yo tap aji menm jan ak nou reponn kòmantè di btiz tou, men se sel nou ki chyen nan karayib la nou pap jwenn moun reyaji menm jan ak nou.
Se tande m tande moun gen pitit ki pa fet ayiti wap montre l pale kreyol kilti sesi sela, vye nasyon sa depiw gen aksè a separe de li se separe jiska lamò se sèl fason pou w viv byen.
Yon nasyon chyen a 2 pye.

Tout moun nwa kap viv nan peyi moun nwa kap fè yon bagay byen yon bagay zye tt moun kale sou li lavi l tj fini mal e se ...
12/30/2025

Tout moun nwa kap viv nan peyi moun nwa kap fè yon bagay byen yon bagay zye tt moun kale sou li lavi l tj fini mal e se yon nwa ki tj dèyè lanmò li menmsi blan an kontribye.
Lè nap gade Pele se youn nan nwa ki fè sa oken moun poko janm fè e ka pa janm fe nan football msye mouri nan laj maladi kò li touye li nomal.

Pandan Bob Marley gen bagay m paka di tt moun knen e siw pa knen fè rechech msye pèdi vi li.

Lucky Dube yon pwofèt Afriken yon nèg yo asesine an 2007 jodi a si msye te la mizik msye tap top, ebyen pwop frè Afriken trible li.
Sak fem pran nèg sa yo kom se yo ki te pi popilè.

Tt prezidan ayisyen ki goumen oubyen ki vle chanjman pou ayiti ayisyen mete tèt ak tt S A M yo retire lavi l, tt prezidan nèt.

Tout ansyen prezidan revolisyonè nwa ki goumen pou byen moun nwa menm moun nwa fè konplo retire lavi l ankò menmsi gen yon men ki voye yo men se moun nwa ki egzekite l.

Al gade istwa tt moun nwa nèt ki te goumen pou yon bagay pozitif pou moun nwa kman lavi yo fini e kiyès ki trayi yo.

E sa gen poul kontinye repete jis Jezi vini paske se pwoblèm edikasyon ki fè jodi a tt sak pa bon ki egziste se nwa ki top 1 an.
Povrete; nwa.
Salop; nwa.
San edikasyon; nwa.

Tt sak pa bon ki deranje mone lan se nwa ki plis.

Si wap chèche peyi pi pov yon peyi nwa e siw fè lis 10 nan 10 yo wap jwnn 8 peyi nwa pi piti.

Depi se sak pa bon, nwa se #1.

😃 Map imajine lavi m États-Unis etanke Trader, jodi a mwen fin Trader nan XAUUSD mw fè yon pwofi de 2,998.16 US nan yon ...
12/29/2025

😃 Map imajine lavi m États-Unis etanke Trader, jodi a mwen fin Trader nan XAUUSD mw fè yon pwofi de 2,998.16 US nan yon senp Trade, epim rele 2 patnè mizisyen nou jwe mizik aprè m fe yon 15 minit dòmi m reveye mwen gade yon ti fim konba mwen pa jwenn anyen ankò poum fè m bwè byè dòmi pa vle vin nan zye m😃.
Map lage imaj pwofi a nan kòmantè a.
Finalman si m teka vwayaje chak semèn m tap pase vakans nan yon peyi oubyen yon state diferan, men non sèlman m paka kite peyi a epi nèg blanch yo ap mare moun nan airport.

Mw oblije kite peyi a poum lib wi😃.
Mw pa itilize telefòn anyen oken rezo jis poum anpè pa fwa m santi fok m ta jwenn yon toksik ki pou ap pale anpil nan tèt mwen, men lè m dil m paka sipòte pale a li ta dwe silans paske pale anpil fè tansyon m monte 4mil/1milyon.


Kek jou oubyen mwa m oblije di US babay wi, m bzwen lib vwayaje manje domi pale anpil ak pitit mw fem pale anpil ba yo zoklo 😃😃.

🛑 M pa fanatik ni zanmi ni pou li ni kont Carel. Nou wè lè jan de bagay sa yo pase kwak ou fanatik ou pa depiw se ayisye...
12/26/2025

🛑 M pa fanatik ni zanmi ni pou li ni kont Carel.

Nou wè lè jan de bagay sa yo pase kwak ou fanatik ou pa depiw se ayisyen li desann valè w tou, menmsi w te èdmi msye.
Kisa ki koz?
Carel se yon figi piblik ki reprezante ayiti nan plis ke 10 gran seremoni nan gran peyi la France Canadá États-Unis les Antilles anpil lot peyi.
E si wap chèche yon moun ka voye al pale pou ayiti nan kek domèn Carel se youn tou ou ka seleksyone san dout.
Siw pale mal de sak rive msye a sou oken fom se pa fi a wap defann vre se ògèy ou genyen kont siksè msye paske nan kilti nou tt moun ki ka manje otomatikman tt grangou rayi l.

M pa di wi ou nn msye gen dwa bay fi a kou oubyen li te ba fi a kou se pwoblèm fwaye l ak dwa la jistis, men si Carel pa epanye de sa ki pase la a imajine nou mw ak wou ki ka nèke ap kouri epi ki frape yon lot machin, menm bagay la ap rive nenpòt nan nou.

Jodi a map imajine si sa te rive ayiti yo tap arete Carel omwen menm vizaj li yo tap bare, lè w wè Carel ak yon chèn nan senti nan pye nan bwa li nan youn nan prizon pi imilye nan etazini an, nou oblije tris.

M pa zanmi Carel m pa fanatik msye men msye fè peyi m byen li fè nasyon m parèt bèl, se yon wont pou se konsa sa pase.

E jodi a si tt moun ki ka manje oubyen gen ti mwayen se etazini pou l al viv nou tt nèt kontribye nan sa, ni mw ni wou.
Nou refize aksepte rmen tt sa nou genyen ki bon men nou pito divize tout joure youn pou lot m gen enpresyon si rezo a te gen z4m nou tap touye youn lot menm jan bandi yo ap fel la, e se sak koz Jodi a tt ayisyen oblije al stab etazini canada la frans paske lakay pa stab e enstabilite a soti bo kote nou ki divize depi nan kòn lonbrit manman nou depi nan san nou.
Sa pap janm chanje e sa pap chanje.

Lè m ap prezidan Ayiti a.  #1Lekol ap fèt an kreyòl lang ap yon opsyon pou moun ki vle aprann, kwak ou konn li ou pa.Kon...
12/25/2025

Lè m ap prezidan Ayiti a. #1
Lekol ap fèt an kreyòl lang ap yon opsyon pou moun ki vle aprann, kwak ou konn li ou pa.

Konn dwa w etanke yon sitwayen lap yon fè nòmal e li dwe respekte.

Konstitisyon an oblije chanje ki ap an favè ayisyen dabò, ou pap oblije pase pa raketè pou jwenn sèvis leta yo, wap peye l an lin pran randevou sil le fo an lin peye an lin sanw pa bay oken moun kob kach ni pase pa yon raketè, e moun ki pa konn li yo? Yap al nan bank leta peye sèvis la an goud epi mete randevou si sa rekòmande selon sèvis la.
Tout vil ap oblije gen 3 a 4 mache piblik byen okipe selon gwosè li, egzanp okap gwo anpil.

Mol senikola, Answouj, Lazil, la Gonave la Torture, oblije vil touristik kote anpil bank ap ka gen batiman yo ak otèl, menm jan gen Chicago Manathan Miami Los Angeles nou menm tou nou ka genyen yo tou.

Ap oblije gen pi piti 10 agwonòm nan chak depatman nan peyi a pou akonpanye peyizan yo nan agrikilti elvaj ekstera, paske pou w se peyi omwen fok ou ka bay pèp ou manje men pou bal manje kman sa ap posib?

Si wap vwayaje nan yon vil pou al nan yon lot si w pa vle pran bus ou ka pran tren tou si w pa vle pran tren ou ka pran ti avyon tou, paske monte yon avyon pa janm liks vre, yo fè nou wè li liks poun ka tj aksepte l janl ye.

Oblije gen wout a 6 vwa soti nan yon vil pou al nan yon lot vil sitou konekte kapital peyi a, 3 monte 3 desann.
Wi li posib, yon kanpayi Brezilyen ka bay Ayiti sa sou mwens ke 2 ans pandan PAG ap peye l pandan 10 ou 15 ans depan.

Rete pou #2 pa bliye pos sa ap kontinye jiska 20 ans jis sa rive posib.

🛑foto sa yo oubyen pos sa a pa pou konparezon oubyen pou youn ou pou lot.Lwen de la.Map mande ayisyen sou rezo yo ki kri...
12/23/2025

🛑foto sa yo oubyen pos sa a pa pou konparezon oubyen pou youn ou pou lot.
Lwen de la.

Map mande ayisyen sou rezo yo ki kritè kisa yo wè nan yon moun pou yo di wi moun sa ka prezidan yon peyi?

Nan mwens ke yon ane nou pase de Claude Joseph Etzer Emil Jean Ernest Miskaden.

Pa gen kras pwoblèm yo se ayisyen tankou tt ayisyen yo ka dirije peyi yo depi se pèp la ki deside.
Men m tap anvi konen sou ki baz menm sou ki kritè nou jis chwazi yon moun poun di moun sa ka prezidan peyi a.

M sonje m te gen yon moun m te gen relasyon zanmitay ak li ki te vrè Fanatik Claude Joseph.Tt tan se aplodi Claude pou C...
12/23/2025

M sonje m te gen yon moun m te gen relasyon zanmitay ak li ki te vrè Fanatik Claude Joseph.
Tt tan se aplodi Claude pou Claude fè sendomeng respekte ayiti, etandone li se yon moun a nivo entelektyèl m dil zanmi pou peyi respekte w etanke pèp se pa Tweet sesi sela sou rezo kap fel respekte w, peyi ap respekte w le w ka bay pèp ou manje swen sante lopital gen wout sitwayen peyi sa ka woule yon vye machin yo ka domi nan yon vye kay, ebyen zanmi an tèlman te fache li edmi ak mwen pou sa, ki pat deranje m ditou.
Kek mwa pase m pa janm tande pale de ki rezilta Claude Joseph te jwenn nan Tweet li tap fè yo e sendomeng kontinye ap imilye nou e nou kontinye ap pèdi diyite nou etanke pèp.

M rete kwè si lekol te fet an kreyòl nou te konprann edikasyon nou te konprann anpil bagay nou teka yon lot pèp, paske lekol edikasyon ayisyen redwi ak pale fransè sèlman, depiw ka eksprime w an fransè otomatikman ou se yon moun fòme edike pou ayisyen e yo ka metew jwe nenpòt wol nan peyi a sèl pou sa e zafè rezilta a e yo pap wont tou aprè 5jou pou yo menm anko rele aba w anko..

Solisyon ayiti a posib men se pap ak jan edikasyon sa a, 98% ayisyen pa konn dwa yo, e 2% ki omwen konn dwa yo se paske yo pap viv ayiti e lè yo ayiti sak rele dwa a pa respekte ditou.

12/03/2025

Si w se yon selebrite yon moun piblik ayisyen ou ta manke fè yon ti erè nan pale oubyen ekri fransè 80% ayisyen ap ri w pase w nan jwet, paske se paske ou pa fòme ou pa al lekol ki koz ou paka pale fransè, menm 80% ayisyen sa yo ki pale fransè a siw mete yo yon kote pou kò yo ap viv wap jwenn youn ap joure lot youn ap touye lot.
Map mande tet mw kote menm edikasyon sa a ki fè yo konprann fransè se edikasyon an? Poukisa fransè sa paka ini yo?
Jodi a nan tt sektè gen divizyon mizik legliz vodou atis politik e le wap swiv pwofil moun sa yo ou wè chak ayisyen gen yon mond diferan andan kràn li sa vle di, si gen 2milyon ayisyen se 2 milyon mond li ye.
Si yo pa re manyen sistem edikasyon nou an petèt aprè 100 ans lòt jenerasyon kap vini an petèt a gen yon lot konpòtman se swa yo elimine nou etanke pèp oubyen yap re mete nou nan esklavaj.

Tt sa kap pase Jodi a se pwoblèm edikasyon e nou konfond edikasyon ak konn li oubyen al lekòl, lew gade 98% nèg ki pase nan tèt peyi a se entelektyèl nèg ki al lekòl se pandan menm 1% wout pa fet menm a 1% nou paka reponn ak yon ka emèjensi swa dife oubyen yon gwo aksidan oubyen operasyon, sak gen kob al sendomeng sak pa gen kòb tann mirak Bondye oubyen yo mouri.
Yo dwe edike nou.

E si m tap gen chwa nan re enkanasyon m m tap pito pa re enkane olye poum ta prezan sou tè sa a kom ayisyen.

Address

New York, NY

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when QueQue posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to QueQue:

Share